_Ann atandan_, _sideburns_, _cordon-bleu_, o`tograf, mo`foloji, "fo`m fije"...


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Strikti ak o`tograf "fo`m fije"? (Ki sa yon "fo`m fije" ye?) Hugues Saint-Fort te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 01 Avril 2001 a 15:05:58:

Hugues Saint-Fort se`vi ak egzanp sa yo pou li
eseye montre ke gen fo`m fije ki fo`me yon grenn
"mo", kankou:

+ sideburns
+ sidekick

Men la Huges (genle`?) ap konfonn o`tograf ak
striksti lang. O`tograf lang kankou angle gen
anpil kote li abitre`, kote li pa koresponn ak
strikti lang la. Se`ta di nou pa kab baze nou so
o`tograf "sideburns" oubyen "sidekick" pou nou
deside ke eleman sa yo se yon grenn mo yo ye tout
bon nan te`t lokite` natif. Selon analiz lengwis
fe`, nou kab di eleman sa yo se mo `konpoze' yo
ye: mo konple`ks ki fo`me ak plizye` mo separe (se
sa yo rele "compound" nan lengwistik).

Donk nou we` nou pa kab se`vi ak o`tograf pou nou
deside kote separasyon ant mo vin tonbe. Moun ki
te deside ekri _sideburns_ oubyen _sidekick_
oubyen _cordon-bleu_ oubyen _male_ (pou m ale), se
pa lengwis yo ye. Moun sa yo pa te fe` analiz pou
yo chache konnnen ki jan lokite`t natif pe`sevwa
mo konpoze sa yo (e la fo`k nou sonje `pe`sepsyon'
lengwistik pa oblije fe`t konsyamman).

An tou ka, depi nou we` gen "fo`m fije" kankou
_bat be`_, _gwo soulye_, _kick the bucket_, _by
and by_, _No way, Jose'_, _dot-com_, _cordon-bleu_
ki gen plizye` mo ladan yo, sa deja montre nou ke
fo`m fije pa oblije fo`me yon grenn mo.

Kanta entuisyon Hugues sou _ann atandan_, fo`k nou
fe` atansyon a sa. Entuisyon se pa analiz.
Entuisyon konn twonpe moun, sitou si entuisyon nou
soti anba enfluyans lo`t lang oubyen sou sa nou
konnen sou lo`t lang.

Men 2-3 lo`t done ki montre espresyon kankou _ann
atandan_ se pa fo`m fije. Egzanp sa yo soti nan
travay Iv Dejan te pibliye an 1980. Egzanp sa yo
(ki pa egziste nan tout dyale`k nan peyi a) se yon
endikasyon ke eleman ki suiv _an(n)_ lan se yon
nominal li dwe ye:

1. ann arivan m sou te`t mo`n Tapyon, ...
2. an so`tan m Ench, ...

Nan 1-2, nou we` _arivan_ ak _so`tan_ se fo`m
nominal yo ye tout bon: _arivan_ ak _so`tan_ ka
se`vi ak pwonon posesif. Konpare _arivan
m_/_so`tan m_ ak: _dan m_ (_my
tooth_), _dan l_ (_his tooth_).

Sa vle di _arivan_ ak _patan_ (ak lo`t fo`m _X_ ki
fini a sifisks -AN nan chema _an(n) X_) se fo`m
nominal yo ye.

Sa vle di tou ke chema _an(n) X_ la pa fije: se
yon chema prepozisyone`l kote _an(n)_ se
prepozisyon epi X se yon sentagm nominal kankou
_Ayiti_, _kreyo`l_, _angle_, _panyo`l_, _atandan_,
_arivan_, _patan_, etc..


-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________




Repons sou sijè sa: