Yon repons pou Hugues St. Fort e agiman pou Akademi Kreyòl la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 24 Mas 2001 a 15:45:48:


Monchè Hugues,

Mèsi anpil pou bèl entèvansyon ou sot fè la sou Fowòm lan. Te mwen di odepa ke lò mwen te site "kreyòl pur" la, mwen te fè sa nan yon manyè "satirik", paske mwen tou mwen pa kwè ditou ditou nan zafè "kreyòl pur" la. Dayè mwen te prezante agiman mwen kont nosyon sa deja. Mwen dakò sou prensip fondamantal sa: si n ap elabore yon sistèm òtografik, li fè sans pou nou baze li sou jan majorite pèp Ayisyen an pale kreyòl la. Animatè alfabetizasyon yo bezwen sa.

Estandadizasyon sa a va ede nenpòt ki sistèm pedagojik pou evite konfizyon initil lò n ap anseye moun ki pako konn ni li ni ekri aprann fè sa. E se pa peyizan Ayisyen sèlman sa pral ede non. Sa pral ede tout Ayisyen, paske lamajorite Ayisyen nan klas mwayèn lan e Ayisyen nan dyaspore a pako konnen ki jan pou yo ekri ni li kreyòl la. Se vre anpil nan yo gen movèz fwa, yo pa vle aprann li paske yo pa wè sa genyen okenn itilite pou yo. Infwa ke yo konnen aprann pale epi ekri franse oswa angle, yo di "voum pou kreyòl la". Sa se yon gwo pwoblèm nan sosyete nou an.

Men tou gen moun ki pa santi yo gen enèji pou yo aprann yon sistèm òtograf lò yo wè sistèm lan chanje detanzantan.

[Divèjans: detanzantan, de tan zan tan, de tanz an tan... monchè m ap tou pwofite di ou mwen kwè li ta pi bon pou nou kole mo yo nan anpil ekspresyon fije, olye nou dekonpoze yo... sa se tandans entelektyèl mwen, mwen konnen Michel DeGraff pa dakò avèk sa, e mwen respèkte Michel anpil. Michel se yon gran syantis lengwistik, men se avèk respè mwen ofri li ti rezistans sa a.

Mwen kontan wè ke avèk menm santiman de respè sa, ou divèje ak Michel tou sou kouman pou nou ta va ekri "annatandan". Ou-menm kòm syantis ou kapab eksprime agiman lengwistik la pi byen pase mwen, se pa domèn mwen sa, men tandans entelektyèl mwen se pou m ekri "annatandan", "detanzantan", elt. Men jou yon Akademi Kreyòl ta pwononse fòm ekri "annatandan" oswa "detanzantan" yo pa valab, monchè mwen p ap genyen okenn pwoblèm ditou pou mwen konfòme mwen.

Ou te di tou majorite pèp Ayisyen an siman p ap janm anplwaye ekspresyon "yon prensip ki byen aplike". Monchè, mwen dakò pou mwen ba ou rezon sou sa. Men mwen byen kontan tou ou te byen note ke se pa sou ekspresyon "prensip byen aplike" egzakteman agiman mwen an te baze. Se senpman yon ekzanp mwen t ap chache pou nou te diskite ekriti ekspresyon tankou "byen aplike", "byen elve", "byen apresye", elt. Se la lakesyon. Moun fè remak ke se pa konsa Ayisyen pale. Monchè, sa se radòt, paske anpil anpil Ayisyen pale konsa, menm si se yon ti minorite yo ye (nan pwen kontradiksyon nan sa mwen di la). Fòk nou panse a yon rezolisyon pou ka sa yo tou. Menm si li pa posib pou nou trouve rezolisyon nan 100 pou 100 nan ka sa yo, sa pa vle di nou pa sipoze fè yon efò entelektyèl pou nou ta kreye yon eskis, yon mach a swiv jeneral sou kesyon sa yo.

