Ide m ak kesyon sa yo...


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ide m ak kesyon sa yo... Guy S. Antoine te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 13 Avril 2001 a 16:08:51:

Mon Chè Guy,

Mwen pa vle antre nan diskisyon sa tou fre tou bouke, tou chofe.

Men èske nou tout ki vle kreyòl la pa reyalize ke se nan 21èm syèk nou ye? kote kominikasyon ap devlope a yon ritm anraje sou planèt la e pi se KONEYA, AKTYELMAN, NAN 21èm n ap eseye wè si krèyòl ka ekri? e nan pwosede sa, ti kesyon senp ke yon moun ap poze tankou Milou poze pa ka menm genyen yon bon repons? paske pa genyen yon Akademi sou pye pou lang lan? Lang lan poko striktire nan tout aspè li? E sa ki pi grav pandan ke yon moun tankou Serge Bellegarde ap kritike wen paske m ap itilize dè mo ou dè striki franse ou angle, sou pretèks ke mwen parese, nou pa reyalize, ke lang lan se yon lan lang "brit" ("brute"-peyizan an pap konprann mo sa), tout mo ke lèspri lòt moun konsèptyalize akoz de devlopman lakay yo, Ayisyen ki konn li "anprente", "prete" mo sa yo, paske kreyòl la li menm pa gen mo sa yo?


"Il n"est jamais trop tard pour bien faire!" Se pa vre?

Nou pap janm imajine jan bagay sa banm lapenn. W konn ki moun ka pray peye sa ankò? PEYIZAN AN! MALERE A K AP KONTE SOU NOU POU DESIDE POU LI!

N ap bay yo kreyòl, se yonn! men apre? Desizyon pou kreyòl la pa yon desizyon IZOLE! Gade desizyon sa nan aspè makro-ekonomik li! Pa wè kreyòl la nan aspè "nasyonalis", se yon fo aspè li ye.

A sipoze kreyòl la ofisyalize, ki konsekans li sou relasyon dyaspora-Ayiti? ki konsekans li nan itilizayon "media" modèn yo? Pa gade lòt peyi, gade nou menm Ayiti avèk pwoblèm pa nou, mwayen pa nou!
Kote lajan ap soti pou envèsti nan domenn edikasyon sa?
Kòman n ap fè li?
N ap pwal fòme pwofesè?
Ki kote?
Konbyen pwofesè?
Konbyen y ap pray touche? Ki "ensantiv" ap pray genyen pou yon "pwofesè kreyòl" anbrase edikasyon ann Ayiti?
Eske Ayiti genyen yon lin politik klè pou kenbe èstabilite anndan peyi d Ayiti?
Ki moun ki dakò ak zafè kreyòl la anndan peyi a?
Eske le fè ke LAVALAS, si se Lavalas ki deside sa, pran desizyon sa, tout moun dwe konfòme?
Ki konsansis ki genyen sou desizyon sa?
Ki sa ka pray rive si yon lòt gouvènman pa dakò ak lide sa?

Agiman ke kreyòl la, se lang majorite li ye PA SIFIZAN nan le ka peyi d Ayiti! Si jodya nou divize sou zafè sa, se paske depi toutodebi, zafè sa te deja divize nou. Se konnèya apre 200 zan, nou kwè avèk Ayisyen ki jete yo adwat e agòch, avèk Ayisyen ki PA VLE RETE ANN AYITI ANKO, nou kwè se lang sa k ap pray mete ddlo nan diven Ayisyen nan ETA D IRESPONSABILITE SIVIK KI SE GANGRENN peyi d Ayiti, se sa ka pray fè Aysiyen chanje lide?

Gen anpil moun ki pran malen plezi di mwen DRAMATIK! Ayisyen pase moun anba rizib tout jan. Yonn nan pi bon mwayen ki egziste nan lavi, lè yon moun nan pozisyon pou pran desizyon pou yon lòt moun, se METE W NAN POZISYON MOUN NAN W AP PRAN DESIZYON POU LI A!

Peyizan, menm lè li ka va kanpe devan mwen pou di wen, "monchè, Gifrants, blan gen lang li, blan gen kilti li, mwen gen lang mwen, mwen gen kilti mwen", m ap gen kouray pou mwen di li: "Depi tout tan, w gen e lang lan, e kilti sa, ki kote yo mennen w?"

Pa reponn mwen kwochi, pou di m si m ap mande w pou rejete lang, rejete kilti, pou bobo blan an, reponn mwen: "ki kote yo mennen w?"

Si yon moun reponn tou, ke lang lan, ke kilti a pa pwoblèm nou, donk se vre nou ka "shift", nou ka "evolve", nou ka "adapt". That's right!

Adjova.



Repons sou sijè sa: