An repons a: Apre frankofoli se anglofoli! Michel DeGraff te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 30 Mas 2001 a 09:38:09:
Mon chè Michel,Fè w gen yon manyè kalme w. Take it easy!
Mwen pa lengwis. W se lengwis. Mwen konnen trè byen e mwen konprann trè byen lè yon moun fè vi li ap etidye yon bagay, e konsakre vi li pou li metrize yon bagay e sitou vle ke enèji sa sèvi peyi li, e sèvi frè ak sè li, sèvi pèp li. Si nou tou le de dakò ke se peyi d Ayiti ak pèp Ayisyen nou vle sèvi ak tout nanm nou, tout kouray nou, tout konesans nou, tout vi nou, nou tou le de dwe pran san fwa nou pou sipote agiman nou.
Apre frankofoli--lang franse pa fè Ayisyen mal, menm grangranpapa nou. Si èsklavaj te voye èsklav lekòl, grangranpapanou k ape pale franse tankou franse pale franse. Men èsklavaj se te travay nan linyorans, e rete nan linyorans pou pa janm wè klè ni leve tèt. Konsepsyon èsklavaj fè grangranpapa nou tò, se pa lang franse. Dyalèktik pouvwa tou sou tout planèt la lakòz ke ras blan an ak ras jònn nan tou pa finn pataje konesans ak ras nwa sou planèt la.
Anglofoli--sa se opinyon pa w. Agiman kenna w la baze sou le fè ke majorite Ayisyen pale kreyòl. Pandan 200 an pale kreyòl Ayisyen pa mennen li okenn kote. Pwiske kreyòl pa janm ofisyalize, yon moun ka agimante se petèt pou sa Ayisyen ak peyi d Ayiti jan yo ye ya. Lojik la se bay kreyòl la yon chans pou afime li, pou Ayisyen afime li. Good! Men gen yon pwoblèm. Kreyòl la tou lakòz ke Ayisyen ki vle evolye pandan 200 an pa chwazi li pou yo evolye, pouki sa? Blankofili? Frankofoli? Anglofoli?
Etonnaman, grangranpapanou delivre tèt yo anba èsklavaj avèk lang kreyòl la, e pa konsakre lang lan kòm lang ofisyèl e nasyonal yo, poukisa?
Rezon an byen senp, e rezon sa toujou valab menm apre 200 an. Tout sa Michel de Graff aprann jodya, li pa aprann li an kreyòl. Grangranpapa nou te santi nesesite presan ke si genyen pou absòbe konesans blan ap simaye, yon pati okonngout, e yonn lòt pati yo pa simaye menm, fè yo pale lang blan an. Nan ka sa, se te franse a pou anpil Ayisyen, e pou Kristòf pa kontak li te genyen avèk angle, li te wè angle. E pa blye Kristòf te rive fè moule kannon ak boulèt anndan Sitadèl Lafèryè menm.Chwa lang peyi d Ayiti pou devlopman, se yon chwa politik. Konsekans li nefas si sèlman pa gen resous ki mete tout bon vre pou aplike chwa sa. E li pa saj ditou pou anpil rezon ke mwen deja mansyone ke chwa sa se kreyòl la. E m ap kontinye di toujou, pa gen okenn chabrak entelèktyèl, e anndan peyi d Ayiti, e nan dyaspora a, k ap pran tout san fwa yo, voye pitit yo lekòl nan edikasyon k ap fèt an kreyòl ann Ayiti. E se sa menm k ap pray fè Ayiti divize pi mal jan li divize deja.
- M ap repete: Annou pa bliye leson listwa! Michel DeGraff 30/3/2001
- Mwen pi fèm toujou sou la kesyon! Gifrants 30/3/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Guy S. Antoine 30/3/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Gifrants 31/3/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Guy S. Antoine 31/3/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Gifrants 01/4/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Guy S. Antoine 01/4/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa JONAS 01/4/2001
- Pou konprann pozisyon Gifrants. (rale sa long anpil) Gifrants 02/4/2001
- Pou konprann pozisyon Gifrants. (rale sa long anpil) JONAS 02/4/2001