An repons a: Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Guy S. Antoine te ekri a,
Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 23 Mas 2001 a 10:56:59:
Onè,Diskisyon an solid vre.
1) Osijè «bien appliqué», mwenmenm premye lide ki vin nan tèt mwen se:
Ki limit ki genyen nan itilizasyon ekspresyon franse nan Kreyòl la?
Li klè gen lòt fason pou di menm bagay la an kreyòl ki pap bay enkyetid sa a, tankou: byen chita, byen tabli, byen layite etc...
men, sa pa rezoud pwoblèm nan. Yon lòt ekzanp ekspresyon ki bay ezitasyon se: byen striktire osnon «byen estriktire»? Ojis, mwen kwè tout ezitasyon sa yo demontre nesesite pou nou genyen bonjan gramè ki tabli règleman sa yo, sou baz syantifik epi ki vin popilarize pou yo tonnen nòm tout moun ki konn ekri aprann sistematikman. Daprè mwenmenm outotan sa pa fèt nou rete nan espekilasyon epi chak ekspè ki wè bagay la diferan de yon lòt ap kontinye enfliyanse yon pati moun isit, yon pati laba.2) Osijè «lennmi» osnon «lènmi», mwen gen yon gwo fikilte ak eksplikasyon Michel DeGraff la. Paske, ekzanp (egzanp?) pànye a pa konparab ak «lenmi» ki daprè sa òtograf ofisyèl la di parèt kòm yon fòt òtograf. l + en+ mi pa bay ni lènmi, ni len+n+mi. Nan ekzanp Pànye, itilizasyon aksan fòs (à) la pèmèt nou diferansye ant p+an+ye epi pà+n+ye. Kidonk, nou ta bezwen yon aksan pou fè menm bagay la pou lènmmi. Malerezman, se pa tout moun ki pwononse l konsa. Li klè se son franse «é» ki sòti nan bouch anpil nan nou. Konsa tou gen moun ki di «l+en+n+mi». Kidonk, mwen pa wè okenn fason pou nou satisfè moun ki di lénmi yo, daprèzawa son sa a pa reprezante nan òtograf ofisyèl la. Kidonk, èske se pa yon konvansyon ki pou rezoud koze sa a:
Menmjan gen moun ki di Jezu menm nou toujou ekri Jezi. Nou kapab chwazi ekri lènmi osnon lennmi.3) «Annatandan» ? Anverite mwen bwè pwa! mwen pa konnen kisa pou m ekri. Mwen li tout kalite repons ki bay yo men jiskaprezan mwen pa wè klè non plis.
Kidonk, yon kote mwen apresye pozisyon lengwis yo ki vle analize son yo sou teren an pou etidye karakteristik lang na. men, anverite demokrasi sa a, ka ankouraje nou rete nan anachi pandan twò lontan. Mwen kwè li lè li tan pou nou gen kèk «bon» dik tatè byen fòme, ki antann yo, konplote ak pèp Ayisyen pou yo fè lang Kreyòl la mache èsès.
Danje ki genyen si nou pa fè sa, sèke blan franse sanlè fè li pou nou ak baz Kreyòl minoritè (Lagwadloup ak Matinik) epi noumenm ki gen majorite Kreyòl la lakay nou, nou va rete bèkèkè.
Pouki lengwis tankou DeGraff, Déjean, Vernet, Cadelly pa mete ansanm ak pwodiktè gramè osnon diksyonè tankou Vedrine ak Vilsaint pou yo bannou yon liv gramè ki kanpe djanm, sn kolestewòl?
Èske se yon pwopozisyon estipid kòmsi m ta mande Bazin, Aristide ak Mannigat pou yo patisipe nan yon sèl gouvèman?
Oudimwens...
Respè,Jaf
- Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Guy S. Antoine 23/3/2001
- Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Jafrikayiti 24/3/2001