Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Zafè lang Kreyòl sa! Ah! Dje! jafrikayiti te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 11 Avril 2001 a 22:24:00:

Mon Chè Jafrik,

Yon sèl bagay ki rete pou mwen di w: Se sa nou vle pou malere pèp Ayisyen, fè li. Pran kreyòl la, sèvi ake li e pou malè li e pou bonè li.

M ap repete ankò--Pap gen anpil nan nou gwo entelèktyèl k ap voye pitit nou ale ann Ayiti nan gagòt sa. Na kontinye fè la diferans toujou!

Men mwen, ke listwa make sa--mwen pa kont kreyòl la paske mwen anti-Ayisyen, mwen kont kreyòl la paske li TWO TA pou reyini pèp Ayisyen ankò ak lang lan. Sèvo peyi d Ayiti an deyò peyi d Ayiti, e pa genyen e mwen kwè poko ap pwèt pou genyen yon lòt 86 ankò pou Ayisyen wè se yon gwo opòtinite pou yo retounen lakay yo. KREYOL PA TE JANM METE TOUT AYISYEN SOU MENM PYE D EGALITE, E LI PAP JANMEN, JANMEN, JANMEN METE TOUT AYISYEN SOU MENM PYE D EGALITE.

Prezidan nou an, nou tèlman ap glorifye nan jounen jodya, konsidere le fè ke li pale anpil yon gwo zafè, e sa ki pi bèl la, menm nou tou konsidere sa kòm yon gwo zafè. Pouki? Jafrik, w kwè se tout bon vre, nou konnen konsekans sa nou vle a?

Dieu y pourvoira!


Repons sou sijè sa: