Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 20 Mas 2001 a 20:42:33:
Atansyon, lengwis yo.... Atansyon Vedrine... Atansyon tout moun ki enterese debat lang Kreyòl la:
Eske nou ta kapab ban mwen ak manm Fowòm Ayisyen an yon ti limyè sou sa Gifrants avèk mwen te diskite anrepons a mesaj "Yon denye pawòl anvan m al travay" Michel DeGraff te ekri. M ap chache entèprete pi byem ki règ nou ta fèt pou nou suiv nan ekriti sèten ekspresyon ou mo konpoze, tankou: "ann avan" ou "annavan", "ann ayè" ou "annayè", "ann atandan" ou "annatandan", "an repons" ou "anrepons", "an tou ka" ou "antouka", etc.
Mwen gen plis tandans ekri ekspresyon sa yo tankou yon sèl mo olye mwen dekonpoze yo, byen ke mwen pap (pap = pa ap = p ap ?) ekri "peyi Ayiti" paske se pa konsa Ayisyen di ekspresyon sa ditou. Mwen kontan ou eksplike baz lengwistik "ann Ayiti" ak "peyi d Ayiti", men mwen pa fin klè sou anpil lòt ekspresyon asavwa (a savwa?) si li jis pou nou gwoupe yo, osnon pou nou kite yo tout separe nan òtograf kreyòl la. Sa se yon koze ki pa senp ditou, e li ta bon pou nou fè yon bon ti chita sou sa san kalite demagoji nou opsèvè nan Fowòm Ayisyen an.
Nan diskisyon k ap fèt sou Fowòm lan, mwen wè Vedrine pèdi lakat nan mesaj ki te rele "Yon senp repons pou Hugues St.Fort" - ak - "...epi wè si yo envite n patisipe???" Se seryezman mwen anbarase ak atitid mwen wè li adopte nan mesaj sa yo, paske lò ou derespète moun, ou di yo se ti kou franse yo bay nan ti "community college", sa se manke gason dega. Atitid sa yo ban mwen plis pwoblèm anpil pase nenpòt ki deba lengwistik nou gen dwa genyen. Mwen respekte Vedrine anpil, paske se pa ni jodi a ni yè l kòmanse feraye nan lit la pou kreyòl la pran plas li merite nan peyi nou. Lengwis yo kapab gen tout kalite pwoblèm avèk Gramè Vedrine lan, men pa genyen anpil gason ki mennen lit la ak kouraj Vedrine. Men fòk mwen di Vedrine tou, monchè nan pwen rezon ditou pou ou derespekte yon lòt nèg konsa. Mwen pa wè okenn evidans, Vedrine, li te derespekte ou menm jan an.
Se bagay lang Kreyòl la k ap pale la. Ou maton nan lang lan, se nòmal pou defann tèt ou. Mwen wè DeGraf poze ou plizyè kesyon, ou pa janm reponn kesyon sa yo dirèkteman. Pou ki sa? E mwen wè tou, oumenm ou te poze lòt kesyon ba lengwis yo, e mwen wè yo pa janm reponn kesyon ou yo dirèkteman. Pou ki sa? Se yon bèl bagay difèt ke nou poze tout kesyon sa yo sou kreyòl la. Se yon bèl bagay anpil, ki gen tout enpòtans li. Men li ta pi itil toujou si nou te reponn tout kesyon ki te poze yo, san youn nan nou pa ridikilize lòt la.
Sa te fè m sonje anpil anpil eksperyans mwen te viv ann Ayiti kote yon Ayisyen derespekte yon lòt san rezon, epi batay mete pye. Nan yonn nan ka sa yo, yon sitwayen pèdi lavi li pou yon griyen dan. Nan de lòt ka mwen asiste ankò, yon sitwayen onorab resevwa michan kalòt ki fè tèt yo toudi pou yon griyen dan. Mwenmenm (mwen menm?) mwen soti viktim an de ou twa fwa pou dan griyen: yo te joure m "gwo soulye" tou paske mwen t ale nan yon ti boutik nan Bwa Vèna an 1975, epi mwen te lonje yon goud ba mèt magazen an pou yon bwòsadan (bwòs a dan?) , lò li te mande mwen 90 santim pou li. Li te fè gwo tenten avèk mwen deven tout moun nan magazen an, li joure mwen, li di se abitan gwo soulye mwen ye difèt ke li pa t di mwen 90 kòb, se 90 santim li te di mwen, kouman fè mwen pèmèt mwen lonje yon goud ba li. Lò mwen te kite peyi a an 1971, mwen te toujou konn achte bwòsadan Okap pou 50 kòb, degouden, kidonk lò mwen retounen an 1975, mwen te twouve sa nòmal pou mwen te peye apeprè yon goud pou yon bwòsadan. Mwen pa t janm panse yon moun te pral chache derespekte m piblikman pou yon ti erè konsa. Anplis, lò mwen t ap grandi Ayiti, kòb te egal ak santim, nou pa t janm fè diferans nan sa. Si nou te vle pale de lajan ameriken nou te toujou di "santim òr" (gold cents). Nou pa te di "santim lò" non, men nou te di klèman "santim òr" nan milye mwen t ap viv la, men kòm a lepòk se lajan ayisyen ki te lajan "officiel" e "officieux" peyi a tou, nou pa t gen twòp okazyon pou nou te pale ann "òr". Kidonk, kouman m te fè pou mwen konnen pou mwen te lonje yon dola ameriken ba nèg la, lò li te di mwen ke bwòsadan an se 90 santim li te ye? Monchè, mwen vale tout jouman yo, paske nèg la te genyen yon revolvè sou bò senti li. Mwen pa te pral pèdi lavi mwen pou tèt yon "bwòs a dan". Kòm fanmi mwen se moun Dondon, e byen mwen oblije konpòte mwen tankou egare Dondon.
