"An tou ka" m ap di Nikola: Chapo ba!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon ti lis madichon! Nikola Andre te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 28 Mas 2001 a 21:47:29:

De`nye mesaj Nikola Andre a se yon be`l
demonstrasyon ki jan lengwis prezante agiman
solid. Sa se pa ni "kreyo`l senplifye", ni
"ilizyon lengwistik". Nikola, chapo ba!

Pou nou ka kontinye konbit la, mwen ta renmen
egzamine 2-3 eleman nan agiman Nikola yo pou nou
eseye mete plis limye` sou yo.

Nikola di:


> o`tograf se bagay ki abitre`.

Mwen dako` ak sa, men an pati se`lman. E mwen
sispe`k Nikola ap dako` ave` m tou selon agiman
mwen we` li prezante deja.

O`tograf kreyo`l la ka abitre` nan yon seri de ka
kote nou oblije pe`me`t anbiguite oubyen konpromi
(e sa egziste nan tout o`tograf). Men o`tograf
kreyo`l la pa oblije abitre` ne`t. Okontre` youn
nan pi gwo vale` o`tograf kreyo`l la se
koreponsdans sistematik li eseye etabli ant
fonoloji/mo`foloji lang lan ak ekriti lang lan.
Se sa yo rele yon o`tograk "mo`fo-fonolojik" (olye
yon o`tograf "etimolojik").

Gen yon detay ki enteresan anpil ke syantis fe`k
dekouvri sou yon maladi ki rele "disleksi".
Maladi sa a fe` anpil moun gen pwoble`m le` y ap
li, men li pa afekte tout moun menm jan nan tout
peyi.

Annou pran pa egzanp italyen ak franse: distans ki
egziste ant o`tograf italyen ak fonoloji italyen
pi piti pase distans ki egziste ant o`tograf
franse ak fonoloji franse. Nou ka di tou:
o`tograf italyen pi dire`k (se`tadi mwen abitre`)
pase o`tograf franse le` nou konpare o`tograf sa
yo ak fonoloji lang yo sipoze reprezante a. Nan
o`tograf italyen (menm jan ak nan o`tograf
kreyo`l):

> chak menm son toujou ekri menm jan
Ebyen, men sa syantis fe`k dekouvri: yo dekouvri
moun ki soufri disleksi ann Itali gen mwens
pwoble`m le` y ap li pase moun ki soufri disleksi
an Frans. E syantis yo di se o`tograf la ki
responsab. Le` ou gen yon o`tograf kankou an
Franse oubyen ann Angle kote o`tograf la pi
abitre`, moun ki gen disleksi ap soufri plis le` y
ap li pase moun k ap li nan yon otograf ki mwen
abitre` kankou italyen.

Atik sa a te pare`t nan de`nye nimewo jounal
"Science". Mwen te fe` yon ti rale sou sa nan lis
CreoLIST, nan

http://listserv.linguistlist.org/cgi-bin/wa?A2=ind0103&L=creolist&P=R6906

Sa vle di yon o`tograf mo`fo-fonolojik kankou
o`tograf kreyo`l la, se yon o`tograf ideyal pou
nou evite pwoble`m ki konekte ak maladi kankou
disleksi. Agiman sa a ale nan menm direksyon ak
agiman Nikola a sou avantaj o`tograk kreyo`l nou
a. E se yon agiman ki baze sou strikti o`tograf
la: se yon strikti ki eseye kenbe yon korespondans
ak strikti fonolojik/mo`folojik lang lan.

Kounyen an, sa mennen nou nan yon lo`t pati agiman
Nikola a. Nikola di:

> "antouka" se pa "an+touka"

paske li:

> pa chita sou prensip "ann (an)" plis yon mo.

Nikola di tou:

> Pa gen okenn "chema sentagmatik" nou ka mete si
> nou pran "an" epi n ap che`che lo`t te`m pou nou
> ranplase "tou+ka". Se yon ekspresyon ki vin fe`
> yon se`l, epi ki fonksyone ko`m yon adve`b. Nan
> premye ka a, nou ka we` se "ann(an)" + yon seri
> mo ki montre yon aksyon oswa yon aktivite.

Ban m gade agiman sa a byen:

Premyeman: gen anpil ekspresyon "an(n) + X" kote
ekspresyon an PA "montre yon aksyon oswa yon
aktivite". Annou pran pa egzanp: "ann Ayiti", "an
Frans", "an verite", etsetera. Espresyon sa yo
fonksyone kankou "adve`b" tou, men mwen ta prefere
rele yo "konstitiyan prepozisyone`l": "an(n)" se
yon prepozisyon ki mande yon konpleman; konpleman
sa a se yon nominal (sa sanble konpo`tman
prepozisyon "in" ann angle). Nominal ki se
konpleman "an(n)" lan gen dwa senp ne`t (yon grenn
mo) kankou "Ayiti", "Frans", "verite", etsetera.
Men li gen dwa konple`ks (plizye` mo) kankou
"tou ka" ... oubyen "de`nye lye" ("an de`nye
lye").

Pou ki sa mwen we` "antouka" = an tou ka?

Mwen te deja di sa nan yon lo`t mesaj: Selon sa
mwen we` nan lang lan, "tou" ak "ka" deja gen
endependans pa yo, pa egzanp nan yon fraz kankou:

1. "Gade yon KA: Nan TOU sa l te ekri, mwen poko we`
anyen ki bon"

Kounyen an, mwen ta vle sipoze ke "tou" ak "ka"
nan fraz 1 sa a, se men "tou" ak "ka" nan "an tou
ka". Donk nou pa bezwen kite yo pe`di enpependans
(mo`fo-sentaksik) yo le` yo suiv "an".

Se posib "an tou ka" ka gen yon sans idiomatik,
men sa pa fo`se nou ekri "antouka". Tout lang gen
espresyon idiomatik, men nou pa oblije ekri yo an
yon se`l mo pou sa --- espresyon idiomatik gen
strikti pa yo tou.

An tou ka, nou pa oblije goumen sou "an tou ka"
olye "antouka". Tou de (2) opsyon yo kenbe prensip
de baz la o`tograf la:

> chak menm son toujou ekri menm jan

Li ta bon pou o`tograf la ta respekte strikti
mo`fo-sentaksik lang lan tou --- konsa o`tograf la
ap vin pli sistematik toujou, l ap mwen abitre`.
Men kesyon mo`fo-sentaks sa yo sanble yo pli
delika. E nou ka jwenn plizye` ka delika kankou
"an tou ka". Men mwen pa kwe` ka sa yo bezwen ban
nou te`t fe` mal amwens n ap etidye sentaks lang
lan. E sa se yon pwoble`m ki enteresan tout bon
vre.

M ap di Nikola yon gwo me`si anko` pou egzanp li
ban nou sou zafe` agiman lengwistik. E done li
bay yo montre nou jan kreyo`l la gen be`l
konplikasyon ladan l, konplikasyon ki pa bezwen
jennen o`tograf la.

N ap kontinye konbit la --- ti pa ti pa...

-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________





Repons sou sijè sa: