ki pi bon jan pou ekri yon non...


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 05 Avril 2001 a 09:25:58:

Monchè Milou,

Sa se yon ekzanp konkrè ou bay la, kouman Fowòm Ayisyen ap ede anpil Ayisyen "nan chemen gransavwa" a aprann ekri lang manman yo. Mwen te toujou suiv bèl kontribisyon w abitye fè deja sou Fowòm lan, patikilyèman nan diskisyon sou zafè planifikasyon ekonomik peyi d Ayiti, epi tou refòm ki ta dwe fèt nan jesyon bwat Leta-a. Mwen opsève ou fè anpil pwogrè nan ekriti Kreyòl la. Ou ba Fowòm Ayisyen an kredi pou sa, sa fè m plezi anpil, paske sa se yon siy enpòtan ke mwen p ap gaspiye tan mwen ak enèji mwen. Tankou (Kankou) w, mwen remèsye msye lengwis yo, an patikilye Michel DeGraff ak Nikola Andre, pou bon jan bèt yo vide sou nou, pou nou bat bèt la, jis nou rive metrize l yon jou. N ap fè chemen sa ansanm, "main dans la main".

Pou zafè fot ou fè yo, m ap siyale ou de ki pa sanble erè tipografik: fòk ou ta ekri "suiv" nan plas "suyv", e mwen panse ke fòk ou ta ekri "moun" nan plas "mounn". Men fò mwen di tou alòske premye rektifikasyon an pa gen deba ladan (se "suiv" nètalkole), dezyèm rektifikasyon an se entèpretasyon pa m, men li pa entèpretasyon tout lengwis Kreyòl yo. Mwen kwè pi fò pati nan lengwis yo ekri "moun" men gen yon minorite ki kontinye ekri "mounn" e mwen pa konprann pou ki sa yo fè sa. Dapre mwen, nan pwen rezon pou nou ajoute yon dezyèm "n" apre "moun", apre "vin", apre "fin".

Finalman, lò ou ekri "pou nou ta dim", sa se siman nan tape vit, mwen kwè ou konnen pafètman ke ou dwe separe vèb yo ak pwonon yo. Sa vle di fòk ou ekri "di m", se pa "dim". Men tip erè sa pa grav, se tout lajounen, mwen komèt erè sa yo, paske mwen pa ekspè nan tape sou klavye a. Sa k fè mwen mete sa alevidans, se pou lòt moun ki poko (pako, pankò) aprann prensip separasyon vèb ak pwonon yo.

Gen yon lòt bagay ou gen dwa wè mwen pa mansyone jiskadat, se zafè siy diyakritik yo ("signe diacritique", "diacritical mark"), sètadi aksan grav sou lèt "o" ak "e" ak "a" lò yo bezwen sa. Bsgay sa ba gason anpil difikilte pou jan pou yo ekri nan "e-mail" oswa nan fowòm yo. Gade mo "fowòm" lan byen, epi mwen pral dekri pou ou 5 jan Ayisyen reprezante mo sa tipikman sou entènèt la:

1. fowom (yo pa reprezante siy diyakritik la ditou)
2. fowòm (jan mwen deside fè sa toutan, paske lagrann majorite moun se konsa yo pral wè sa)
3. fowo`m (sa se metòd Michel DeGraff la, paske li vle akomode yon ti minorite moun ki pa wè fowòm jan mwen ekri li la)
4. fow`om (sa se metòd Hugues St. Fort, ki menm ak pa DeGraff la, eksèpte Hugues mete siy lan anvan lèt "o" ak lèt "e" yo, tandis ke Michel mete yo ann apre)
5. fowOm (sa se metòd anpil Kreyolis ki mete lèt "o" ak lèt "e" an majiskil lò yo ta va ekri "ò" ak "è" si yo t ap kouche mo yo sou yon fèy papye). Metòd sa entwodui pwòp enkonsistans pa li, paske gen de lè nou fèt pou nou ekri son "o" ak son "e" nan lèt majiskil, san nou pa ta vle chanje son lèt yo an "ò" oswa "è". Answit, zafè melanje lèt majiskil al lèt miniskil agoch-adwat nan mitan mo yo ase pou li fè tèt yon moun toudi!! Opwendvi estetik, solisyon sa pa bèl ditou. Men sa se opinyon pèsonèl mwen.

Senk metòd pou nou ekri yon grenn mo sou konpitè a. Sa se yon eskandal "des plus enragés!" Mwen kwè Kreyòl la a fè yon gran pa ann avan lò yon moun entwodui yon klavye Kreyòl oswa yon lojisyèl (software) Kreyòl ki ta pèmèt nou fini ak pwoblèm diyakritik sa. Gen anpil ti solisyon otomatik ki egziste deja, men sanble anpil anpil moun pa konnen kouman pou yo sèvi avèk yo.

Finalman, sou zafè non pwòp yo, mwen panse dabò se preferans pèsonèl moun nan ke w ap ekri non l lan. Roger Savain ekri non li "Woje Saven" depi l ap ekri an Kreyòl. Mwen, mwen toujou ekri non mwen "Guy Antoine", mwen pa ekri "Gi Antwàn". Kidonk, m apresye lò moun ekri non mwen jan mwen ekri li tou. Sa mwen plis pa renmen nan zafè ekri non mwen suivan òtograf kreyòl la, se jisteman siy diyakritik la nou ta sètoblije ekri sou dezyèm lèt "a" a nan "Antwan". Konsa, moun ta ekri non mwen nan senk fason:

1. Antwan
2. Antwàn
3. Antwa`n
4. Antw`an
5. AntwAn

Monchè, mwen prefere evite dezagreman sa yo, epi ekri non mwen jan yo te kouche li nan batistè mwen: "Antoine". Sa se preferans pa mwen, men mwen pa pral nan lagè ak pyèsmoun pou sa.

Guy S. Antoine

-->