An repons a: Wol radyo nan peyi pa nou an Serge Bellegarde te ekri a,
Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 11 Avril 2001 a 15:38:20:
Onè kanmarad,Lè mwen li mesaj Jack la epi repons Serge Bellegarde la, mwen santi mwen jwaye. Tout bon vre fowòm sa a, se yon zouti wololoy.
Zafè radyo nan peyi nou se yon bagay ki gen enpòtans total kapital pou tout bon rezon kanmarad yo deja deplòtonnen pi wo a.
Pèsonèlman, mwen renmen repete sa yon kouzen te di m parapò ak enpòtans radyo nan peyi nou. Misye se yon dyaspora k ap viv Kanada tou. Men nou toulede tanmen pwosesis tounen lakay la depi 1990. Kouzen an di: "Men ki jan mwen konnen lè mwen nan peyi mwen. Lè mwen Okanada depi mwen monte machin mwen, mwen rale yon kasèt (osnon yon CD) mwen monte volim mwen epi mwen mete gaz. Lè mwen nan peyi mwen, mwen monte machin mwen, mwen louvri radyo a epi mwen pati.".Si yon moun bezwen pran tanperati Ayiti, se radyo ki pou ba ou li. Natirèlman gen estasyon ki pi eneteresan pase lòt. Genyen se pwogramasyon ekzotik nèt alkole men gen lòt tankou Radyo Ginen (radyo 4 pa 4 , 9 depatman an) ki natif natal tout bon vre.
Anpil fwa kòmantè ki fèt sou radyo Ayisyen fokis sèlman sou emisyon lib tribin yo. Poutan gen anpil lòt emisyon enteresan mwen toujou suiv lè mwen nan peyi a. Parekzanp: radyo Ginen (osnon Kiskeya - mwen pa sèten) te gen yon emisyon sou seksyalite, kote moun tout kote ap rele pran bon jan enfòmasyon nan men yon doktè - nan bon jan kreyòl. Radyo Kiskeya gen emisyon chita pale ak atis Ayisyen, òganizasyon fanm. Radyo Ayiti, Signal FM ak lòt radyo te gen anpil bon emisyon chita pale ak envite espesyal tou.
Men, se vre emisyon lib tribin yo, se emisyon vedèt. Wi, an jeneral mwen pa renmen atitid pasif animatè yo adopte pou laplipa nan kad emisyon sa yo. Men,emisyon sa yo gen yon enpòtans total kapital pou avansman lespri kritik nan peyi a. Gen anpil bon bagay ki di, nan mitan tout voye monte san kontwòl la. Ojis, mwen pa kwè se kontwòl etatik ki ta dwe regle pwoblèm voye monte a. Mwen plis kwè okontrè, nou dwe kite pèp Ayisyen grandi ak eksperyans sa a epi limenm li pral enpoze direksyon radyo yo, pou yo amelyore kalite travay animatè yo fè pou oryante diskisyon yo yon mannyè ki konstriktif, san li pa retire libète lapawòl la nan bouch sitwayen yo.
Deja gen yon enstitisyon: CONATEL (mwen kwè se konsa li rele) ki reglemante zafè radyodigfizyon nan peyi a. Parekzanp, lè emisyon Daly Valet a, te vin lage nan yon pant anti-Lavalas kare bare, se enstitisyon sa a ki te sèvi zouti (daprè lekti anpil moun) pou eseye bay Vizyon 200 presyon (sou baz teknikalite legal). Mwen kwè sete yon erè jijman bò kote gouvènman an. Paske 1) Vizyon 200 vin pase pou viktim - kidonk popilarite emisyon an ogmante olye li diminye 2) li bwouye de bagay ki dwe rete separe - obigasyon mèt radyo yo genyen pou yo peye taks kòmsadwa epi fonksyone nan legalite - epi libète opinyon politik ki fofile nan emisyon radyo yo 3) te gen lòt mwayen pi efikas pou jere kritik negatif emisyon «Vision 2000 à l'écoute» t ap pwopaje alegad gouvènman an.Antouka, mwen bay ekzanp sa a, paske mwen te renmen tande epi patisipe nan emisyon Daly valet a. Se yon ekzanp klè kouman Lavalas ta dwe itilize yon apwòch pi entèlijan anfas kritik piblik. Daprè sa m konprann, Daly Valet se yon jenn gason ki grandi nan milye pwogresis la, nan lavil Jeremi. Li klè se yon animatè ki konn fè bon jan analiz politik epi li popilè anpil nan peyi a. Ojis, kòmantè misye yo plis kadre nan mouvans Lavalas la. Poutan, misye ap anime yon emisyon nan radyo ki kreyem jere epi kontwole ak lajan koudetayis yo. Se radyo sektè oligachik retwograd la. Gen de lè mwen fin tande yon emisyon Daly, epi mwen mande tèt mwen ki lè y ap revoke misye. Parekzanp: misye te fè yon emisyon ak Boulos osijè dosye medikaman pwazonnen an. Epi jou sa a, plizyè oditè (pami yo: mwenmenm) rele epi yo poze Boulos anpil kesyon valab - san konte kòmantè anbarasan - sou dosye a epi atitid iresponsab epi kriminèl Pharval adopte vizavi viktim yo.
Orezime, mwen kwè youn nan feblès emisyon lib tribin yo nan peyi nou, se atitid pasif kritik emisyon sa yo pran vizavi fenomèn nan. Sa vle di anpil nèg chita tande emisyon yo. Yo plenyen lakay yo, osnon ak lòt moun yo rankontre osijè nivo kòmantè k ap fèt yo. Men, yo pa pran tan rele nan emisyon an epi patisipe menm jan ak tout moun nan brase lide a.
Se menm jan ak fowòm sa a. Si li enteresan, se non sèlman granmesi travay Guy Antoine ki kanpe djanm epi ki adopte yon atitid pa pè chay fas a tout kritik ki kapab tonbe sou li poutèt sa l ap fè a. Men tou se paske, anpil nèg ak nègès (an pasan konbyen nègès ki patisipe vre?) pran responsablite patisipe nan brase lide a tèt kale.
Antouka, mwen remake mesaj la depase longè nòmal. kidonk, mwen jete m pou yon lòt kanmarad rapousuiv...Respè,
Jaf
- Wol radyo nan peyi pa nou an Serge Bellegarde 11/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an Jack 12/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an Gifrants 12/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an Jafrikayiti 16/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an milou 16/4/2001