Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 23 Mas 2001 a 13:47:21:
Mwen konnen gen bagay k ap toujou poze ti pwoblèm nan ekriti lang lan. Michèl te di sa. Gen yon bagay n ap toujou repete : se vre depi w se Ayisyen, ou pale kreyòl. Ki Ayisyen ki pa pale kreyòl ? Menm si se kèk lane nan vi li, li te fè ann Ayiti apre l te fèt. Men, Ayisyen ki enstwi yo gen enfliyans lang franse an premye, ak enfliyans kèk lòt lang. Enfliyans sa yo, se pa nan kesyon leksik (sa vle di mo ki nan lang). Tout mo ki ka suiv prensip pwononsiyasyon yon lang ak prensip òtograf lang lan kapab vin fè pati de leksik lang lan, si pa te deja gen lòt mo nan lang sa a pou dekri reyalite nou vle dekri a. Sitiyasyon sa a egziste sitou pou envansyon ki fèt ak lòt reyalite nou pa t gen anvan.Men, pwoblèm ak Ayisyen ki enstwi nan lòt lang ki pa kreyòl yo, se lè yo ta gen tandans bwote tout estrikti sentaksik lòt lang yo aprann nan mete nan lang kreyòl la. E se pa fòt a yo (mwen di fòt a yo, paske yon zanmi m ki moun Okap toujou di sa). Kon sa, sèl sovè nou, se obsève jan pi fò Ayisyen di pawòl sa yo (ni sa ki pa t janm al lekòl, ni sa ki te pase lekòl men ki pa twò maton nan franse ak lòt lang).
Mwen dakò ak Michèl pou di si pi fò moun ta di "byen aplike", tankou yo di "yon bon Ameriken", n a ekri l "byen aplike". Men si yo di "byenn aplike" tankou lè yo di yon "timoun ki byenn elve", nou ta ka ekri l ak byen(n). Men, la tou, m panse nou ta dwe fè yon ti konsiderasyon sou sa Gifrants ta rekòmande pou lè mo a prezante kon sa, menm jan tou ak pwopozisyon d) Guy S. Antoine (se pozisyon pa m, malgre jouskisi, myen ekri l an de mo, pou m respekte yon prensip ki jeneral).
"ann atandan yon bagay" pa menm sitiyasyon ak si nou ta di "annou fè tèl bagay" . [Annou (ann) se yon makè pou fòm enperativ premyè pèsonn pliryèl]. [Ann se fòm long pou an (ki parèt lè mo ki suiv li a kòmanse ak yon vwayèl] :
a)An pasan lavil Okap, m jwenn manman m malad.
b)Ann arivan nan peyi m, m jwenn anpil boulvès.Gen twa bagay la a :
1.Gifrants te pwopoze pou lè se yon vwayèl ki vin apre, nou ta kole mo a (annatandan).
2.Alen Deni te pwopoze pou se ta "ann" ki tounen "an" devan yon konsòn.
3.Vedrine te pwopoze pou se ta yon lyezon obligatwa ki fè "an" ta toujou gen yon sèl fòm.Pou nimewo 3. si nou ta gade pi pre, nou ta wè jan sistèm son kreyòl la prezante a, tout lyezon ant de mo franse kreyòl la kenbe ansanm tounen fòm fije. Se sa k fè nou gen zwazo, nepe, zile, zaboka, ze, eksetera. E dapre sistèm òtograf la (tout son nou tande parèt nan ekriti a), nou pa ka gen an avril, pou nou li an(n) avril.
Kon sa, rete nimewo 1 ak 2.
Mwen an balan ant toulede.
Men mwen wè si pou n ta adopte nimewo 1., nou ka ekri twòp gwoup mo kole si pou n ta ekri tout mo ki kòmanse ak yon vwayèl avèk "ann" devan yo kole. Lèfini, prensip ki ta vle pou n montre se yon deplasman sentaksik ki pèmèt nou gen menm estrikti a ta disparèt nèt :An Frans / Annayiti (pa t ap yon bon reyalite, paske fò n ta blije mete A majiskil nan Ayiti nan mitan mo a : men "AnnAyiti" pa lojik).
Sa t ap pi fasil ak :An panyòl / Annangle (men kounye a, fò n ta bay twòp detay pou n di lè se yon non komen ki kòmanse ak vwayèl la, nou ka kole l ak "ann").
Kounye a, rete nimewo 2.
Kote fòm long mo a se "ann", epi fòm kout li se "an" (devan yon mo ki kòmanse ak yon konsòn).
Ann alman, ann Almay, ann anglè, ann Angletè
An fransè, an Frans
An kreyòl, ann Ayiti.Pou "lènmi", "lennmi" oswa "lenmi", kòm ap toujou gen difikilte nan nenpòt ki òtograf, nou ka ekri de premye fòm yo. Tankou Michèl di li, gen panye (panyen) pa egzanp ki prezante pwoblèm sa a tou. Pafwa, se egzistans mo ki ka ede nou li l. Men nou ka toujou chwazi lòt fòm ki egziste, jan Guy Antoine montre sa, san nou pa peche nan òtograf la.
Pou mwen(menm), sa ka vin pi konplike lè nou pran yon pawòl tankou : "Mwenmenm menm ki fè sa ?" Michèl ekri li ak yon tirè men mwenmenm, m ekri l tankou lè m ekri limenm, yo menm...
Kon sa, m ka ekri : "Se limenm menm m te wè a" san m pa grate tèt mwen twòp [men, sa a se opinyon pa m].Se ti analiz sa a m rive fè, zanmi m yo. Nou ka gade si li kan pe oswa si li pa kanpe.
M ap di nou tout kenbe fèm.
Nikola