An repons a: Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Michel DeGraff te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 28 Mas 2001 a 22:56:53:
Zanmi Kreyolis yo,Mwen remèsye Michel De Graff pou kesyon sa yo ke li poze wen. M ap reponn kesyon sa yo e petèt pi devan, nan yon lòt rale, m a genyen plis opòtinite pou mwen eklèsi pozisyon wen pi byen.
Premye kesyon Michel la son kesyon istorik. Peyi devlope yo, an deyò de ras jònn nan ki benefisye de “plasennta Adan e Ev” genyen yon sèl rasin, se pèp blan an ki gen apenn antre trant mil a trant senk mil ane d egzistans sou planèt la.
Ras blan genyen yon sèl vokalizasyon orijinal ki pi devan vinn divize an de—rasin romen ak rasin slav, e yonn nan bagay ki pi enpòtan sèke “mantalite e pèsèpsyon blan an antan ke ras” toujou prime andepi de tandans tribalistik ki egziste lakay li, ka kòm nou konnen, se sèl blan sou latè beni ki fè gè mondyal, e avèk yonn nan ras primè sou latè, la ras jonn. Epi silvouplè, lang pa janm enpoze sou yo. Lang yo moule antre yo, evolye antre yo e sibi enflyans len sou lòt. Byenbonè tou, blan antanke ras pa te gen pwoblèm pataje la “konesans” antre yo ka pwal bay “Akademi dè Syans” nan diferan peyi ke y ap viv.
Mwen pa lengwis, mwen pa fè istwa chak pèp anpatikilye konsènan evolisyon lang yo, men yon bagay ke yon moun ka reyalize sèke peyi devlope sa yo pa sibi, menm lè yo pedi lagè okenn “presyon pou yo demini de lang ke yo pale a”. Lang yo se lang ki evolye a pati de evolisyon endistryèl yo, konkèt yo, e evolisyon anjeneral yo antan ke pèp. Se nan sans sa ke mwen di ke lang japonè se “lang natirèl” pèp japonè. Pèp japonè, pèp ameriken, pèp pòtigè, pèp panyòl (Espay), pèp angle, pa te gen presyon tribilasyon èklavaj sou yo pou yo fasonnen yon lang pou ki pèmèt yo kominike. Si te gen a yon moman done nan istwa yo nesesite pou yo jwenn yon lang komen, se pa sou lokipasyon, ni nan èsklavay, ni nan dezawa, ni nan divizyon ke sa fèt, e ni nan gran diferans de rasin tou.
Lang kreyòl pou nou Ayisyen jodya parèt yon lang natirèl, men li pa lang natirèl grangranpapa nou ki te pale sèlman menm antre yo diferan dyalèk paske yo te soti nan diferan peyi e tribi nan Lafrik. Si an sifas, lang kreyòl la parèt li gwoupe nou tout ansanm, men “mantalite de ras nou e de pèp nou antrave jis jounen jodya pa tandans tribalistik, anplis de tout sekèl kolonyalis ak divizyon ki pèpetre pa blan an ak milat, e klash sosyal tou ki lakòz ke “Abitan pa mize lavil”. Ayiti se yon peyi ki pa genyen yon pèp ini e inifye, ki lakòz ke menm lang ke la majorite pale soufri paske “mantalite de pèp e de ras” pa egziste menm anfas rèsponsabilite ke nou genyen pou nou egziste tankou yon pèp. Se peyizan sèlman paske li an majorite, si li arive fè yon revolisyon ki reyisi, ki gen posibilite enpoze kreyòl la, e menm la lojistik ki poze, pozisyon jeo-politik Ayiti, e kondisyon sosyo-ekonomik peyi d Ayiti, ap krisifye yon desizyon parèy.
2) Ameriken se Angle ak ilandè ki vini sou tè bò isi ak tout lang yo. Dayè yo vini o non de la Rènn e pou swadizan libète relijyon. Jodya, lang lan rete lang angle kèlkeswa modifikasyon oubyen modalite diferan ke li genyen avèk lang angle orijinal la. Ameriken pa di lang yo se lang Ameriken, yo di se lang anglè. Konsansis pran byen bonè pou tout moun pale angle. Tout Ewopeyen vini, yo konfòme yo pale angle. E la ankò, li etonan pou wè, ke lefè se menm rasin lan e ke mantalite de ras lan prime pami yo, menm apre lagè sivil Ozetazini souswadizan abolisyon lèsklavay peyi Ameriken rete toujou yon peyi rasis.
3) Se toutafè nòmal pou yon lang evolye. Pa gen anyen ki “static” vre. Lenpòtan menm nan lang franse, kelkwesa jan li te rele avan, se pèp la kap grandi avèk pwòp konsèp li, pwòp fason pou li èksprime tèt li.
La kryèl verite pou kreyòl la, sèke LI PA EVOLYE, li andire konsèp lòt pèp ki pi evolye pase li, paske pèp Ayisyen pa reyalize “nada”. Sa ki vle gonfle pèktò ak tout gwo tit yo, gen tout dwa yo. Mwen kwè genyen nesesite pou korije le pase. Se vre lang kreyòl pa te janm rive nan pozisyon pou li pwouve ke se yon andikap li te ye pou evolisyon pèp Ayisyen, men jounen jodya, si gen moun pa swadizan “nasyonalism yo oubyen patriotism yo”, yo vle èksperimante kreyòl la kòm lang de devlopman, ke w konte sou pwòp tèt yo ak resous peyi d Ayiti genyen. Ke yo pa andete peyi d Ayiti avèk bayè de fon entènasyonal yo nan ekperyans makab sa. Anfèt, “Ayisyen sa yo” ki Ozetazini, Kanada oubyen an Ewòp, pitit yo pa pwal lekòl an Ayiti pou viv eksperyans lang kreyòl la kòm lang de devlopman!
- Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Bouli 29/3/2001
- Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Michel DeGraff 29/3/2001
- Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Gifrants 29/3/2001
- Apre frankofoli se anglofoli! Michel DeGraff 29/3/2001