An repons a: Koze granmoun(n): Ti lis madichon an vin(n) pi radi toujou! Michel DeGraff te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 30 Mas 2001 a 03:18:57:
Onè Michel,
Ou te mande:
Men yon kesyon pou Guy:
Si ou vle ekri _byen elve_, kouman ou pral
distenge pwononsasyon _byen_ nan 1 ak 2:
1. _byen elve_
2. _byen antre_
Michel, repons mwen gen pou kesyon w lan, li yon ti jan difisil pou mwen, paske 1) mwen pa nan pozisyon pou mwen reyenvante sistèm òtograf kreyòl la; 2) se pa dezi mwen ditou sitou; 3) fòk mwen ta revni sou yon konpwomi mwen deja fè deja nan sèvo mwen avèk anpil nan bagay yo lengwis yo ki sou lis la fin dakò ant yo. SE PA SA M AP CHACHE. Dayè mwen twò konsyan de limitasyon mwen.
Men mwen pral pran chans pou mwen di nou ki jan sèvo mwen konsevwa plizyè bagay, menm si bagay sa yo ale a lankont de prensip MWEN AKSEPTE DEJA. Pi gwo kontantman mwen ta genyen, se si nou tout ta vin dakò pou nou ekri kreyòl la menm jan an, men mwen konnen sa pako prèt pou li rive, si sa ap janm rive menm. E lide m di mwen tou sa pa gen chans pou li janm rive nan sant an ankò si nou pa dakò kòm yon prensip fondamantal pou yon jou nou genyen yon abit nan jwèt la, e pou nou kòmanse prepare chemen an pou sa, ke sa fèt nan senk an, ke sa fèt nan "vent an", elatriye. Men mwen optimis, paske mwen wè nou deja ap prepare chemen an sou fowòm lan jodi a menm.
Men kouman mwen konsevwa repons mwen pral ba w la. Li mangonnen ak anpil lòt koze, men konsidere lojik la. Pyès moun pa bezwen panse ke m ap travay sou yon sistèm òtograf kreyòl Antoine, yon gramè kreyòl Antoine, yon lengwistik kreyòl Antoine. Se apèn mwen ka naje dis mèt, mwen pa pral eseye naje depi Ayiti rive jis Kiba.
Men nan lojik elemantè pa mwen, mwen pa ta menm aksepte mo "ANN" nan (e poutan ou gen dwa wè mwen ekri li chak jou, nan tout nòt mwen ekri sou fowòm lan). Nan lojik mwen, nan tout ka kote nou ekri "ANN", mwen ta ekri li "AN N". Mwen pa ta janm ekri "ANNOU", mwen ta ekri "AN NOU". Mwen ta ekri:
- an n Ayiti
- an Frans
- an n angle
- an franse
- an n bay de ti blag
- an nou bay de ti blag
- an n atandan (oswa annatandan)*
- an n avan (oswa annavan)
- an tou ka (oswa antouka)
- san z atann (oswa sanzatann)
- peyi d Ayiti (nan pwen dout nan sa ditou ditou)
- nan mwa d mas, nan mwa d avril, nan mwa d me, men:
- nan mwa desanm (mwen pa ta ekri "mwa d desanm")
- nan mwa d jiyè (oswa "nan mwa jiyè"; suivan jan entèlokitè a pwononse li a)
- byen antre, byen soti
- byen konte, mal kalkile
- byen n elve, mal elve (oswa: byennelve, malelve)
- byen n aplike (oswa byennaplike)
- bò d mè (oswa bòdmè)*
- san z ave (oswa sanzave)*
Mwen pral degaje prensip ki gide mwen an, men odepa mwen fèt pou di ke mwen genyen pi gwo preferans lontan pou dezyèm fòm mo yo kote mwen mete "*" sou bò kote yo (sètadi: annatandan, bòdmè, sanzave). Pou ki sa? Se pake mwen pa konsidere mo sa yo (atandan, mè, ave) se mo tout bon yo ye nan kreyòl Ayisyen an. Nou pa janm tande moun di: "atandan" pou kont li; nou pa janm tande moun di "mè" pou kont li (se "lamè" oswa "lanmè" yo toujou di); nou pa janm tande moun di "ave" pou kont li (tankou "konbyen ave ou genyen"?) Se sa ki baz preferans mwen pou nou pa ta dekonpoze yon mo konplèks lò mo senp nou dekonpoze yo pa fè chita yo pou kont yo, e se sa ki fè gen anpil chans nou p ap twouve yo nan yon diksyonè).
