An repons a: Yon apèl a tout lengwis kreyolis yo Guy S. Antoine te ekri a,
Hugues Saint-Fort afiche mesaj sa, jou 24 Mas 2001 a 11:20:55:
Kanmarad Guy Antoine,
Mwen kontan anpil li pak'et kesyon enteresan ou poze yo. M ap k'omanse av'ek d'enye kesyon ou soulve a: kreye yon Akademi krey'ol.
Anpil l'ot peyi te f'e fas (osnon kontinye ap f'e fas) a kalite pwobl'em Ayisyen ki pale krey'ol e ki ap ch'eche kodifye lang lan, f'e fas. Yo eseye rezoud li diferamman. An jeneral, peyi "laten" yo (Frans, Espay, Itali, peyi Amerik di Sid yo) mete sou pye kek Akademi pou yo kapab defini r'eg ki montre nou ki jan pou nou pale e ekri lang lan, osnon ki jan pou nou kenbe lang lan "pur". Peyi "anglo-saxon" yo (Anglete, Etazini) pa te telman cho d'ey'e lide sa a (kwake te genyen k'ek moun ki te apiye lide sa a: Jonathan Swift, lan komansman ane 1700 yo). Istwa peyi sa yo montre yon bagay ki seten: se pa Akademi ki ap rezoud pwobl'em pale e ekri yon lang. Se posib ke lan komansman travay kodifikasyon lang lan (gade egzanp peyi Lafrans lan 17e-18e syek, Anglet'e, v'e menm ep'ok la), gen k'ek kout gidon pou otorite(?) yo pran ki kapab ede moun ki ap ekri lang lan suiv yon seten direksyon, (apre tou,yon lang se yon fenom'en sosyal tou) men, "a long terme", Akademi p ap kapab kontwole evolisyon lang lan, paske fenom'en chanjman lengwistik se yon fenom'en ki genyen anpil koz. Epi, leta pa kapab kontwole li. Gade egzanp lang franse, kounye a lan peyi Lafrans. Ou kab konprann kounye a, ki kalite repons mwen ta kab ba ou sou kesyon ou poze sou "acceptability" 4 otograf ou pwopoze pou mo sa yo":
a)lenmi
b)l'enmi
c)le-nmi (nm??)
d)lenmi ("en" bay yon l'ot son, donk chwa sa[a] deja pa valab).
Guy, mwen kw'e Michel te di ou sa deja, lan youn lan mesaj li yo: otograf pa kapab reflete EGZAKTEMAN jan yon moun pale lang li pale a. Lang kretyen vivan pale chaje ak varyasyon. Tout sa nou kapab f'e se adopte yon konvansyon kote nou chwazi youn lan varyete ki disponib yo. Pou nou menm lengwis,le n ap reflechi sou pwobl'em otograf, youn lan lide ki gide nou se: otograf dwe baze sou lide ke genyen yon estrikti lengwistik ki d'ey'e lang n ap pale a. Donk, se estrikti sa a ki ap ede nou pwopoze yon sist'em otograf. Esplikasyon Michel te bay pou "mwen menm" (pa ekri li an yon s'el mo, ekri li an 2 mo, paske se 2 mo separe yo ye) montre sa byen. Sou pwoblem ekri ekivalan krey'ol mo angle "enemy", mwen ta dak'o chwazi "lenmi". Michel di se yon kesyon "anpirik" e mwen dak'o 100% ak li. Anpil Ayisyen pwononse ekivalan mo angle "enemy" a diferamman. Ta dwe genyen "rech'ech anpirik" ki f'et sou yon echantiyon ki reprezante popilasyon ayisyen an pou montre nou ki l'es ki pi anplwaye.
Pou mo krey'ol ki se ekivalan "Locution adverbiale" franse "en attendant", mwen ta ekri li k'om yon sel mo paske moun ki ap pale kreyol pa di "atandan", k'om yon sel mo."Locution adverbiale" sa a antre lan lang kreyol ayisyen, k'om yon "expression figee".
"byen aplike" se pi gwo pwobl'em mwen. Mwen elimine tousuit "byennaplike" ak "byenn aplike". Ou fe yon refleksyon ki enteresan anpil, anpil, le ou di: "Eske repons lan, etandone ke "principe bien appliqué" se yon ekspresyon nan lang franse a, mwen pa gen dwa ekri li an krey'ol sou f'om yon dyalog yon istwa, yon woman, elt. Si se vre, nou nan gwo pwoblem, paske mwen kwe nou tout eksprime yon paket nan ekspresyon etranje sa yo."
Se vre nou menm Ayisyen s'evi ak anpil mo franse. Men, fok nou fe yon diferans ant ki kalite mo franse Ayisyen itilize. Li sanble tout Ayisyen pa sevi ak tout kalite mo franse ki lan leksik franse a. Ayisyen frankof'on yo ap itilize mo ak ekspresyon ki pa disponib ditou pou Ayisyen ki konn pale kreyol selman. Se posib ke genyen mo ak ekspresyon franse ki p ap janm antre lan "vocabulaire actif" yon Ayisyen ki konn pale kreyol selman. Mwen panse "principe bien appliqué" se youn lan ka sa yo. Malerezman, n ap jwenn fraz kote "byen aplike" ap anplwaye tou tankou yon "syntagme verbal", tankou lan egzanp sa a: (Li byen aplike konsey yo...). Tout Ayisyen kapab enonse fraz sa a, e le sa a, nou retonbe lan menm pwoblem yo ank'o.
Guy, mwen we malgre ou di "Lamarin pa metye ou", ou konn poze kesyon ki k ap fe lengwis yo reflechi. Mwen felisite ou. Men, kom lengwis, mwen panse mwen ta fe ti refleksyon sa a avek ou anvan mwen ale. Se apwopo ekspresyon "kreyol pur" ou anplwaye. Nou menm lengwis, nou evite pale de "kreyol pur", "lang pur"..., paske sa ta vle di gen varyete ki siperye lot varyete. Sa ta vle di tou lengwis dwe pase lod sou tel ou tel varyete. Men, lengwis yo pa la pou sa. Youn lan wol nou, se obseve jan kretyen vivan pale lan tel ou tel sitiyasyon epi dekri fason sa a.
Fok mwen ale kounye a. N ap kenbe kontak.
Hugues Saint-Fort
Repons sou sijè sa: