An repons a: Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Gifrants te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 31 Mas 2001 a 17:36:31:
Gifrants,
Se pa t mwenmenm ki te parèt ak agiman ke se kreyòl la ki fèt pou li "lang de devlopman"! Dayè, jan mwen te di, mwen pa te menm fin konprann ki sa egzakteman ou te souzantann lè ou parèt sou fowòm lan avèk kesyon de "lang de devlopman" sa. Mwen te vle mete sa a klè. Bliye zafè kreyòl la. Bliye zafè angle a. Bliye zafè franse a pou yon ti moman. Tout sa mwen te vle sikjere, sè ke repons nou yo kapab diferan paske konsèp de "devlòpman" nou yo kapab diferan. An premyè pati, se sa sèlman mwen te di.
A sipoze ke konsèp de devlopman mwen, se voye Ayisyen sou lalin, epi mwen kreye yon ekòl astwonòt ann Ayiti, mwen ta fou pou mwen ta eseye anseye konsèp ayeronotik yo an Kreyòl, ni pou mwen ta egzije ekspè NASA yo ki vin bay yon kout men pou yo voye Ayisyen nan lalin pou yo aprann pale kreyòl dabò. Mwen ta fou. Se ann Angle ou petèt an Ris pou mwen ta fè travay de devlòpman sa. Sa se yon egzanp ekstrèm, men mwen pa p chache ridikilize pèsonn. Tout sa mwen di sè ke gen anpil konsekans ki lang ou anplwaye pou ou edike yon pèp. Sa ap diferan anpil si ou fè sa an kreyòl, ou si ou fè sa ann angle, si ou fè sa an panyòl, ou si ou fè sa an franse.
Mwen gen tandans panse anpil a alfabetizasyon pèp Ayisyen epi a edikasyon pèp la toou. Men pi plis toujou, mwen toujou ap panse a PATISIPASYON PEYIZAN AYISYEN NAN VI NASYONAL PEYI D AYITI. Mwen toujou ap sekwe tèt mwen lò mwen tande gwo entelektyèl yo ap fè bèl diskou AN FRANSE SOU DO PÈP LA, lò pèp la pa anmezi pou li konprann ki sa entelektyèl sa yo ap di oswa ap pwopoze oswa ap planifye POU YO. Tout Ayisyen pale kreyòl, mwen panse fòk tout bagay enpòtan an Ayiti ta k ap fèt an kreyòl tou. Tout bagay ki enpòtan pou Ayisyen (se pa lekòl astwonòt!). Nan lide pa m, si nou ta kreye yon espas politik ki ta pèmèt pèp Ayisyen an deside pou kont pa l ki tip de devlòpman yo ta renmen pou kont yo (e sa pako janm fèt), yo gen dwa fè sa NAN GWO KREYÒL YO, e fè sa pi byen pase tout politisyen an Ayiti ki chita ap pale franse sèlman. Pou mwen di ou vre, frè mwen, zafè Angle a pa t janm pase nan tèt mwen pou pèp Ayisyen an. Tout sa mwen ka di sou sa ou pwopoze la se: POU KI SA? Si nan yon nivo siperyè gen gwo liv chimi, liv fizik, liv ekonomi an angle e pa genyen yo an kreyòl, mwen pa wè pwoblèm nan sa, paske nenpòt ki Ayisyen ki gen yon edikasyon de baz nan nenpòt ki lang gen dwa vin aprann angle a pi ta pou yo kabab bat bèt sa yo. Yo kapab fè sa an franse tou, an panyòl, ann alman, an pòtigè, epi tout lòt lang ki gen sou latè a toutjou. Nou konnen byen Ayisyen kapab! Sa, se pa demagoji m ap fè.
Men jan mwen gade pwoblèm ou poze la, mwen wè ke nou kapab devlope pè Ayisyen an a 10 pou san (suivan tradisyon nou ak istwa nou, ki pòte nou fè sa nan yon lang etranje), avèk resous 10% Ayisyen ki konn pale franse plizoumwen. Pou angle a menm, se pa pale. Ki resous pwofesè nou gen ki konn pale angle????? Menm nan Dyaspora a menm, ki POUSANTAJ Ayisyen ki santi yo alèz tout bon nan lang angle a jis pou yo ta tounen ann Ayiti al devlope tout yon pèp ki pale kreyòl inivèsèlman nan yon lang ki toutafè etranje pou yo. An jeneral, elèv yo pa rive pilwen ke pwofesè a kapab mennen yo. Epi pou chak santèn Ayisyen, konbyen pwofesè ou pral twouve?????
Pou ki sa mwen panse ke se Kreyòl la ki fèt pou li lang de devlopman ann Ayiti? Mon chè se pou yon rezon byen senp: se sa Ayisyen pale san grate tèt! Se lang nou! Chak Ayisyen kapab pwofesè pou yon lòt Ayisyen! Dayè se sa n ap fè nan fowòm lan jodiya menm!
Zafè angle a pa t janm vin nan tèt mwen. Mwen kwè tout moun ki edike kapab fini pa pale angle, lò lè a rive. Nenpòt ki Ayisyen ki edike gen dwa ale nan gwo libreri epi rale gwo liv chimi ak fizik yo, nan pwen pwoblèm nan sa. Men pou mwen si ou vle pale de devlopman tout bon vre, fòk ou ta kòmanse pa alfabetize pèp la, fè omwen edikasyon primè li tou, anvan ou voye yo nan gwo libreri yo. Epi di mwen, si ou ta vle ale alakanpay epi anseye yon ti gwoup kominotè kèk prensip menm fizik ou matematik, nan ki lang ou pral fè sa, Gifrants? Ann angle, an franse, ou an kreyòl?
Pou mwenmenm se yon bagay ki evidan, men petèt mwen pa konprann ditou lò ou di ke ou panse ke se anglè ki ta pou "lang de devlòpman" ann Ayiti. Se pou sa mwen te mande w pou ou te elabore sou konsèp la.
Sonje, ou pa t janm wè mwen parèt tankou militan sou fowòm lan pou mwen deklare: "SE KREYÒL KI FÈT POU LANG DE DEVLOPMAN ANN AYITI!" Mwen pa enterese nan demagoji, Gifrants. Sèl bagay mwen kapab di ou, sè ke lò mwen wè ki resous Ayisyen gen aladispozisyon yo (E LANG MANMAN OU SE YON RESOUS MAJÈ LI YE!), e lò mwen gade nan ki nivo elemantè nou ye jodiya, epi mwen eseye konsidere ki lang nou pral itilize pou nou soti nan stad souzelemantè sa a, mwen pa t ap janm panse ke se yon lang nou pa menm pale menm ki te kapab vin sove nou. "En d'autres termes, la question ne se pose même pas!"
Men mwen toujou konsidere ke lan nenpòt ki diskisyon, lò de moun pa kapab dakò, se paske byen souvan se pa de menm bagay la y ap diskite. Si la wè yon pòm, yo di li se yon fwi, epi li deklare: "Tout fwi wouj!" Si la menm wè yon zoranj, yo di li se yon frui, epi li deklare: "Tout fwi jòn!" Epi yo tou le de tonbe goumen pou granmesi. Se sa k fè mwen te mande w tout kesyon sa yo ke ou refize reponn yo. Mwen te jis bezwen konprann pi byen sa ou antann pa tèm "lang de devlòpman" an.
Guy S. Antoine
Repons sou sijè sa:
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Gifrants 01/4/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa Guy S. Antoine 01/4/2001
- Mwen gen anpil kesyon pou Gifrants sou koze sa JONAS 01/4/2001
- Pou konprann pozisyon Gifrants. (rale sa long anpil) Gifrants 02/4/2001