Se pa yon sètitid absolitis mwen eksprime la non. Mwen pa t al chache okenn diksyonè kreyòl anvan m ekri sa mwen sot ekri la. Men mwen pa atann mwen pou mwen twouve mo "atandan", "mè", ak "ave" nan diksyonè kòm mo endepandan. Si mwen manti, mwen deja eksprime tout eskiz mwen.
An plis, si nou ta di mwen "Guy, fòk ou dekonpoze "bòdmè", "annatandan", ak "sanzave" kanmenm, mo sa yo pa fèt pou yo kole",
- lò sa m a ekri "bò d mè" (mwen pa ta ekri ni "bòd mè" ni "bò dmè");
- lò sa m a ekri "an n atandan" (mwen pa ta ekri ni "ann atandan" ni "an natandan"
- lò sa m a ekri "san z ave" (mwen pa ta ekri ni "sanz ave" ni "san zave")
Mwen dakò pou nou respekte de prensip fondamantal ekriti kreyòl la:
1) nan pwen lèt ki bèbè
2) tout son fèt pou reprezante toujou ak menm vwayèl yo, ak menm konsòn yo, oswa ak menm konbinezon vwayèl ak konsòn yo (bon, se pa fòmilasyon egzak la sa, men mwen kwè se yon reprezantasyon ki plizoumwen akseptab
Mwen kwè mwen respèkte prensip sa yo.
Men mwen gide pa de lòt. Michèl toujou di "respekte endepandans mo yo". Mwen dakò avèk li, se sa ki fè jodi a mwen ekri "peyi d Ayiti", mwen deside pou mwen pa ekri "peyi Dayiti" ankò. Sa se yon bèl prensip Michel mete sou teren an. Li fè anpil sans. Men mwen pran sa pi lwen pase Michel menm. Si Dayiti pa akseptab, pou ki sa "sanz" akseptab? Pou ki sa "byenn" akseptab? Pou ki sa pou nou defòme mo sa yo? Sitou ke MO SA YO PA FÈ CHITA YO KÒM MO ENDEPANDAN NAN LANG KREYÒL LA, jan nenpòt ki moun kapab fasilman rekonèt yo epi di "mwen konprann sans mo sa, mwen konprann kouman pou m anplwaye li". Nou gen dwa di sa pou "san", nou gen dwa di sa pou "byen", men nou pa kapab di sa tout bon pou "sanz " avèk "byenn ".
Kidonk, dezyèm prensip mwen ta va ajoute sou prensip "endepandans mo yo", se pa defigire mo yo non plis, menm si sa vle di nou itilize " n ", " d ", " z ", ajoute sou " l ", " m ", " t ", ak " p ".
Pi rèd ankò, mwen pa ta ekri "ann fè sa", mwen ta pito ekri "an n fè sa" oswa "an nou fè sa"!
Kounyè a, ou gen dwa di "Guy, jiskadat ou pa ekri suivan prensip ou sot dekri la". M ap reponn ou "se lojik pa mwen, m t ap eseye dekri ba DeGraff ak lòt lengwis yo sou ki baz mwen reziste "byenn aplike" avèk "sanz ave", men se pa chache mwen t ap chache reyenvante ekriti lang lan -- okontrè! Se yon lantant m ap chache. Lojik mwen pa dakò avèk "ann" ni ak "annou", mwen pito "an n" ak "an nou". Men si 99.9% kreyolis yo ekri "ann", ou panse se mwen-menm k a pral fè rebèl?
M ap boukante lide avèk mesye lengwis yo nan mezi kapasite mwen, jis mwen rive nan bout mwen. Lò mwen rive, yo va fè m konnen.
Michel ak Nikola, mwen sede nou lapawòl kounyè a.
Guy S. Antoine
Repons sou sijè sa: