Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 27 Mas 2001 a 00:12:10:
Kanmarad nan Fowo`m Ayisyen:Mwen te fe` yon ti deplase. Mwen fe`k tounen. Epi mwen
we` be`l diskisyon k ap fe`t sou anpil kesyon enteresan.Youn nan kesyon ki frape m se zafe` "Akademi kreyo`l" la.
Mwen we` Hugues Saint-Fort fe` yon be`l rale sou sa.
E mwen dako` ak anpil nan lide Hugues yo.Men yon lo`t ti detay ki enpo`tan: An PRENSIP, nou deja
gen yon "Akademi Kreyo`l":+ Faculte' de Linguistique Applique'e (FLA) --- ansanm ak tout
Ayisyen k ap pale epi k ap ekri kreyo`l nan peyi a ansanm
ak tout lengwis k ap travay sou kreyo`l la.Mwen kwe` li pli enpo`tan pou lengwis nan FLA ak lo`t kote
kontinye dokimante strikti fonolojik, sentakskik, semantik,
etsetera, nou jwenn nan tout kalite kreyo`l Aysiyen pale
Selon sa mwen kwe`, travay sa a pran priyote devan
travay "preskriptif" yon "Akademi Kreyo`l" ki ta fonksyon
menm jan ak "Akademi Franse`z" la.Men, mwen dako` se yon kesyon pryorite ak yon kesyon
preferans. Ko`m mwen se lengwis, mwen ta pito travay
nan domenn mwen pi maton ladan li. E domenn sa a, se
domenn deskripsyon syantifik ki jan moun pale---mwen pa
fo` nan di moun ki jan pou yo pale ouswa ki jan pou yo
ekri. Mwen se`lman k ap fe` sijesyon selon sa nou ka
dekouvri sou ki jan grame` lang lan fonksyone nan se`vo
lokite` natif lang lan.Kanta zafe` o`tograf la, men pi gwo pwoble`m la: jouk
kounyen an, gen two`p Ayisyen ki pa aprann li ak ekri
nan lang mate`ne`l yo depi yo tou piti. Se pou sa nou
jwenn yon pake`t ere` nan kreyo`l Ayisyen ekri. Donk
pou mwen, travay alfabetizasyon pran priyorite sou
zafe` "standadizasyon". Nan lang peyi devlope mwen konenn
pi byen yo, pi gwo travay "standizasyon" yo pa te vini
anvan travay alfabetizasyon. Nan epo`k Chaucer oubyen
Shakespeare t ap ekri, mwen pa kwe` te deja gen yon
o`tograf fiks pou angle.De`nye ti pwen: mwen pa dako` ak Hugues Saint-Fort le` li
di "ann atandan" se yon fo`m fije. Okontre` mwen kwe`
kreyo`l gen yon fo`mil "an(n) X" ki pwodiktif kote "an(n)
se yon prepozisyon epi X se yon fo`m nominal:ann Ayiti
an Frans
an kreyo`l
an franse
ann angle
an prensip
an verite
(etsetera)Se nan fo`mil sa a tou, nou vin jwenn ke`k fo`m ki
mwen pwodiktif:ann atandan
ann arivan
an patan
(etsetera)Kounyen an nou ka mande pou ki sa nou pa jwenn "atandan",
"arivan", "patan" lo`t kote?Sa se yon proble`m mo`fo-sentaks ki gen rapo` ak
sa lengwis rele "sou-kategorizasyon". _an(n)_ ko`m
prepozisyon genle` mande pou se yon fo`m nominal (spesyal)
ki pou suiv li. "Ayiti", "Frans", "prensip", "verite"
se fo`m nominal yo ye. "Atandan" genle` se yon fo`m
nominal li ye tou. Sa vle di, nan fo`mil "an(n) X" la,
fo`k X tonbe nan ansanm nominal e se sifiks -an nan
"atandan", "patan", etsetera, ki pe`me`t mo sa yo
fonksyone ko`m fo`m nominal prepozisyon "an(n)" mande.Pou ki sa nou pa jwen "atandan" lo`t kote?
An patan, nou ka remake pa gen anpil ve`b ki tounen
non ak yon sifiks -an ki vin tache sou ve`b la. Se`tadi,
sifiksasyon ak -an ki vin kole sou ve`b kreyo`l pou kreye
nominal, se pa yon bagay ki pwodiktif.Epi tou, genle` pa gen lo`t prepozisyon menm jan
ak _an(n)_ ki mande fo`m nominal spesyal sa a.An tou ka, si nou dako` _an(n)_ se yon mo endependan li
ye, nou pa ka kite _an(n)_ pe`di endependans li le` li vin
tonbe akote _atandan_, _patan_, _arivan_, etsetera.
Men si sifiksasyon ak -an (ki derive nominal soti nan
ve`b) pa pwodiktif, "an(n) X" li-menm sanble li pwodiktif.Bon, kanmarad, pou m di nou vre, mwen pa kwe` _ann
atandan_ oubyen _annatandan_ ta yon gwo pwoble`m nan
o`tograf la. Tou de (2) o`tograf yo respekte reyalite
fonolojik lang lan, menm si o`tograf sa yo enplike
ti diferans ak sa nou kwe` reyalite mo`folojik lang lan ye.Men nou ka kontinye fe` reche`ch sou sa pou nou eseye
dekouvri si yon lokite` natif konsidere _an(n)_ ak
_atandan_ kankou de (2) mo separe.N ap suiv.
____________________________
MIT Lin guistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
_____________________________
- "Akademi Kreyo`l" la Guy S. Antoine 27/3/2001