Menm epòk sa tou, nèg yo te oblije mwen desann afro mwen, paske gouvènman pat renmen jenn gason gen anpil cheve nan tèt yo. Mwen te wè tou yon polisye ou yon tonton makout rete yon vwati ki te brile yon limyè wouj, epi li fè nèg la desann vit machin li, epi li fout li de bèl kalòt byen aplike (byenn aplike?) Mwen te konnen tou ka yon nèg ki t ap mache prese e san li pa fè espre li bouskile madanm yon chèf sou yon trotwa nan Pòtoprens ki toujou bizi. Madanm lan egzije pou li fè l egskiz. msye refize. Monchè, pou tèt sa msye pèdi la vli li. Sa se yon ka mwen konnen byen anpil.
Mwen ta kapab kontinye rakonte ou bagay sa yo, men mwen kwè nou tout Ayisyen viv ka sa yo tou. Ann Ayiti, nou pa tèlman aprann ke tout moun fèt pou respekte tout moun. Si w ap fè diskisyon, ou gen dwa pote agiman solid san youn pa joure lòt. Mwen kwè nan prensip fondamantal sa, paske Bondye te ban mwen sans pou mwen opsèvè peyi m lan byen. Si grann majorite Ayisyen te konprann byen e aplike sans mo RESPÈ a, nou ta evite anpil chagren ak anpil debwa.
Se yon ti limyè syantifik mwen te vini chache nan men w sou kesyon mo konpoze yo, ki pa klè ditou pou mwen, paske lè n ap ekri Kreyòl, gen anpil fason pou nou ta dekonpoze mo yo, men mwen pa kwè ke se konsa Ayisyen konsevwa mo sa yo nan tèt yo. Mwen panse ke anpil ekspresyon ki fèt ak plizyè mo nan lang franse, pa egzanp (e fòk nou sonje lang franse a gen yon enfliyans ekstraòdinè nan vokabilè lang Ayisyen an), mwen kwè gen kèk ti avantaj nan konbine ekspresyon sa yo nan yon sèl mo nan lang kreyòl la. Sa se opinyon yon amatè k ap lite tou pou lang peyi l la, se pa deba lengwistik mwen anvi fè ak pèsonn, mwen jis di nou sa mwen panse. Men kòm mwen pa ekspè, mwen p ap janm di you lòt: ou fèt pou ou ekri menm jan avèk mwen! (Osnon, ou fèt pou pale kreyòl la menm jan ak tout peyizan. Se pa "espò" mwen di, se "spò" mwen di, e mwen konprann mal pou yon lengwis vin di mwen se pa kreyòl m ap pale. Mwen pa di "Jezi", mwen di "Jezu", men mwen aksèpte ekri mo a kòm "Jezi" pou estandadize lang lan. Mwen pa di "ji grénadin" - se espre m fè mete aksan egi a sou mo grenadin lan pou mwen ilistre sa mwen vle di. Mwen toujou di "ju grenadin" (avèk pwononsyasyon fransèz la), men mwen aksèpte ekri "ji grenadin" san grate tèt, paske mwen ta renmen kreyòl la estandadize pou zafè alfabetizasyon an mache rapid rapid. Fanmi mwen se moun Dondon li ye, granparan mwen te soti nan klas peyizàn lan. Mwen retrase tout jenerasyon nan jenealoji mwen jis mwen rive sou yon esklav yo te rele Chikòt (Chicotte) ki te soti ann Afrik. Mwen pa konnen anyen de li, e poutan mwen santi m fyè de li. Men si jodi a, mwen pa pale egzakteman tankou tout lòt peyizan yo, nan pwen moun ki pou di mwen mwen pa pale kreyòl, osnon mwen pa konn pale kreyòl. Daprè sa mwen konnen tout Ayisyen pale Kreyòl, ke yo nan klas peyizàn lan, ke yo nan "middle class", ke yo nan "elite" la, ke po yo nwa, ke po yo jòn, ke po yo blanch. Se sa ki inifye nou kòm yon nasyon. Kididonk, nou pa fèt pou di ke si entèl di tèl bagay se pa kreyòl li pale. Pou mwenmenm wòl lengwis ak grameryen yo se fè anpil efò pou yo estandadize ekriti lang lan, pou tout Ayisyen resi vin ekri yon jou lang manman yo a, nan yon fason ki inifòm ase pou yonn k ap konprann lòt. Se la jwèt la ye. An nou jwe li, swivan règ jwèt la.
Men mwen fè anpil divèjans. Eskize mwen, epi wè ki sa nou ka di sou pawòl sa yo.
Mèsi.
- De twa ti koze, de twa ti kesyon E.W.Vedrine 21/3/2001
- De twa ti koze, de twa ti kesyon Padel 22/3/2001
- De twa ti koze, de twa ti kesyon Bouli 21/3/2001