Kijan dyapora ap mobilize kont Konvèjans D. ki defann yon bòl diri ameriken pou chak manm olye kòz nasyonal peyi d Ayiti?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Kijan dyapora ap mobilize kont Konvèjans D. ki defann yon bòl diri ameriken pou chak manm olye kòz nasyonal peyi d Ayiti? Bouli te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 22 Mas 2001 a 21:25:03:

Bouli,

Lè Aristide te bezwen tounen se moun sa yo li t ale mete ajenou nan pye yo, donk Aristide pi pa moun toujou.

Dyemèsi, nèg k ap bati bèl kay nan jounen jodya pa Divalyeris; moun y-ap kenbe avèk gwo lajan sou yo, pa Divalyeris. Nèg k ap byen mennen pa Divalyeris. Kidonk apre Divalye vòlò, genyen yon lòt gwoup vòlò. E ki moun yo we dapre w?

Anba soutann sa, sa ki te sere?

Frè an we, limite tèt w si w vle, se dwa w. Litani ke m ap plede tande ke apre Aristide pa gen moun ankò, se parabòl djòlbòkyè. Kote Malval?

Si se pa Malval, Arisitide pa tounen o pouvwa. Gen moun pase Aristide lontan, frè an we! Mwen konnen gen anpil nan nou se ak movèz fwa ke nou antann ke peyi a dwe rete sou konpresyon Aristide. Pwiske nou abò, pa gen pwoblèm. Pinnga apre 5 an, mwen pa wè ti diplis pou e Ayiti e pèp Ayisyen. Nou pap wont pou nou di se zòt ki lakòz sa. Divalye te gen bon do. Kite m wè ki moun ka pray pote fado naka pou naka Lavalas la ap regle an Ayiti nan jounen jodya.



Repons sou sijè sa: