An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Gifrants te ekri a,
Jack afiche mesaj sa, jou 08 Avril 2001 a 17:58:20:
Monche Gifrants,
Mwen ap fe gwo jefo pou m konprann sa ekri yo toujou. Mwen ka gen tet di paske tout sa ou sot di yo pa fe anpil sans pou mwen.
Ann pouse pou pi devan : Sa ou antann pa devlopman. Ki sa sa vle di. remake ke se konprann m a p cheche konprann . Mwen pap pale de gwo diplom e se pa frekan map fe.
Kom ou di wap travay pou peyi a e se ou sel k ap pote fado a, mwen panse li pa dwe konsa. Nou tout soti menm peyi kidonk pou ki sa se wou sel ki pou pote fado a. Si ou bay bon jan esplikasyon sou zafe devlopman an petet nou ta ka we de ki sa wa p pale.
Ma p repete kesyon an: Ki sa ou vle di le w pale de devlopman ou peyi.
- Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Gifrants 08/4/2001