De twa ti koze, de twa ti kesyon


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: De twa ti koze, de twa ti kesyon Guy S. Antoine te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 21 Mas 2001 a 09:29:52:

> Finalman, mwen te ekri tou ekspresyon sa "yon
> prensip byen aplike". Koute, mwen konnen
> pafe`tman, yon peyizan Ayisyen pa pral di: "yon
> prensip byen aplike". Men ave`k tout respe` ke
> mwen genyen pou peyizan Ayisyen, mwen panse fo`k
> nou adrese kouman yon moun fe`t pou li ekri
> kreyo`l la jan li abitye pale li.

Guy, Sa se yon pwoble`m ki egziste pou o`tograf
TOUT lang. E pa gen OKENN lang sou late` a ki
pe`me`t yon moun "ekri [lang li egzateman] jan li
abitye pale li".

TOUT lang gen varyasyon. Pa egzanp, ap gen
varyasyon selon ki lo`t lang moun lan pale. Men
nou pa ta vle pou yon oto`graf ofisye`l ta
konsidere tout varyasyon sa yo --- pa egzanp, nou
pa ta bezwen reprezante varyasyon ki vin tonbe nan
krey`ol soti dire`k nan franse. Tout siste`m
o`tograf chache adopte yon konvansyon kote se lang
MAJORITE moun pale ki vin jwenn reprezantasyon nan
o`tograf. E majorite moun ki pale kreyo`l pa
se`vi ak "laison obligatoire" ak lo`t re`g
fonolojik ki soti nan franse.

Pou lo`t kesyon an, mwen-menm mwen se`vi ak
"mwen-menm". Men ko`m o`tograf ofisye`l la, di
ti-tre` pa ogligatwa, nou ta ekri _mwen mwenm_
tou. An tou ka, "mwen" ak "menm" se de mo separe,
donk nou pa ta bezwen ekri "mwenmenm".

La anko`, gen gwo diskisyon ki deja fe`t sou
kalite pwoble`m sa yo nan ti liv mwen te deja
reko`mande yo:

_Ann aprann o`tograf kreyo`l la_ (Iv Dejan, 1986)
_Ann etidye lang nou an_ (Iv Dejan, 1986)

-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________




Repons sou sijè sa: