Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 23 Mas 2001 a 01:53:58:


Mwen te mande lengwis yo sou fowòn nan ti kesyon sa yo, e mwen remèsye Michel pou repons li yo, men mwen te espere twouve plis repons toujou (amwens ke tout lengwis yo genyen egzakteman menm opinyon avèk Michel):

I. "annatandan" vs. "ann atadan" (note byen "atandan" pa janm itilize li sèl li kòm yon mo an Kreyòl)

II. "mwenmenm" vs. "mwen menm" vs. "mwen-menm". Mwen wè repons DeGraff la, eske tout lengwis sou Fowòm nan dakò?

III. "yon prensip... ":

a) "byen aplike" (selon sa mwen santi Vedrine ta va rekòmande nou)

b) "byenn aplike" (e la, mwen gen enpresyon menm DeGraff pa p rekòmande sa, paske "byenn" pa sanble li katolik ditou ditou)

c) "bien appliqué" (nou prezève ekriti ekspresyon sa kòm yon ekspresyon franse, sètadi yon ekpresyon etranje ki fèt pou li rete nan règ lang provnans li an.

d) "byennaplike" (Nou fè l fè yon mo. Sa mwen deja konnen DeGraff prezante agiman lengwistik kont li).

DeGraff te reponn mwen sou sa, men mwen pa fin konprann repons la nèt, paske mwen stil pa konnen ki sa pou m ta fè pou mwen rezoud pwoblèm mwen te poze a. Eske repons lan, etandone ke "principe bien appliqué" se yon ekspresyon nan lang franse a, mwen pa gen dwa ekri li an kreyòl sou fòm yon dyalog, yon istwa, yon woman, elt. Si se vre nou nan gwo pwoblèm, paske mwen kwè nou tout eksprime yon pakèt nan ekspresyon etranje sa yo. Si nou pa gen okenn direktiv kouman pou nou ekri yo an kreyòl, se moun ki pale "kreyòl pur" sèlman ki va sove.

Tout sa mwen mande lengwis yo, se di nou kouman yo panse endividyèlman sou kesyon sa yo, menm si pa gen règ ofisyèl ki tabli sou yo, menm si pako genyen yon "consensus". Lan nenpòt ki rechèch syantifik, genyen plizyè ipotèz, plizyè teyori. Se sa ki pi fò a k ap siviv, kite lòt yo dèyè, men se pa nan silans okenn pwogrè fèt.

IV) Men yon lòt kesyon ki tou nèf, men k ap tripote mwen depi de jou? Kouman nou ekri "L'ennemi (fr.)" an kreyòl?

Si kreyòl te gen aksantegi, mwen ta ekri li kousa: "lénmi". Men etandone kreyòl la pa gen aksantegi, kilès nan apwoksimasyon sa yo ki pi akseptab:
a) lennmi
b) lènmi
c) le-nmi (nm??)
d) lenmi ("en" bay yon lòt son, donk chwa sa deja pa valab)

Nou gen dwa wè klèman ke pa gen youn nan chwa anlè yo ki reprezante son ki soti nan bouch nou daprè òtograf ofisyèl la. Ki sa nou di nan sa, msye lengwis yo? Fè m konnen, souple, pou mwen sispann reflechi sou sa.

Lamarin pa metye mwen. Mwen pa lengwis, mwen pa grameryen. Men mwen chaje ak kesyon.

Guy S. Antoine

P.S. Eske li pa lè pou yon Akademi Kreyòl ta vini kòm yon priyorite pou peyi nou? Mwen kwè sa wi. Men natirèlman, fòk nèg yo ta sispann goumen anvan.


Repons sou sijè sa: