An repons a: Koze granmoun(n): Ti lis madichon an vin(n) pi radi toujou! Nikola Andre te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 29 Mas 2001 a 15:00:35:
Nikola,
Mwen dakòt nètalkole ak repons ou bay la. Mwen pa t janm fin konprann pou ki sa gen moun ki letre nan kreyòl la ki pèsiste pou yo ekri: vinn, finn, ak de "n".
Se menm bagay la tou ak nimewo #14 sou ti lis madichon an: moun vs. mounn. Gen maton nan lang lan ki toujou ekri "mounn" ak de "n". Yo jistifye sa nan eksplike ke gen yon son nazal ki pa reprezante lò nou ekri "moun" ak yon sèl n. Kidonk, pou yo gen yon vwayèl son lan nen ki se "oun", epi nou fèt pou nou ajoute yon dezyèm "n" pou reprezante konsonant final "n" lan jan nou tout pwononse mo sa a.
Gwo pwoblèm mwen genyen ak analiz sa sè ke mwen pa janm tande vwayèl son lan nen "oun" sa. Mwen toujou pwononse mo a "mou+n", e tout tan m te grandi ann Ayiti, mwen pa t janm twouve yon grenn moun ki te di m mwen te pwononse mo sa mal. Men mwen te vin oblije mande tèt mwen si se mwen ki te soud, ki fè mwen pa t janm kapab tande vwayèl lan nen sa.
Mwen ta renmen ou vin ak opsèvasyon pa w sou bagay sa. Mwen pa konnen si ou te kategorize nimewo #14 ak nimewo #15 lan ansanm, jan ou ekri la, sa pa t klè ou te fè sa.
Pou rès ti analiz la ou fè sou lis madichon anba a, se yon kokennchenn dokiman ou ekri la. Mwen renmen jan ou fè analiz la. Tou piti mwen piti nan jwèt sa, mwen pa dakò ak kèk nan konklizyon ou yo epi konklizyon Michel yo nonplis. Men ou-menm ak Michel ouvri je mwen sou anpil bagay, e pou sa mwen di nou mèsi.
Kote mwen pa dakò ak ou-menm ak Michel, se nan koze "byenn" lan. "Byen" se pa yon atik, se pa yon prepozisyon, se pa yon "marker". "Byen" se yon mo ki chaje ak sans. "Byen" se lopoze "mal". "Byen elve" se lopoze "Mal eleve". Kidonk kote mwen te kapab aksepte koze "an" avèk "ann" lan, mwen pa santi mwen kapab aksepte ekstrapolasyon nou fè la pou mo "byen" an. Lò nou chanje mo "byen" an, se yon "enjistis" nou fè mo sa. Li gen tout sans li pou kont pa li, menm jan tankou "Ayiti". Si nou pa te dakò pou moun ekri "Dayiti", kouman fè nou abandone prensip sa lò pou nou ekri "byen" epi nou fè l tounen "byenn". Tankou yon ti chen, nou ba l yon kout pye, ou pi rèd nou foure yon kanson sou li, li pa t janm mande nou pou li. Pito nou ta admèt ke menm si an Kreyòl pa gen kesyon de "LIAISON OBLIGATOIRE", men nan sèten kondisyon gen yon "liaison" kanmenm, olye pou nou fè jimnastik pou nou radye tout "liaison" natirèl ki egziste nan lang lan.
Epi mwen wè ou panse fòk nou ta ekri "sanzatann", alòske Michel panse fòk nou ta ekri "sanz atann". La mwen pa santi mwen dakò ak Michel, paske mo "sanz" lan li pa t janm egziste an Kreyòl. Mwen pa wè sa menm jan mwen wè mo "ann" lan. Mo "ann" lan se yon son natirèl nan lang Kreyòl la, menm si avantou se yon "mak enperatif" li reprezante. Si ou mande nenpòt ki Ayisyen: Eske "ann" se yon mo nan lang Kreyòl la? Mwen kwè l ap reponn ou "Wi". Men si ou mande nenpòt ki Ayisyen: Eske "sanz" se yon mo nan Kreyòl la? Mwen kwè se nan anpil anpil grate tèt, li ta rive pou li di ou "sanz" se yon mo nan kreyòl la. Fòm sa pa janm chita pou kont li, li pa genyen okenn sans pou kont li, nou pa janm pwononse li pou kont li, tout sa vle di se pa yon mo li ye nan Kreyòl la vre.
Kouman m fè pa dakò avèk ou sou sèten pwen, e mwen pa dakò ak Michel DeGraff sou sèten pwen nan sa nou di? Tout moun konnen Michel se gwo doktè li ye nan etid lengwistik e nan kreyòl la an patikilye, epi mwen-menm se amatè mwen ye, mwen pa genyen okenn baz nan lengwistik. Se pa enpètinans m ap fè, se "feedback" m ap ban nou. Lò yon doktè preskri mwen yon remèd, epi lide m di mwen medikasyon sa pa korèk, fòk mwen di doktè a egzakteman sa m panse. Dayè li evidan ke tout lengwis yo, ke se Michel DeGraff, ke se Hugues St. Fort, ke se Nikola Andre, ke se Alen Deni, genyen diferans ant yo jan yo apresye tout posibilite sa yo ki reflete nan ti lis madichon an. Kidonk, fòk nou travay pou "ofi-e-amezi" nou rive nan yon "konsansis". Lò mwen emèt dezagreman mwen avèk nou, mwen fè sa avèk anpil respè, e avèk konfyans ke nou va pran objeksyon mwen yo ak anpil konsiderasyon. Si nou fè sa, sa gen dwa fini pa benefisye tout Ayisyen.
Se nan sans sa mwen wè tout valè yon Akademi Kreyòl. Si Michel ekri "sanz atann" epi Nikola Andre ekri "sanzatann", mwen gen dwa egzèse chwa ki fè plis sans pou mwen menm. Men si Akademi Kreyòl la ta di pou nou ekri "sanz antann" oubyen "sanzatann", m ap deside fè egzakteman ekriti Akademi an adopte a, paske li fè tout sans pou nou tout rekonèt otorite yon abit, menm si nou pa dakò ak desizyon abit la. Se konsa nou jwe foutbòl, se konsa nou fonksyone nan edikasyon piblik, se konsa nou te fèt pou nou rezoud pwoblèm politik nou tou. Se konsa pou nou ta rive estandadize ekriti lang kreyòl la tou.
M ale. Ann kontinye konbit la!
Guy S. Antoine
Repons sou sijè sa: