Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! Gifrants te ekri a,

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 10 Avril 2001 a 17:11:27:

Onè, rèspè Gifrants,

Mwen li repons ou a ak anpil atansyon. Li touche yon eleman esansyèl ki kapab diskite ak tout lisidite san efè dramatik.

Men kesyon an: Ki motivasyon reyèl ki dèyè tèt mesyedam k ap plede fè pwomosyon lang Kreyòl la kòm lang devlopman pou Ayiti?

Repons pa m: Gen plizyè kalite motivasyon ki posib.

Pami yo: gen motivasyon moun ki kwè tout bon vre Kreyòl la se lang natirèl pèp Ayisyen e selon tout lojik (ke rechèch verifye, daprè sa m konprann - si mwen manti, souple di mwen mwen manti), yon moun aprann pi byen, pi rapid, nan lang natirèl li. Kidonk, li kapab kontribye pi byen nan devlopman peyi li si lang natirèl li a, se lang fonksyonman majorite zafè nan peyi li.

Gen motivasyon moun ki pran mouvman Kreyòl la kòm yon bèl espas fèt-e-founich pou fè wè longè santiman nasyonalis yo. Kit se pou objektif politik, kit se pou chèlbètri. Se Lèsen-lèzanj sèlman (si yo ekziste) ki ka konnen kilès ki gen sa nan tyè a yo.

Lide m di m ou sispèk , anplis de kalite motivasyon sa yo gen youn ki nan lòbidjèt moun ki wè mouvman Kreyòl la kòm yon bon mwayen pou fè diferans la klè nètalkole ant yomenm ki fonksyone nan lang «blan» epi «lapopilas» ki pral adopte lang aryere yo bay pou lang Kreyòl la.

Ojis, li pwobap pou tout motivasyon sa yo ekziste, plis lòt ankò. Ki kantite moun ki gen motivasyon #1, #2, #3 elatriye... sa k konnen?

Kòm ou mansyone lefèt ke m chita chita m nan Kanada, ap friz anba bon jan franse pandan m ap fè pwomosyon lang Kreyòl kòm zouti devlopman nan peyi d Ayiti, mwen sètoblije di ou se motivasyon nimewo 1 an ki alabaz pozisyon m sou kesyon an. Ou pa gen pou ou kwè mwen ou pa. Mwen di ou sa ki sa epi sa rete la. Anplis, m ap klarifye pou ou ke laplipa moun mwen kominike ak yo epi k ap fè pwomosyon lang Kreyòl la kòm lang devlopman Ayiti ak Ayisyen, yo pa janm di fòk Ayisyen (ni presizeman Peyizan Ayisyen) derefize aprann pale Franse, Angle, Panyòl, Japonè, Kiswahili, Lingala Matematik osnon Ewe. Ni non plis mwen pa wè kisa itilizasyon lang Kreyòl kòm premye lang, e lang ofisyèl priyoritè tout bon vre nan peyi nou, gen arevwa ak yon lide konsa. Èske gen yon jèn nan kromozom 21 chak peyizan ki pral aktive pou anpeche yo aprann lòt lang dimoman lang Kreyòl la ta vin yon lang ofisyèl tout bon vre nan peyi nou?

Tout sa se dilatwa. Pa melanje koze yo. 1) gen yon kesyon lang Kreyòl ki dwe tounen yon lang ofisyèl TOUT BON VRE nan peyi nou, epi 2) gen yon kesyon enjistis sosyal, ki lakòz yon ti minorite jwisè nan vil yo akapare tout richès peyi a pou yo. Sa se de koze ki konekte men yo pa menm. Lè lang Kreyòl vin ofisyèl tout bon vre nan peyi nou, se pap pou peyizan sèlman, se pou tout Ayisyen. Lè enjistis sosyal (peyi anndan-peyi andeyò) va kreve tout bon vre nan peyi nou, se pa kesyon ofri tout Ayisyen sèvis nan lang natirèl yo sèlman li pral vide, se kesyon elektrisite-fènwa, lekòl tout bon-lekòl bòlèt, desantralizasyon sèvis leta elatriye tout sa sipoze brase...

Pami plizyè koze tout kalite ou ekri konsènan «lang blan», «peyi blan» elatriye...ou ekri:
«Sa ki pi enpòtan an, y ap ka kominike san fristasyon, san pwoblèm avèk moun e ras ke yo
kwè ki pi gran pase yo--ras blan an, byenke aprann lang blan pap sèl faktè pou asirans sa.»

Mwen pa konnen poukisa ou panse «sa ki PI ENPOTAN» se pou peyizan Ayisyen kominike avèk «moun e ras yo kwè ki PI GRAN pase yo». Men, premye bagay mwen kapab di ou, sèke si ni lang franse, ni lang angle pa aplikab, nan lespri m, kòm lang devlopman nan peyi nou, se pa paske se «lang blan» yo ye. Konsa tou, si mizik Opera pa aplikab kòm mizik nasyonal nan peyi nou (osnon mizik ki pou ta alabaz devlopman endistri mizikal la nan peyi nou), se pa paske se «mizik blan» li ye. Se paske, devlopman (jan mwen konsevwa li mwenmenm) se kichòy ki dwe fèt sou baz fòs ou genyen natirèlman nan pèp ou. 1) Tout Ayisyen konprann Kreyòl (ni kreyòl senp, ni kreyòl abstrè) / 2) Se yon ti minorite Ayisyen ki konprann yon lòt lang, apa Kreyòl / 3) Andedan ti minorite poliglòt sa a, se yon minorite ki pi piti piti piti toujou ki konprann yon lòt lang etranje onivo abstrè. Kidonk, efò sa ap pran pou montre tout moun li ak ekri nan lang Kreyòl (ke yo TOUT deja konprann - menm onivo abstrè), se yon efò ki minim parapò ak kantite jenerasyon epi domaj sosyo-ekonomik, sa ta pran pou Ayisyen ta touye lang Kreyòl la, montre tout Ayisyen yon lòt lang nan plas lang Kreyòl la epi aprann yo li ak ekri lang etranje sa a onivo senp epi abstrè.

Okès filamonik Sent Trinite gendwa ap voye mizik ewopeyen monte nòmalman nan peyi a. Men, si se la gouvènman Ayisyen ta di m li pral envesti yon bon pati nan bidjè Ministè Lakilti a, epi li t ap fè kraze tout bann rara, tout gwoup rasin, ak tout gwoup konpa, sou pretèks yo pa janm reyisi voye mizik Ayisyen monte onivo entènasyonal pou atis Ayisyen ka kominike ak «moun e ras yo kwè ki PI GRAN pase yo» mwen t ap di : Anmwey! Nèg sa yo lanvè-landwat, tèt anba, miwo-miba, devan-dèyè. Nou mele!

Alòs kanmarad annou eseye rete atè isit pou nou diskite kesyon lang devlopman pou Ayiti a. Bagay sa a pa gen anyen arevwa ak koze blan. Kidonk, pa eseye gaye wonn mab la.

Mwenmenm mwen fin teke pou mwen klarifye lepoukwa Kreyòl la, daprè mwenmenm, se lang natirèl pou nou devlope peyi nou. Oumenm ou di se lang Angle ki pi bon. Souple ranmase boul pik ou, ale opa epi teke nan wonn nan san fè dilatwa. Mwen pa bezwen konnen konbyen mab ki blan, konbyen mab ki grizon, konbyen mab ki kaka jako nan wonn nan. Kon di Kebekwa yo: «ça a pas rapport, pantout!»

Jwèt pou ou kanmarad....



Repons sou sijè sa: