An repons a: Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Jafrikayiti te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 23 Mas 2001 a 15:07:36:
Monchè Jafrikayiti,
Mwen pa t mande chak lengwis yo parèt avèk lwa pa yo non. Mwen senpman mande pou yo bay opinyon yo, pou nou kapab egzamine sa yo di, pou noumenm tou nou kapab rive apresye lang lan pi byen. Pa fèt pou gen mistè nan lasyans. Sitiyasyon kote moun ap ekri kreyòl la avèk diferan sistèm òtograf la deja egziste deja. Se pa sou fowòm lan, nou pral envante sa. Iv Dejan dokimante sistèm li kwè ki pi bon an. DeGraff apiye menm sistèm sa. Roje Saven gen diferans avèk li, e poutan msye toujou ap bay bon jan bèt tou. Valdman etidye kreyòl Ayisyen, epi li dokimante òtograf la yon lòt jan. Epi gen lòt sistèm òtografik ankò. Se pa nan silans diferans sa yo pral rezoud, si y ap janm rezoud. Men menm si lengwis yo genyen diferan sistèm yo pwopoze, nou gen dwa aprann anpil bagay apati de agiman yo avanse lè y ap chache kore sistèm òtografik yo panse ki pi bon an. Dayè, mwen deja aprann anpil bagay sou deba ki fèt nan fowòm nan nan de semèn sa yo ki sot pase a.
Se pa noumenm k ap kreye konfizyon an, lò nou diskite merit tèl bagay oswa tèl lòt bagay. Mwen pa kwè konparezon ou fè la ant la demokrasi avèk diktati li byen chita sou teren sa. Michel, Vernet, Cadely, Dejean ta ka kreye yon lekòl si yo vle, men se yon dekrè gouvènman ayisyen an sèlman (osnon yon Akademi Kreyòl) ki ta kapab enpoze règ pou nou suiv nan sistèm edikasyon nasyonal nou an. Se pa paske nèg yo fò sèlman. Fòk yo ta gen otorite tou, e kilès ki pral ba yo otorite sa?
Toutan Ayisyen ap goumen nan lari Pò-o-Prens ou nan pwovens, toutan pèp la rete nan grangou akòz lavichè, toutan nou genyen enstabilite politik, estandadizasyon kreyòl la pa p janm yon priyorite pou gouvènman ayisyen an. Tout moun kapab konprann sa. E poutan, si te genyen lapè an Ayiti, epi nou ta va fòme yon Akademi Kreyòl, sa sèlman gen dwa kreye anpil opòtinite ekonomik: djob, pwomosyon entènasyonal pou lang kreyòl la, zouti sou entènèt la, pwodiksyon liv, pwodiksyon tout kalite dokiman, fòmasyon avanse pou monitè alfabetizasyon yo, elatriye. Lengwis ou site yo kapab jwe yon ròl nan mouvman sa. Yo prepare pou sa. Men mwen pa kwè ke a yo sèl, yo ka pran sa an men pou dikte tout règ a suiv yo, epi pou yo di "sa k pa kontan anbake". Nou bezwen ba yo bon jan otorite pou sa. Men eske sa vle di, annatandan sa fèt, nou pa gen dwa konnen sa y ap panse? Se ta domaj, paske mwen renmen aprann bèt nan men nèg sa yo, tankou mwen renmen aprann tout divèjans ki genyen nan istwa kouman tout dinozò yo te fè disparèt sou la tè a nan yon ti bout tan tou piti alòske se yo ki te wa sou latè pandan plizyè santèn de milyon d ane. Nan bagay sa genyen anpil divèjans, men mwen pa oblije tann tout syantis you dakò sou yon sèl vèsyon, anvan pou mwen chache konprann baz diskisyon ekspè yo ap mennen ant yo. Mwen kwè lò nou fè sa, menm si nou pa p janm rive satisfè tout moun, n a p kanmenm rive ekri kreyòl la nan yon fason ki pi rezonab, e tout moun ap gen dwa wè sa.
Donk, mwen pa kwè se deba sa yo k ap kreye okenn konfizyon, k ap kreye okenn divèjans. Divèjans yo egziste deja. Se pa demen yo pral rezoud malerezman. Men lò Michel DeGraff, Alen Deni, Nikola Andre, Hugues St. Fort, Lionel Hogu, Jozèf Profèt, Emmanuel Vedrine, ak lòt ankò ap debat rezon yo panse li ta pi jis pou nou adopte tèl sistèm oswa tèl lòt sistèm, monchè mwen kwè nou tout nou pwofite.
Epi nou menm ki pa ni lengwis ni grameryen ki patisipe nan deba a, tankou oumenm, Gifrants, Serge Bellegarde, ak lòt ankò pa panse ou pa pote yon kontribisyon tou ladann. Ou gen dwa di tèl bagay, epi sa kreye yon reyaksyon ant syantis lang yo, epi tèl avni ki te bloke vin debloke paske ou te louvri chan diskisyon sa. Donk nan pwen mal nan sa. Se lang lan k ap vanse pi devan.
Metodoloji lang lan pa sanble avèk metodoloji politik yo. Erezman tou papa!
Mwen remèsye tout lengwis ki pote limyè pou nou sou fowòm lan, epi m ap mande: kote lòt yo?
Repons sou sijè sa:
- Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Jafrikayiti 24/3/2001