Kolektivite teritoryal yo


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Kolektivite teritoryal yo Guy S. Antoine te ekri a,

milou afiche mesaj sa, jou 12 Avril 2001 a 08:37:45:

Monche Guy,
Mwen byen kontan li koze w sou zafe peyi nou an. Se vre nou pa konn lakay jan nou te dwe konnen l.
Sak pi grav la ,le n ap pale nou kwe tout bon vre ke se nou ki konn lakay pi byen pase ou lot aloske nou pa jan m travese fontye Potoprens.

Kamarad Pwofet fe ou gwo travay e mwen tou m apresye anpil anpil li e aprann non tout ti komin ak awondisman ki nan peyi d'Ayiti. Le w pale de zon Okap mwen santi m atake paske mwen pa kon Okap e mwen toujou jennen le m ap pale ak ou etranje e se li k ap pale m de Okap. Fok mwen di w le konsa mwen santi m telman fwase ke bouch toujou rete bebe.
Sa fe m plezi pou m li sa w ekri yo sou zon ke ou visite yo paske gen anpil ladan yo ke m gen chans visite tou. Monche ou pa manti, si ou moun pa kon zon pwovens sa yo ou gen anpil bagay pou al aprann konnen nan vi w.
Peyi nou pov se vre men l gen riches pa l tou. Nan pwovens, le w ap mache ou santi w lakay ou. Le w al nan mache moun yo janti, ou pale avek yo ak respe e yo repon ou ak respe. Ou ti bonjou selman ou voye e sa selman gentan ou paspo pou yo resevwa kom sa dwa.

Riches peyi a jan w di l la se nou ak anviwonman an. La rivye ak plaj ki nan zon kot nou yo sifi pou ba w tet vire telman yo bel. Anfet, bote natirel sa yo inik pou mwen aloske mwen visite anpil lot kote nan karaib la. Eske se pase zantray mwen mare ak lakay ki fe sa ? Kidonk pou yon moun konprann sa m pale la fok ou ta deside fe ou ti kout pye pou ta we ak je w sa m vle di.

An konklisyon mwe voye ou gwo kout chapo bay Pwofet pou gwo travay sa e m remesye w anpil pou reaksyon sou koze sa.

Milou



Repons sou sijè sa: