Bonswa Kanmarad fowom kreyol


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Hugues Saint-Fort afiche mesaj sa, jou 30 Mas 2001 a 21:43:52:

Bonswa tout kanmarad fow'om krey'ol! Eskize mwen paske mwen pran tout tan sa a anvan mwen repar'et sou fow'om lan. Men,mwen te oblije f'e yon ti kanpe, paske mwen te genyen yon travay pou mwen te fini. L'e mwen te tounen sou fow'om lan, mwen te sezi w'e kantite ak kalite mesaj kanmarad yo te voye. Anvan mwen bliye, m ap voye yon grap konpliman pou kanmarad Guy Antoine. Guy monch'e, chapo.Jan Michel di li : Mwen kw'e ou se yon lengwis san ou pa konnen. Se bon jan lengwistik w ap f'e. Mwen p ap manke di kanmarad Nikola Andre :bravo pou esplikasyon kl'e e k'or'ek li bay sou egzistans/absans son "oun" (?) lan kreyol ayisyen. Kanta pou Michel menm, mwen pa konn ki jan pou m konplimante li pou orijinalite ak solidite analiz lengwistik li prezante sou fow'om lan. Sa toujou f'e m plezi, l'e mwen li jan Michel abode yon kesyon. Menm l'e mwen pa dak'o ak Michel, agiman li yo toujou n'ef, toujou orijinal, toujou solid!

Sou sa mwen ta renmen fe yon ti rale aswe a, se sou kesyon "ann atandan" vs "annatandan". Si mwen so nje byen mesaj mwen sot li yo, pami twa kanmarad ki pran pozisyon sou kesyon sa a, gen : Michel ki ta prefere ekri :"ann atandan", an 2 mo; Nikola ki ta pi pito ekri li an 2 mo tou; epi Guy Antoine ki ta prefere ekri li an yon sel mo:"annatandan".
Pozisyon pa mwen se ta pou ekri li an yon sel mo. Guy Antoine ki ap fe lengwistik san li pa konnen,vini ak agiman lengwistik solid pou soutni pwen li a. Mwen dak'o ak agiman li yo. Lan 2 mesaj li prezante sou kesyon sa a espesyalman, Michel f'e 2 b'el analiz pou esplike pou ki sa li ta prefere ekri mo sa a an 2 mo.
Analiz Michel la fonde sou pwodiktivite yon fomil
"an(n)X" "kote an(n)se yon prepozisyon,epi X se yon f'om nominal". Li site kek bon egzanp pou pwouve sa epi li cheche esplike pou ki sa nou pa ka jwenn anpil pwodiktivite ak gwoup tankou "ann atandan","ann arivan", "an patan"...Li rezoud kesyon sa a l'e li entwodui konsep lengwistik ki rele"subcategorization"
(sou-kategorizasyon)kote pwopozisyon "ann" sanble mande se yon f'om nominal ki pou s uiv li. Se konsa li esplike nou kapab jwenn an kreyol sekans tankou: an Frans,an prensip, an verite, ann Ayiti...Apre sa, Michel fe ipot'ez ke "atandan" kapab vin tounen yon fom nominal piske li mache ak "an". Dapre Michel, pa ta gen anpil veb ki tounen f'om nominal pou yo ka mache ak sifiks "an".

Sa a , se yon rezime analiz Michel la. Analiz Michel la fonde sou yon "restructuration" inite ak gwoup inite ki soti lan franse e ki lan nannan "genese creole" la. Mwen dak'o ak prensip de baz sa a. Men, pou yon seri mo ak gwoup mo,
mwen fe yon analiz ki diferan. Nou raple nou mwen te idantifye "annatandan" tankou yon "locution adverbiale" franse ki se yon "forme figee"(f'om fije).Kite mwen defini dab'o sa mwen rele yon "f'om fije". Yon sekans kapab fije swa sou plan sentaks, swa sou plan semantik. Sou plan sentaks,yon sekans fije l'e li pa asepte tout konbinezon li ta dwe asepte .Sou plan semantik,yon sekans fije l'e sans sekans sa a, se yon sans ki "opaque"(osnon "non compositionnel"). Sa vle di: nou pa ka pab rekonstitye sans gwoup lan,apati sans eleman ki konpoze li a.
Si nou pran sekans sa a: "Li toujou kontinye ap bat bet li", se pa apati sans "bat" avek sans "bet" n ava rekonstitye sans sentagm v'ebal "bat bet". Pami "locutions adverbiales" yo, gen anpil ladan yo ki "fije". Nou pa kapab mete okenn sentagm nominal(non oswa pwonon oswa gwoup non) ant "ann" avek "atandan", men nou kapab di: "Annatandan tout bagay fini,vin pase res mwa a avek nou"(Jiskaske tout bagay fini, vin pase res mwa avek nou); "Annatandan ou deplase,fe li konnen ki le w ap vini"(Jiskaske ou deplase,fe li konnen ki le w ap vini"; "Annatandan, ki sa pou m f'e?"(Antre tan,ki sa pou m f'e?).
Piske "atandan" pa gen egzistans pou kont li lan lang lan, mwen panse sa ta jistifye pou nou kapab ekri li an yon sel mo.
Mwen pwofite di jan mwen kontan w'e michan nivo diskisyon an rive sou fow'om nan. Se yon bon siy.

Kenbe red,

Hugues
-->