An repons a: Wol radyo nan peyi pa nou an Jafrikayiti te ekri a,
Serge Bellegarde afiche mesaj sa, jou 11 Avril 2001 a 22:56:36:
Onè Kanmarad Jakrikayiti,
Mwen li mesaj ou a e mwen dakò avèk ou Guy Antoine fè yon gwo travay anpil pou kenbe fowòm nan wout dwat. Men gen yon bagay ou di ki tèlman enpòtan map kouri bay sa w di a jarèt. Men ti fraz ou di a:Men tou se paske, anpil nèg ak nègès (an pasan konbyen nègès ki
patisipe vre?)....
Sa w di a tèlman vre. Kote nègès yo sou fowòm kreyòl lan? Kouman fè se yon pakèt gason sèlman kap ekri lè gen yon seri koze serye kap diskite. Bagay sa se yon pwoblèm nan sosyete nou an kote fanm pa patisipe ase. Eske se pase yo pa enterese? eske se paske jan nou menm gason pale pwoblèm nou fè yo pè? Eske se paske yo pa konn sijè yo? Eske se paske yo pa vle ekri nan lang kreyòl la? Eske se yon tradisyon "macho" kap kontinye ki fè ke yo pa vle patisipe? Endedan peyi, mwen fanm yo pran anpil anpil inisyativ. Ki jan sa ye andeyò peyi-a?
Tou sa se yon seri kesyon ki ta ka bon pou nou debat nan fowòm e li ta bon pou nou ta tande kèk fanm mwen konnen ki espesyalis nan koze sa yo.
Se tou sa mwen te vle di.Serge Bellegarde
- Wol radyo nan peyi pa nou an Jack 12/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an Gifrants 12/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an Jafrikayiti 16/4/2001
- Wol radyo nan peyi pa nou an milou 16/4/2001