"Akademi Kreyo`l" la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



An repons a: "Ann atadan" "Akademi Kreyo`l" la Michel DeGraff te ekri a,

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 27 Mas 2001 a 08:31:43:

Michel, mèsi pou eksplikasyon lengwistik ou bay la. Li pa fin fè sans pou mwen, an patikilye, men se pa fòt ou, se petèt akoz mank de fòmasyon lengwistik mwen li pa parèt klè tankou dlo kokoye. Men tout agiman lengwistik sa yo ap pase nan yon achiv espesyal oswa yon fowòm espesyal mwen gen entansyon kreye pou tout moun kapab repase kontribisyon ou pote sou fowòm lan sou zafè kreyòl la, tankou kontribisyon tout lòt lengwis, grameryen, ak senp itilizatè lang lan tankou mwen-menm.

Ou di zafè alfabetizasyon an gen priyorite sou travay estandadizasyon an. Monchè, mwen pa wè ki moun ka pral diskite kont sa ou di la. Mwen kwè tout moun dakò ke alfabetizasyon ak edikasyon yon pèp se pi gwo priyorite ki genyen, apre ou fasilite yon ekonomi de baz ki pèmèt tout moun manje, ki pèmèt okenn moun pa mouri nan grangou ankò, e ki pèmèt tout moun kapab trouve ti benefis elemantè yon pwogram de sante piblik ki pèmèt gwo valè timoun piti pa kontinye mouri toujou akoz de dyare ak enfeksyon ak malnitrisyon. Monchè, nan pwen pwoblèm nan sa papa.

Men eske sa vle di pou nou desise pou nou alfabetize pèp la an premye lye, epi lò n a fin fè sa, lò sa n a chache kodifye lang lan? Mwen pa konprann agiman sa, paske mwen ta vle kwè ke si nou ta estandadize jan nou ekri kreyòl la, sa ta va ede nou anpil nan mouvman alfabetizasyon an. Se pa yon kesyon de priyorite nou t ap pale la, se yon kesyon de metodoloji pratik pou nou rive alfabetize tout Ayisyen. Nan pwen nesesite pou ou gade de objektif sa yo tankou youn an kontravansyon ak lòt la. Okontrè "estandadizasyon" ou "kodifikasyon" lang lan, se li menm ki pou bay alfabetizasyon an yon gwo bourad.

Men mo "estandadizasyon" sa pa fin klè, ou kapab ede mwen twouve yon lòt ki pi presi, si ou vle. Men pou ki sa lò nou pale de Akademi Kreyòl la, imedyatman nou wè sa tankou yon kopi tou kri de Akademi Fransèz la? Mwen te parèt sou Fowòm lan ak koze Akademi an, se pa te Hugues St. Fort non, e se pa Akademi Fransèz la mwen te prezante kòm modèl. Mwen pa te di nou fèt pou nou di Ayisyen ki jan pou yo pale Kreyòl, lang manman yo. Se pa te la lakesyon ditou. Men fòk ou rekonèt, gen de nivo moun ap itilize kreyòl la, ki gen tout valè yo, e poutan gen yon abim men lajè ant de nivo sa yo.

Premye nivo a, se nivo akademik la. La ou twouve gran sysantis lengwistik tankou Yves Dejean, tankou ou-menm ak lòt ankò k ap opsève jan natif natal yo itilize lang yo chak jou, epi nou ekri gran tèz ak teyori syantifik sou sa, nou prezante yo nan gran inivèsite ak lòt sèk akademik, nou ekri michan liv sou sa, elatriye. N ap fè yon travay ki esansyèl tout bon. Pou sa, nou resevwa tit tankou PH.D., nou resevwa "tenure" nan gran inivèsite yo tankou "M.I.T." ou "La Sorbonne", yo rekonèt nou tankou gwo otorite nan zafè kreyòl la. Tout sa se byen.

Men fòk nou ta mande tèt nou tou kouman tout konesans nou yo, tout efò nou fè yo, vini penetre baz la, vini benefisye mas pèp la. Fòk genyen sikwi, kèk kanalizasyon antre mond syantifik la ak mas pèp la ki iletre toujou. Jodi a, kanalizasyon sa yo fèb anpil, paske li parèt tankou li a sans inik, sètadi nannan an soti nan pèp la, l al twouve syantis yo, men nou pa wè anpil sibzistans ki soti nan men syantis yo ki fè bak pou nouri pèp la (syantifikman). Konbyen moun ki gen aksè a liv Yves Dejean ekri, konbyen moun ki gen aksè a tèz Michel DeGraff ekri? E menm si (sa se yon gwo ipotèz!) nou te genyen aksè a yo, eske yo ekri nan yon fason nou ta kapab konprann yo?

Kidonk fòk genyen yon enstitisyon ki gen aksè a rechèch syantifik yo, ki kapab konprann langaj syantifik la tou, e ki kapab aplike yo nan yon fason pou yo fini pa benefisye mas la. Fòk gen yon enstitisyon ki kapab kreye zouti ki baze sou yon bon fondman lengwistik e ki kapab gide tou tout moun ki ta renmen itilize lang Kreyòl la pou fè li soti nan stad oralite sèlman li ye a pou li pase nan stad "skriptiralite", sètadi yon tradisyon kote moun toupatou nan peyi a alèz pou yo ekri nan lang kreyòl la, epi fè tout peripati egzistans yo ak eksperyans kiltirèl yo pase nan listwa pou laposterite.

Fè rechèch akademik sou jan Ayisyen pale kreyòl pa sifi. Pèp Ayisyen an bezwen gramè tou, li bezwen silabè, li bezwen tout kalite zouti ki pou pèmèt nou aprann kominike youn ak lòt nan yon fason ki "estandadize" ase, pou nou kapab fè de pa annavan. Se la merit Gramè Kreyòl Vedrine lan. Si Vedrine fè fo pa ladann, di li fè fo pa nan egzèsis teknik li itilize yo, ou menm lan nivo konpreyansyon lengwistik li. Se pa mwen ki di sa, se pa lengwis mwen ye. Men se pa lide Vedrine lan ki te yon move lide. Gramè, diksyonè, silabè, stilistik, tout bagay sa yo fèt pou yo ekri tou.

Mwen te anvizaje yon Akademi Kreyòl pou ede pwosesis sa. Si nou pa vle rele li Akademi Kreyòl, se pa pwoblèm mwen sa. Rele li jan nou vle. Men pa panse ke Akademi Kreyòl la li egziste deja, epi nou pa bezwen genyen okenn sousi nan bagay sa. Pou kòz alfabetizasyon an mache, nou bezwen yon enstitisyon ki kapab kanalize konesans syantifik yo pi byen paske syantifik yo pap jamè rive fè sa pou kont yo.

Guy S. Antoine




Repons sou sijè sa: