Apre frankofoli se anglofoli!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ki lang (natire`l?!?)? Pou ki pe`p? Pou ki devlo`pman? Pou devlo`pman ki moun? Gifrants te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 29 Mas 2001 a 23:13:39:

Gifrants di:

> lang angle a se “bond”, se “glue”, se lakòl la.

E ki jan Gifrans pral fe` lako`l sa rante nan yon
peyi kote majorite Ayisyen pale kreyo`l se`lman?

Si franse pa te ka tounen "lako`l" nan peyi d Ayiti
malgre vale` prestij franse genyen ann Ayiti,
malgre vale moun ki fe` foli pou franse ---
frankofoli menm jan ak sa nou fe`t wa nan 15 jou
frankofoni ki fe`t pase yo --- ki jan nou pral
fe` anglofoli tounen "lako`l" kounyen an?

Syantis poko envante medikaman pou moun aprann
lang nan do`mi. Jan sityasyon lengwistik Ayiti
ye kounyen an, mwen poko we` kijan angle ap tounen
_lako`l_ pou yon pe`p ki 100% kreyolofo`n.

Pete`t Gifrans a esplike nou ki jan sa pral fe`t?
E nan ki lang sa pral fe`t?


-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________



Repons sou sijè sa: