Ki sa yon "fo`m fije" ye nan grame` kreyol (bis)...


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ki sa yon "fo`m fije" ye nan grame` kreyol (bis)... Michel DeGraff te ekri a,

Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 14 Avril 2001 a 15:00:23:

Mwen salye tout kanmarad ki sou fowòm kreyòl la.

Akoz lòt okipasyon mwen, m pa ka parèt sou fowòm nan a klè, men m toujou suiv deba yo. E se sa ki fè m tonbe sou nòt Michèl la, kote li mande m yon keksyon sou sa yo rele « fòm fije ».
Mwen kontan Michèl vini sou fowòm nan, malgre travay li anpil. M konnen diskisyon nou yo vin fèt sou bon rapò amikal, ak lide fè eklèsisman sou kèk ti pwoblèm ki toujou soti pou konplike yon sistèm òtograf ki senp, tankou sistèm òtograf nou an.

Natirèlman, Michèl, ou konnen m konnen w konnen twò byen sa yon « fòm fije » ye. Ou se youn nan nèg ki pèmèt mwen aprann anpil bagay nan domèn lengwistik. E ou konnen m tou prèt pou m tann limyè w abitye pote sou yon refleksyon w panse ki fè fo pa.
(Mwen kontan travay ekstwòdinè Guy S. Antoine fèk fè la a. Kon sa, tèks ki lakòz nouvo deba a parèt kòm si l te tou nèf.)

Anplis sa, kòm Michèl di li, keksyon li a « se kesyon sou _gramè _mantal _lokitè kreyòl. »
Men, mwenmenm se yon keksyon « sou òtograf kreyòl » m te reponn pou zafè dizan, katrè, inè...

E ni Michèl ni lòt moun ki sou fowòm nan ap dakò yon pawòl yon save nan koze lasyans lang te di :
« ... òtograf yon lang ranpli menm wòl ak rad ki sou yon moun... » Ositou, lang te egziste anvan òtograf e òtograf se pa lang li ye. Se sa ki fè mwen pridan anpil pou mwen pa melanje pwoblèm òtograf ak pwoblèm lang, paske anpil fwa se pa menm bagay. Men sa a tou, se pa mwen k ap di Michèl li.
Nan nòt mwen te voye sou pwoblèm « laj » ak « lè » Guy te poze a, m te di : « ... nimewo (chif ak nonm) gen yon pwononsiyasyon regilye, men lè yo konbine yo ak laj, lè, yo pran tout fòm fije ki genyen ki soti nan pwononsiyasyon franse a. »

Sonje :

1 (en), 2 (de), 3 (twa), 4 (kat), 5 (senk), 6 (sis), 7 (sèt), 8 (uit), 9 (nèf), 10 (dis), 11 (onz), 12 (douz), 13 (trèz), 14 (katòz), 15 (kenz), 16 (sèz), 17 (disèt), 18 (dizuit), 19 (diznèf), 20 (ven)...

Tout moun dakò se EN nou di pou chif 1. Gen sitiyasyon kote nou di YOUN tou.
Men ki sa nou di, lè yon timoun gen douz mwa laj ?

ENN AN, ENNAN oswa EN NAN ?
E lè se 60 minit menm ? Pa gen EN ankò. Èske nou ta dwe ekri IN È, INÈ oswa I NÈ ?

Si KATRAN ta dwe parèt sou yon lòt fòm grafik, sa pou l ta ye ?
*KATR AN ? (ENN AN)
KAT RAN ? (EN NAN).

Nou vle kontinye sèvi ak yon òtograf ki regilye epi ki pa bay twòp twòp konplikasyon, pa vre ?

A– Konbyen fòm nou t ap genyen pou mo « an » ak « è » lè pou n ta ekri yo apre yon chif, si pou n ekri an tout lèt ?

1.AN (8 an, 11 an, 12 an, 13 an, 14 an, 15 an, 16 an, 18 an...)
2.NAN (1 an...)
3.ZAN (2 an, 3 an...)
4.RAN (4 an...)
5.TAN (20 an...)
Se menm ka a pou « è », sof nan INÈ kote sa pi rèd toujou.

B– Si nou ta di « an » ak « è » pa chanje. Kounye a menm, se nimewo yo ki gen plizyè fòm :

EN, ENN, IN
DE, DEZ
TWA, TWAZ
KAT, *KATR (siy * vle di sa pa posib menm menm)
SIS, SIZ
SÈT, SET
NÈF, NEV
DIS, DIZ

– Pou sitiyasyon A, gen ka kote ni chif la, ni mo « an » oswa « è » chanje fòm :
avèk en : 1 è [I NÈ]
avèk sis : 6 an [SI ZAN]
avèk nèf, diznèf : 9 an, 19 an [NE VAN, DIZNE VAN]


Di mwen souple si se LENGWISTIK pou m fè nan ka sa a oswa si se LOJIK nan EKRITI A.

Epitou, si INÈ pa ta yon fòm fije, ki lojik ki ta kòmande pwononsiyasyon « IN » oswa « I » pou chif siy 1 reprezante ?
Si KATRÈ pa ta yon fòm fije, kote pwononsiyasyon sa a soti ?

M ta vle mande Michèl pou l sèlman di m ki jan li ekri mo sa yo. Bliye si m te pale de « fòm fije ». Epitou Michèl ou tou konnen, m tou prèt pou m asepte sa ou prezante ki ka pèmèt nou suiv menm bon demach nou kòmanse suiv nan ekri lang kreyòl nou an.

Mèsi anpil pou pasyans nou.


Nikola





Repons sou sijè sa: