An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Jafrikayiti te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 10 Avril 2001 a 15:36:47:
Onè, rèspè Jafrikayiti,W konnen sa m pi renmen nan tout fawouche nou fawouche paske mwen di kite kreyòl la mouri pou Ayisyen siviv avèk diyite li, e montre ke li gen entèlijans pou li adapte e siviv, ke tout zannimo fè dayè, e sa ki pa ka adapte yo, tou jis disparèt,
W konnen sa m pi renmen M'sye JAFRIKAYITI,
W CHITA O KANADA! AP PALE BON JAN FRANSE.
Tounen Ayiti, al pale BON JAN KREYOL W. E PI, VIV LA "DOLCE VITA" PEYIZAN YO KI KONN PALE KREYOL SELMAN.
Mwen renmen tande nou! Mwen renmen gade nou! Se pa de bon jan, de gwo nasyonalis "BOUNDA YO CHITA LA KAY BLAN AN!" MANJE LAKAY BLAN AN! PRAN POZ AP MANKE BLAN AN DEGA LAKAY BLAN AN!
PA PRAN RELE "ANMWE RASIS OU ANMWE ABI" LE BLAN FOUT NOU DEYO LA KAY LI! ALE ANN AYITI.
Nou vle kreyòl pou peyizan an! DESANN ALE VIV AK PEYIZAN AN AK GWO KREYòL NOU! ALE: men sèlman pa di malere peyizan an ni "j'ai été, je suis et je serai".
Vinn ranse, gason! Mwen Marcien Guy Frantz Toussaint, mwen ka renmen peyizan konnen mal ke mal sa ye pou mwen, sa mwen konnen. Mwen ka renmen peyizan jwenn posiblite ke mwen jwenn nan lavi. Vi wen pa fasil, vi pèsonn pa fasil. Men mwen, mwen gen konsyans pou m admèt avèk tout PATRYOTIS MWEN, TOUT NASYONALISM MWEN, TOUT LANMOU KE MWEN GENYEN POU FRE M AK SE M YO, KE KREYOL PA BAY BON REZILTA POU AVNI YO, E POU ESPWA KE YO GENYEN POU YON DEMEN MIYO.
Sa ki pi enpòtan an, y ap ka kominike san fristasyon, san pwoblèm avèk moun e ras ke yo kwè ki pi gran pase yo--ras blan an, byenke aprann lang blan pap sèl faktè pou asirans sa.
Pran san fwa w, gason! Pran san fwa w! Ki sa grenn je w ba w? W kwè w konnen?
- Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! jafrikayiti 10/4/2001
- Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Gifrants 11/4/2001
- Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! zaza 16/4/2001
- Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Jafrikayiti 16/4/2001