Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Jack te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 08 Avril 2001 a 17:48:19:

Jack,

M ap di w yon sèl bagay -- si lang kreyòl te ekri pa majorite Ayisyen, nou pa ta nan tchouboum sa.

Si lang lan pa yon lang ki ekri pa majorite Ayisyen, si genyen bon "leadership", lidè sa k ap konprann klè tankou dlo nan kannari, fòk li kite lang sa mouri, pou Ayisyen re adapte li pou siviv. ayè, lang kreyòl la pa evolye vle. Se kole kole ak MOBIBLITE HORIZONTAL Ayisyen ki ba lang yon sanblan d evolisyon e sa pami moun ki ale lekòl e ki vwayaje.

AYISYEN PA KA DEVLOPE TET LI ANN AYITI PASKE LI REZISTE ADAPTASYON. SI W PA EVOLYE W AP REGRESE.

Mwen pèsonèlman, mwen pa la pou konvenk pèsonn. Pwiske sèvo nou yo anfòm sou lakesyon, pouse pou pi devan. Mwen se dènye moun ka mete li atravè chimen nou. Kòmanse pa blye afè Gifrants lan. Mete "blue print" nou deyò, pouse. Se pa de sèvo!



Repons sou sijè sa: