Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Jack te ekri a,

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 09 Avril 2001 a 09:59:24:

Onè kanmarad,

Men, noumenm, nou gen tan ak kouray pou nou fè odyans !

Mèzalò, sanble se pa tan pèdi pou granmesi paske alafendèfen, nou reyisi fè kanmarad Gifrants layite vizyon reyèl li osijè lang nou an:

Kite l mouri !

Mwen sonje yon jou nan klas Jewografi m nan lekòl sekondè, Okanada, gen yon brase lide pwofesè a te louvri osijè eliminasyon grangou sou latè. Sete alepòk lè grangou t ap touye plizyè milyon Afriken frè ak sè nou nan payi Etyopi. Epi, yon jenn imigran ki apenn debake sòti an Frans leve kanpe nan klas la, byen bòzò, li di: pou yo desitire grangou sou latè, se tout moun ki grangou yo pou yo elimine!

Lè sa a, mwen potko aprann teyori Darwin yo epi lide «se sa ki pi enganm yo ki merite siviv» ke anpil filozòf ewosantrik te devlope depi dikdantan. Men, sa te reveye lespri mwen sou konsepsyon «gwonègik» sa yo pi byen pase sa okenn gwo liv teyorik te ka montre m. Sa se reyalite «in your face». Ti nonm lan kanpe li di: Kite yo mouri! epi dats it!

Lè mwen li pwopozisyon kanmarad Gifrants lan ki mande pou leta Ayisyen kite Kreyòl la mouri a, se menm filozofi «gwonègik» sa a ki flache devan lòlòj mwen. Kòm lang Kreyòl la pa gwo nèg ase pou li siviv, kite li mouri. Bay yon lang ki pi gwonèg pran plas li. Epi poukipa, lang ki aktyèlman pi gwo nan mitan tout gwonèg yo. Lang Angle ! Adye! Ala devlope Jamayik ta devlope. Ala devlope Nijerya ta devlope, ala devlope vye fanmi nou yo nan Soweto ta devlope. Ala devlope «Brijit» (pèsonaj Langichat la) ta devlope - pou dat l ap espik inglish nan Nouyòk!

Banm repo m tande Guy Frantz Toussaint !

Sou menm vitès adaptasyon sa a, noumenm Ayisyen nou ta dwe sispann jwe Rara, Vodou, Rasin ak Konpa. Nou ka cwazi adapte nou nan Hip-Hop osnon Opera. Gen anpil touris ki ta byen kontan wè sa. Yon ekip nèg k ap voye Beethoven monte. Nou ta ka envite palman an vin fè diskou (an Angle) chak fwa gen gwo pèfòmans piblik òkès filamonik nou yo ap fè. A sa ta bèl vre. Chak palmantè ap gen ti perik koton blan li sou tèt li epi la p di:

«Wi ar prawoud tou invayt you tou de gretès konnseurt èvèrrrr (to pap lage «r» yo se sèten!)»

Lè gen eleksyon menm, jounalis yo pap ka di «Le president a convoqué le peuple en ses comices» men, omwens yo va ranplase bèl fraz «en ses comices» la ak yon angle banda tankou:
«De pipol arrrr ibay sòmonnn to akonmplich dè sivik doutiz...»

Adye wi dan ! Kanmarad la di nou Skah Shah (Skah Shakh wi!) pa kanpe sou anyen.

Kidonk, se sèl kanmarad ki Ayisyen, se li sèl ki renmen peyi li, se li sèl ki konn jwe mizik Ayisyen, se li sèl ki konn ki jan Ayisyen ta dwe vire lang yo pou yo «devlope». Men, e si se limenm vre ki te gen rezon? Pa bliye se li sèl tou ki konnen kisa Jezi te di Verondadèk ak Mèlchisedèk nan setyèm syèl.

Asèmo je pe!

e, rastaman watyouse? Nou mele, pa vre?






Repons sou sijè sa: