An repons a: Yon ti lis madichon! Nikola Andre te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 28 Mas 2001 a 11:06:16:
Onè Nikola,
Nan tout egzanp mwen bay, se yon prensip fondamantal m ap chache. Alò, li pa toujou posib pou mwen panse a egzanp ki pi pafè, ki pi "pur" ki genyen. Mwen regrèt sa. Men mwen kwè prensip la pi enpòtan pase chwa egzanp lan, paske "prensip la kapab aplike" nan anpil lòt koze moun di. Menm si se vre moun k ap pale kreyòl pa gen tandans di "byen (n) aplike", men yo di "byen (n) elve". Kidonk, an nou bliye zafè "byen (n) aplike" sa a, si ou pa renmen li, pou nou konsantre sou prensip de baz la: Mwen te bezwen konnen kouman pou mwen ekri ekspresyon sa yo. Mwen ta kontan si ou ban mwen limyè sou sa pito.
Pou bagay "l'ennemi" a, se menm atansyon sa mwen t ap mande lengwis yo pote sou yon prensip òtograf nan kreyòl la. Louis Armstrong ak Ella Fitzgerald te konn chante yon chante ( mwen pa konnen konpozitè a ) ki di: "I say to-MAY-to, you say to-MA-to". Se konsa tou mwen kwè ke gen yon bon valè moun ki di "le-nmi", konsa tou gen yon bon valè ki di "lè-nmi". Si ou vle fè rechèch anpirik sou ki pousantaj moun ki di "lè-nmi" e ki pousantaj moun ki di "le-nmi", sa se travay lengwis ou, mwen p ap rantre ladann. W a annik ban mwen konklizyon ankèt la. Men mwen pa kwè nou fèt pou nou jeneralize pou nou di anpatan ke fòs majorite moun (oubyen tout moun) se "lè+n+mi" yo di, kidonk nan pwen diskisyon ankò.
Jan mwen toujou di nou, si volonte moun yo k ap tabli kreyòl ofisyèl la di pou mwen ekri "lenmi", m ap ekri "lenmi". Si yo di pou mwen ekri "lènmi", m ap ekri "lènmi". Si yo di pou mwen ekri "lennmi", m ap ekri "lennmi". Se pa pwoblèm mwen sa papa.
Sèlman, mwen vle pote kontribisyon mwen pou yo reflechi byen anvan yo pran nenpòt ki desizyon yo ka regrèt pi ta, paske yo te gen tandans jeneralize twò vit sou jan Ayisyen pale kreyòl.
Difikilte mwen gen avèk mo "lènmi" an (m adopte konvansyon pa w la, byen ke mwen-menm se "le+n+mi" mwen toujou di), sè ke mwen pa kapab twouve okenn egzanp lòt mo konsa nan vokabilè kreyòl mwen. Twouve "byen (n) elve" pou ranfòse "byen (n) aplike" te fasil, mwen pa kapab twouve jiskadat yon lòt mo ki gen son "e-n" lan jan mwen di li (e se pa mwen sèlman non!) an kreyòl. Si se vre se yon mo ki inik nan aspè sa a, monchè mwen dakò pou nou pa pèdi plis tan sou sa. Li pi fasil pou mwen annik ekri "lènmi", epi fini ak sa.
Men se chache mwen t ap chache konnen si gen lòt mo tankou li nan leksik kreyòl la, epi si gen yon fanmi mo tankou li, ki meyè fason pou nou ta reprezante son "e+n" lan òtografikman lò n ap ekri kreyòl.
Lò yon moun ap prezante yon agiman, li enpòtan anpil pou moun nan chwazi mo ki presi, jisteman paske anpil moun bliye konstriksyon lojik agiman an, epi yo rete chita sou etimoloji kèk mo moun lan anplwaye oswa sou chwa tèl mo osnon tèl lòt mo moun nan prezante kòm egzanp. Se konsa jodi a, nou gen dwa ap fè kòmantè toujou sou "byen (n) aplike". Men lesansyèl se "KOUMAN POU NOU EKRI LI?" Si ou pa renmen itilizasyon ekspresyon sa an kreyòl (se dwa pa ou), si ou ta pito radye li, di mwen kouman pou mwen ekri "yon timoun ki byen (n) elve" ??
Bon, Nikola, mwen kwè li klè kounyè a ki sa m ap chache nan men lengwis yo. Mwen ta mande ou, kòm lengwis, pou ou voye yon ti limyè sou tout dezagreman sa yo ki sou ti lis madichon an, e kouman ou-menm ou ta ekri mo sa yo. Sa kapab itil nou anpil.
Mèsi davans.
Guy S. Antoine
Repons sou sijè sa:
- Yon ti lis madichon! Nikola Andre 28/3/2001
- Yon ti lis madichon! Guy S. Antoine 28/3/2001
- Yon ti lis madichon! Nikola Andre 28/3/2001
- "An tou ka" m ap di Nikola: Chapo ba! Michel DeGraff 28/3/2001
- _sanzave_ oubyen _sanz ave_ / _bo`dme`_ oubyen _bo` d me`_ Michel DeGraff 28/3/2001
- rès ti analiz la Nikola Andre 29/3/2001