Dayè, mwen kontan wè anpil ke Michel DeGraff te panse fè sa, epi li bay opinyon li ke si majorite a ta di "byen-(n)-aplike" olye de "byen / aplike", li panse fòk nou ta ekri "byenn aplike". Se la ke tandans entelektyèl mwen divèje avèk pa Michel, byen ke mwen rekonèt konesans lengwistik mwen pa anyen ditou devan pa Michel. Michel di nou ta kapab ekri "ann atandan" oswa "byenn aplike". Pou mwen menm, mo "atandan" ak mo "byenn" yo kole nan gòjèt mwen tankou de zo pwason. Mwen pa santi mwen alèz avèk yo ditou. E mwen kontan wè ke ou-menm kòm lengwis, ou genyen menm difikilte avèk mwen, epi ou ta prefere ekri "annatandan", epi ou ta va elimine "byenn aplike" odepa. Divèjans sa ou genyen ak Michèl la kapab fè nou tou le de reflechi sou kesyon an plis pou nou wè si nou ta kapab rive nan yon rezolisyon ant de fason nou wè bagay sa.

Si se mwen sèl ki te wè sa konsa, monchè, moun pa ta bezwen okipe mwen, paske mwen pa kapab pote bon jan agiman lengwistik sou lakesyon.

Men gen anpil pwen kote Michel pote bon jan eklèsisman pou mwen, e mwen remèsye l anpil pou sa. Mwen pa t janm fin klè sou pwen sa: kijan pou mwen ekri "peyi d Ayiti". Monchè, sa te ban mwen anpil pwoblèm, paske varyasyon sa yo te vin nan tèt mwen: "peyi dAyiti", "peyi Dayiti", "peyi d'Ayiti". Men mwen pa te satisfè nèt avèk okenn nan konstriksyon sa yo. Vedrine te parèt ak yon lòt solisyon "peyi Ayiti" ki pa te fè sans pou mwen ditou, paske inilateralman li te elimine son "d" a nan ekspresyon an, alòs ke nou tout konnen pa gen okenn Ayisyen ki di "peyi Ayiti".

Lò Michel (ak Dejean) ofri "peyi d Ayiti", monchè sa elimine tout konfizyon mwen te genyen sou lakesyon. Men si Vedrine pa te parèt ak solisyon li an, byen ke mwen pa konsidere solisyon li an valab, mwen t ap toujou nan konfizyon, paske mwen pa gen resous Michel mande nou tout pou nou li yo. Epi se pa tout moun ki gen tan li liv lengwistik. Men lò yon moun prezante opinyon pa li onèteman sou Fowòm Ayisyen an, monchè, sa va ede milyon-ven moun ou pa ta janm sipoze.]

Jan mwen te di anlè a: "Gen moun ki pa santi yo gen enèji pou yo aprann yon sistèm òtograf lò yo wè sistèm lan chanje detanzantan." Depi plis ke ven ane, nou genyen yon òtograf ofysyèl, ki te siyen pa sekretè de ledikasyon nasyonal Joseph Bernard sou gouvènman Jean-Claude Duvalier. Mwen kwè òttograf ofisyèl sa se yon bon dokiman de baz. Men nou bezwen yon Akademi Kreyòl ki ta pou fè bagay yo mache pi vit, epi ki kapab genyen yon fòs ofisyèl pou Ayisyen pa gen eskiz ankò pou yo di "tout voum se do, nou gen dwa ekri kreyòl la jan nou pito". Fòk nou genyen yon òganizasyon ki kreye yon sistèm de referans, pou fasilite ekriti langaj la, pou fasilite objektif sa yo ki pami pi gwo responsabilite gouvènman Ayiti: ALFABETIZASYON AVÈK EDIKASYON tout sitwayen. Pèp Ayisyen an se yon pèp ki entelijan. Se yon eskandal ekstraòdinè pou majorite pèp la konsidere kòm iletre toujou. Apre 200 (z)an depi nou te deklare endepandans nou, nan pwen eskiz nan bagay sa ankò.

Lò zafè kodifikasyon kreyòl la fin pran pye nèt, nou va fèmen Akademi Kreyòl la. Se yon gwo bourad pou pèp Ayisyen an m ap chache ak lide sa.

M ap di tout lengwis yo mèsi ankò pou pakèt koze sa yo ki diskite sou Fowòm Ayisyen an. Li te lè, li te tan.

Guy Antoine




Repons sou sijè sa: