Yon ti lis madichon!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon ti lis madichon! Guy S. Antoine te ekri a,

Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 28 Mas 2001 a 16:35:35:

Men lis Guy S. Antoine prezante a. M ap sèlman regwoupe pwen an dapre prensip yo ka suiv :

I-
a)1. "ann Ayiti" vs. "an Ayiti"
b)3a. annatandan vs. "an atandan"
3b. anpatan vs. "an patan"
3d. annavan vs. "ann avan"

II-
3c. antouka vs. "an tou ka"


III-
a)7. detanzantan vs. "de tan z an tan" vs. "de tanz an tan" vs. "de tan zan tan"
b)8. swadizan vs. "swa dizan"
c)9. sanzatann vs. "san z atann" vs. "sanz atann"
d)12. bodmè vs. "bò d mè"

IV-
a)13a. egzèsis vs. ekzèsis
b)13b. egzamen vs. ekzamen
c)13c. egziste vs. ekziste

V-
a)2. "peyi d Ayiti" vs. "peyi Ayiti" vs. "peyi Dayiti"

b)11a. "mwa d màs" vs. "mwa màs"
11b. "mwa d (aw)out" vs. "mwa (aw)out"
11c. "mwa d desanm" vs. "mwa desanm"

VI-
4a. "byen elve" vs. "byenn elve" vs. byennelve
4b. "byen aplike" vs. "byenn aplike" vs. "byennaplike"

VII-
5. ekivalan mo franse "L'ennemi" an Kreyòl: a) lenmi; b) lennmi; c) lènmi

VIII-
6. mwenmenm, oumenm, limenm, noumenm, yomenm vs.
-- "mwen menm", "ou menm", "li menm", "nou menm", "yo menm" vs.
-- "mwen-menm", "ou-menm", "li-menm", "nou-menm", "yo-menm"

IX-
10. koutpye vs. "kout pye" vs. "kou d pye"


Pou m kòmanse, m ap fè n sonje òtograf se bagay ki abitrè. Se sa k fè li konplike kon sa an franse epi li terib kon sa ann angle (m pran egzanp lang nou plis gen lide sou yo).
Men òtograf kreyòl la benefisye plizyè prensip ki fè li pi fasil pou n ekri l pase lòt lang sa yo. Erezman. Paske sa t ap mande plis tan pou moun aprann li.

I. Sonje, youn nan prensip òtograf la se : chak menm son toujou ekri menm jan. Se sa k fè lè nou pran yon mo tankou SAN, li kapab "san" likid wouj la vante oswa "san", nimewo 100 oswa "san" prepozisyon. Nou konnen se toujou sitiyasyon kote mo sa a sèvi ki va pèmèt nou konnen ki sans li. E sa a, okenn moun ki pale kreyòl p ap twonpe l. Se prensip sa a ki fè nou ekri tout lòt son menm fason, menm si se pa menm sans, ni menm reyalite. Se sa ki rive ak yon son tankou "ann" nou tande ak yon mo : "Ann mache men nan men pou pei n vanse".
Kon sa, lè n tande [ann] nou ekri an+n. Se sa ki fè lè nou gen mo tankou Ayiti, Almay, Angletè, alman, angle, avril... nou tande ann + mo sa yo. Se pa menm sans ni menm reyalite pou tout, men si nou vle respekte prensip la, nou ekri l dapre sa nou tande. Se ann + yon mo. Kounye a, gen yon seri ekspresyon ki soti nan franse, men moun di an kreyòl ki gen yon sans. Lè sa a, nou tande "ann" ak yon mo ki pa ka kanpe pou kont li, lè "ann" pa la, men ki suiv yon chema ki rele "chema sentagmatik" (kenbe ann epi wete mo sa a, mete yon lòt ki menm nati avè l, san pwoblèm).

"ann arivan"
"ann atandan"
"ann alan"
"ann aryè"

Natirèlman, se menm "ann" sa a nou jwenn nan :

"an patan"
"an pasan"
"an dansan"
"an verite", eksetera.

Pa ta gen pwoblèm pou n ta ekri tout mo sa yo kole, men yo suiv yon "chema sentagmatik" e nou dwe ekri tout son nou tande. Se sa ki esplike lojik ekriti a, ki pa gen anyen pou l wè ni ak sans yon pawòl, ni ak anplwa yon mo nan yon fraz. Se sèlman yon fason pou nou rann lide nou di ki respekte yon prensip ekriti.

Se pa menm bagay pou II- ki pa chita sou prensip "ann (an)" plis yon mo.
"antouka" se pa "an+touka". Se pa "an+tou+ka". Pa gen okenn "chema sentagmatik" nou ka mete si nou pran "an" epi n ap chèche lòt tèm pou ranplase "tou+ka". Se yon ekspresyon ki vin fè yon sèl, epi ki fonksyone kòm yon advèb. Nan premye ka a, nou ka wè se "ann(an)" + yon seri mo ki montre yon aksyon oswa yon aktivite.

III-
Sa klè pou mwen, nou pa ann afè ak plis pase yon mo nan sanzatann, swadizan, tanzantan (detanzantan).
Se yon seri ekspresyon nou pa ka dekole pou nou ta fòme yon aks sentagmatik.
Se sèlman orijin franse mo yo ki ka fè n konnen nan "sanzatann" nou gen "san(z)+atann", nan "swadizan" nou gen "swa+dizan", nan "detanzantan" nou gen "de+tan(z)+an+tan".
Men nou pa fouti pran youn nan sa ki ta vin prefiks yo pou n suiv menm "chema" nou pale nan nimewo I an.
"sanzave" se yon mo plen pou yon non, menm jan ak "san zazil". "sanzatann" se yon advèb.
Pou "swadizan", pa gen chema nonplis. Ni pou "detanzantan".
"bodmè" se menm kout baton. Pa gen yon "chema sentagmatik" pou pèmèt nou jwenn plizyè konstriksyon nan menm lojik la. M kwè m ap rete la, m ap tounen demen pou rès pwen yo.

M ap di nou tout bon kouraj.

Nikola




Repons sou sijè sa: