An repons a: Ann metrize ekriti kreyòl la! Gifrants te ekri a,
Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 20 Mas 2001 a 09:12:11:
Zanmi Gifrants,
Pozisyon w, se pozisyon moun ki vle reflechi sou yon pwoblèm. Tout moun k ap pwodui nan lang kreyòl la (nan tout domèn), se moun ki merite onè ak respè e se sa mwen vle ba yo, menm lè m pa ta dakò ak kèk bagay. Men sa p ap janm rive pou m pa dakò ak tout bagay yon moun ta pwodui an kreyòl. E okenn syantifik p ap janm fè sa. Mwen suiv deba sa yo de prè. M admire kouraj Vedrine, m koube m byen ba devan konesans Degraff, Saint-Fort, Gifrants ak tout lòt moun ki entèvni nan deba sa a ansanm ak kouraj yo.
Mwen vle fè w konnen sèlman, koze lasyans pa fèt pou okenn ras detèmine. Fenomèn lanati yon moun rive dekouvri anvan yon lòt kapab pote non premye moun ki dekouvri l la, men moun sa a pa fouti ta ka anpeche tout sa ki nan lanati santi fenomèn nan.
M pa kwè dekri sa Ayisyen di lè y ap pale ta gen anyen pou l wè ak sa blan ta vle. Okontrè, se distans nou pran ak jan anpil moun ta renmen kreyòl evolye, lè nou di n ap ekri sa moun k ap pale kreyòl di jan yo di l la. Si se lasyans n ap fè, nou pa ka di "men sa yon moun te vle di, lè li pale". Se pa ni devinèt, ni sipozisyon, ni santiman ki kòmande prensip obsèvasyon syantifik. Se REYALITE. M kontan ou di moun Jeremi di "neye". Men sou tèt 33 lane m genyen an, depi m konnen m ap pale kreyòl, se pa moun Jeremi sèlman m tande ki di "neye". Manman m ki soti nan Sidès e ki pale kreyòl sèlman di neye tou. E se sa yon syans lengwistik la pou l fè. Se obsève jan moun k ap pale lang lan di tèl pawòl epi kouche rezilta obsèvasyon sa yo sou papye. Nou pa gen dwa fè sa dapre jan nou ta renmen l.
Kreyòl peyizan an itilize sentaks lang kreyòl pèp ayisyen pale. Si se pa t sa, moun ki sot nan Plato santral te ka pa ka kominike ak moun ki sot Grandans. Gramè lang lan nan tèt moun ki pale l sèlman yo. E se gramè sa a ki pèmèt nou fè obsèvasyon yo. Se pa gramè pa kèk moun. Se gramè tout natif natal lang kreyòl. Yo pale l san yo pa ekri l. Si kèk save vle ekri gramè sa a, se pou y al chita anba bouch moun sa yo ou pale a. Chans pou mwen, m vwayaje anpil anndan pey i m. Manman m se abitan, papa m se abitan, madanm mwen se abitan. Mwen travay an pwovens ak abitan. M fèt Pòtoprens, men m pa ret chita la. M ka di w : si yon moun mete yon bagay dwòl m abitye tande yon lòt jan nan bouch yo, m ka di men jan yo menm yo di l.
Nou dwe ekri sa moun di. Lè Ayisyen ki ale lekòl di [siñal], konnen byen se franse l ap pale menm si l di w se kreyòl, lè li di spò, menm si l pa pwononse l menm jan Franse pwononse l, se pa kreyòl l ap pale pou sa. Paske moun ki pale kreyòl di espò.
Kesyon an se ki sa moun nan di. Se pa ki sa moun nan vle di.Mèsi pou pasyans ou.
Nikola