_sanzave_ oubyen _sanz ave_ / _bo`dme`_ oubyen _bo` d me`_


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: "An tou ka" m ap di Nikola: Chapo ba! Michel DeGraff te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 28 Mas 2001 a 22:34:40:

Konbit lan ap kontinye. M ap fe` yon ti rale tou
piti sou zafe`:

> "sanzave" se yon mo plen pou yon non, menm jan
> ak "sanzazil". "sanzatann"

La tou, mwen sispe`k nou gen yon "chema"
Prepozisyon+Nominal. Sa se chema pou sa lengwis
rele yon "konstitiyan prepozisyone`l" kote yon
prepozisyon pran yon nominal ko`m konpleman.

Fwa sa a, konpleman an se pa "an(n)", men se
"san(z)". Sa ban nou yon chema "san(z) + X" kote
X se yon nominal kankou "manman" (nan "san
manman") oubyen "azil" (nan "sanz azil").

Le` nominal la ko`manse ak yon vwaye`l kankou nan
"azil", nou gen yon "z" apre "san" NAN SE`TEN KA,
kankou nan "sanz azil", "sanz ave". Men nou pa gen
"z" final sa a nan "san andui", "san angren", etsetera.
(Nou pa gen "liaison obligatoire" la a non plis.)

Le` nominal la ko`manse ak yon konso`n kankou nan
"manman", nou gen "san manman".

Mwen pa we` pou ki sa nou ta vle ekri "sanmanman"
ko`m yon grenn mo alo`ske nou deja gen de (2) mo
ki byen endependan kankou "san" ak "manman".

Menm lojik lan vin aplike sou "san(z)" ak "azil"
ki ban nou "sanz azil".

Epi nou we` ke tout espresyon "san(z) X" sa yo
kenbe menm semantik la pou "san(z)" (= "without"
an angle). Sa tou montre nou ke nou pa bezwen
konsidere "sanz azil", "sanz ave", etc, kankou
espresyon fije. Chema "san(z) X" se yon chema ki
se`vi nou pou nou fo`me anpil espresyon nan lang
lan: "san manman", "san senk ko`b", "san lajan",
"san

An tou ka, si nou ta vle ekri "sanzazil" oubyen
"sanzave", n ap respekete prensip fondamental la:

> chak menm son toujou ekri menm jan

Si nou ekri "sanz azil" ak "sanz ave" menm jan nou
ta ekri "san manman" (an 2 mo), n ap respkete
striki mo`fo-sentaksik lang lan.

Se pou sa tou, mwen ta prefere ekri:

_bo` d me`_

selon jan nou ekri:

_bo` dlo_
_bo` basen_
_bo` machin_
_mwa d me_
_mwa d mas_
_peyi d Ayiti_
_repiblik d Ayiti_


Egzanp sa yo montre nou ke nou deja genyen _bo`_
ak _d_ ko`m mo endependan. Don k nou ka se`vi ak
menm mo endependan sa yo le` n ap ekri _bo` d
me`_. Mwen rekone`t _bo` d me`_ ka yon ti jan
idyomatik si nou konpare l ak _bo` dlo_, men la
anko` espresyon idiomyatik ka gen strikti pa yo tou
(yo pa bezwenn ekri an yon grenn mo sitou si grenn
"mo" sa a pa respekte endependans mo li vin foure
anndan li yo).

Se pou sa mwen pa dako` ak Nikola le` li di:

> _bodme`_ se menm kout baton. Pa gen yon "chema
> sentagmatik" pou pe`me`t nou > jwenn plizye`
> konstriksyon nan menm lojik la

An tou ka, si kanmenm nou ta vle ekri _bo`dme`_, n ap
respekte prensip

> chak menm son toujou ekri menm jan

Menm si mwen-mwenm mwen prefere _bo` d me`_ paske
li ban yon ti diplis sou strikti sentaksik lang
lan. La anko`, se yon efo` mwen (oubyen nou?) ka
fe` pou fe` otograf la sistematik ne`t.


-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________





Repons sou sijè sa: