An repons a: Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Michel DeGraff te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 29 Mas 2001 a 17:15:29:
Mon chè Michel,Mwen pa kabre okenn kesyon. Premye kesyon w lan espesifik a istwa lang franse. Sa se bagay ki domenn w, e mwen byen di w ke mwen pa konnen istwa chak pèp anpatikilye nan devlopman lang yo.
Men annatadan, rechèch èspirityèl mwen bwose aspè orijin blan an ki diferan de nou menn, e ki evolye tou diferamman de nou menm. Gen anpil mo nan lang slav yo ki devye de lang orijinèl moun sa yo ki te kreye ras blan an, tankou pa ekzanp “Havona” tounen “Heaven”, e lang sa se lang Ginen yo pale e ke sèvitè rele lang Ginen. Silèvrè ke blan te gen “ensten tribalistik” sa, il nandemeur pa mwens ke divizyon “vokalizasyon” ras blan derive e den kote de laten e de yon lòt kote de lang slav yo.
Yonn nan bagay mwen pa renmen lè moun ap diskite, se pran eleman nan diskisyon yo pou detounen li e afèkte a move zesyan entegrite ki san malis pou nou boukante lide. Mwen pa genyen anyen m ap defann a pa de pataje sa mwen “konnen” e mwen “kwè”.
Di ke “Gifrants” gen opinyon rasis se yon “low blow” ka menm avèk vye bwa gita wen, mwen kanpe devan blan an, non pa pa chovinis men avèk tout detèminasyon wen ak konviksyon wen pou m montre ke yon peyi yo rele Ayiti ki egziste, e ke nou genyen anpil pou ofri ba le mond antye. Anfèt, se “inoryans” e eta blankofil anpil entelèktyèl Ayisyen—kòm w ka wè mwen pa jeneralize—ki mete wen nan pozisyon ke se devan blan mwen jwenn plis apresyasyon nan travay sa m ap fè. E son travay mwen fè pwòp avèk konèsans mwen an mizik.
Konsènan sa nou menm nou ka renmen pou kreyòl la, mwen trè klè. Mwen pa janm gen di nou pa gen dwa fè li. Mwen bay opinyon wen e se yon opinyon sèlman ki dekoule de patryotism mwen, sa mwen viv e wè nan lavi, sa mwen ka renmen pou avni pèp Ayisyen.
Gwoup moun ki soufri plis ann Ayiti, se peyizan an. Pouki nou pa wè ke menm lè nou ka va itilize kreyòl la, peyizan ap toujou izole? Tan k ap pran pou louvri je li, e fè li absòbe devlopman sovaj k ap fèt atravè le mond nan zafè teknolojik a yon rit efreyan, ap toujou mete li an reta e dèyè. Lang angle a louvri yon pòt de kominikasyon byen gran ki ka pèmèt Ayisyen-Ameriken ki grandi Ozetani, Ayisyen Kanadyen ki grandi o Kanada, e ki aprann angle tou, Ayisyen ki Naso Bahamas, tounen avèk èksperyans pa yo e kominike san pwoblèm avèk natifnatal Ayisyen, potekole e pouse pou pi pidevan.
Lè yon moun nan pozisyon pou pran desizyon pou lòt moun, w pa pran desizyon sa pa “patryotism emosyonèl ou pa nasyonalism sipèfisyèl” w pran desizyon sa yo pou genyen anpil “efficiency” e pou la perenite, pou nou pa janm tonbe e retounen nan tchouboum sa. Opinyon kennanm lan se yon opinyon ki gen vizyon pou anglobe dyaspora a efèktivman nan vi sosyal peyi d Ayiti, pa nan vi ekonomik li sèlman e kote vi ekonomik sa ka kreye konsekans ki pi nefas pou pèp Ayisyen si dyaspora a pa antre nan manman vi sosyal pèp Ayisyen e kominike entansyon li klè tankou dlo nan kannari. Si n ap plede di ke fiti peyi d Ayiti nan men dyaspora a, e mwen kwè, san mwen pa minimize apò Ayisyen ki anndan peyi d Ayiti, ke avni peyi d Ayiti repoze sou zepòl dyaspora a. Kidonk, fè genyen yon klima ki souf k on gan o pwendevi sosyo-politik, e lang angle a se “bond”, se “glue”, se lakòl la.
Pa genyen okenn kilbite k-ap fèt paske Ayiti pa ini e inifye vre, e lang kreyòl la gen anpil chans si li tounen lang de devlopman peyi d Ayiti pou kreye yon sisyon k ap yon dezas anndan peyi d Ayiti. E mwen kwè toujou si gen yonn, pap gen 2 paran Ayisyen ankò mwens pami gwo chabrak entelèktyèl Ayisyen k ap viv nan dyaspora a, e menm anndan peyi d Ayiti k-ap voye pitit lekòl nan tchaka san disèl e san viv sa.
An konklizyon, mwen konnen mwen te bay dè zagiman odebi dènye ti rale ke mwen fè, ke anpil moun oubyen pa ka konprann, oubyen pa janm li oken kote, oubyen ka di m ap deraye, oubyen ka di tou m ap kabre. Mwen pap janm di ke mwen konnen plis pase pèsonn. Se mwen anpremye k ap fè nou sonje ke tout sa mwen ekri la ap rete, se dè dokiman yo ye, tout sa tout moun ekri la, se dè dokiman yo ye, e mwen se dènye nèg ki ka va ranse ak sa oubyen pran sa a lalejè. Lè mwen di, yo rele mwen Marcien Guy Frantz Toussaint, e mwen pran “full” rèsponsabilite pou sa mwen di, mwen pa di li pa plezantri oubyen pa pedantri. Mwen konsyan trèbyen de wòl ke Fowòm lan ap ranpli la. Sonje ke nan jounen jodya, sa n ap fè la antre nou, sa n ap diskite la antre nou, pa ka fouti fèt ann Ayiti. E poutan nou tout ap dakò fè anndan peyi d Ayiti genyen yon konsansis pou tout Ayisyen boukante lide, e jwenn yon “common ground” pou nou fè peyi d Ayiti mache.
Adjova!
- Apre frankofoli se anglofoli! Michel DeGraff 29/3/2001