_Fo`m fije_, mo`foloji ak o`tograf...


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ki sa yon Nikola Andre te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 14 Avril 2001 a 19:38:23:

Mwen dako` ak Nikola le` li ekri:

> « ... òtograf yon lang ranpli menm wòl ak rad ki
> sou yon moun... » Ositou, lang te egziste anvan
> òtograf e òtograf se pa lang li ye. Se sa ki fè
> mwen pridan anpil pou mwen pa melanje pwoblèm
> òtograf ak pwoblèm lang, paske anpil fwa se pa
> menm bagay

Se pou sa tou mwen te di ke kesyon mwen an se yon
kesyon _lengwistik_ ki konse`ne grame` mantal
moun ki pale kreyo`l e ki pa oblije afekte jan
nou _ekri_ kreyo`l.

Men an menm tan tou, kesyon lengwistik konn gen rapo`
ak kesyon o`tograf (sitou nan zafe` fonoloji).
Mwen kwe` Nikola te dako` ak sa tou le` li te ekri:

> Miche`l te vin ak prensip pou nou suiv estrikti
> mo`fofonolojik lang lan, e mwen dako` ave` l

Se yon ti sijestyon mwen te fe` pou nou ka kenbe
o`tograf la "regilye". Se pou sa mwen kwe` fo`k
nou ta eseye konprann strikti espresyon kankou:

_dizan_ oubyen _diz an_ oubyen _di zan_, etsetera
_katre`_ oubyen _katr e`_ oubyen _kat re`_, etsetera
_sanzatann_ oubyen _sanz atann_ oubyen _san zatann_, etsetera

E se la Nikola te vin ak yon agiman ke fo`m sa yo se
_fo`m fije_ yo ye e se pou sa pou nou ta ekri yo an yon
grenn mo (san espas). E jan Nikola te bay agiman
li a, li te se`vi ak espresyon _fo`m fije_ ko`m si
se yon kategori lengwistik ki byen kle`.

Donk pwoble`m mwen la a se yon pwoble`m _lengwistik_.
Mwen te deja di mwen pa gen pwoble`m ak desizyon
o`tografik sou ti detay kreyo`l (ti detay ki
pa gen gwo enpo`tans). Se sentaktisyen mwen ye,
se pou sa mwen pli enterese nan pwoble`m lengwistik
ki chita sou _strikti_ lang lan jan li egziste
nan te`t moun ki pale kreyo`l.

Annou pran _dizan_ pa egzanp. E`ske se yon "fo`m
fije" ki pa gen strikti: E`ske se yon grenn se`l mo
oubyen e`ske se de mo? Konbye mo lokite kreyo`l la
gen nan te`t li le` li pwononse _10 an_?

Espresyon nou reprezante ak 1, 2, 3, ..., rive nan
enfini, se chif yo ye. Lokite` kreyo`l la reprezante
chif sa yo ak mo ki gen pwo`p endependans yo. Mo
sa yo (menm jan ak plizye` lo`t mo kreyo`l) gen
varyant fonolojik ki depann de konte`ks kote yo
pare`t yo e (menm jan ak anpil lo`t fo`m nan lang
lan) varyant fonolojik sa yo soti nan eritaj franse
menm si anpil nan moun ki pale kreyo`l pa pale
franse (sa se diferans ant etimoloji ak mo`foloji).

An plis, espresyon kankou _1 an_, _2 an_, ...
_1 e`_, _2 e`_, gen strikti semantik pa yo tou.
E se yon strikti semantik ki transparan: nou pran
chif la (1, 2, ...) epi nou miltiplye semantik li
ak semantik fo`m ki suiv la (_e`_, _an_).

Se sa yo rele yon konbinezon ki _pwodiktif_ nan
yon lang. An jeneral, "fo`m fije" pa pwodiktif;
semantik yo pa transapran.

Se pou sa mwen pa konprann pou ki sa fo`k nou
ta konsidere fo`m sa yo kankou "fo`m fije". Nan
te`t pa m, yon "fo`m fije" se yon fo`m kote
semantik fo`m la pa chita sou semantik eleman ki
antre nan konpozisyon fo`m la (sonje egzanp "bat
be`t" Hugues Saint-Fort te bay la). E sa a se
pa ka _1 an_, ... _10 an_, ... _1 e`_, ... _10 e`_.

Mwen reyalize konbinezon sa yo gen aparans eksepsyon
sou jan fonoloji yo fonksyone. Nikola byen montre
sa nan de`nye mesaj li a. Yon egzanp ki montre
eksepsyon fonolojik sa a kle` se pwononsasyon
_4 an_ ak pwononsyasyon _4 Ayisyen_:
nou ka di /katran/ e nou pa ka di /katan/ ,
men nou ka di /katayisyen/ .

Men nou jwenn ti eksepsyon sa yo nan tout lang akoz sa yo rele
"aksidan istorik" sou jan (tout) lang vin devlope.
Men yon ayisyen ki pale kreyo`l se`lman p ap janm
konnen kote aksidan istorik sa yo soti.

Men Ayisyen sa a ki konn chif 1, 2, 3, etsetera,
p ap gen okenn pwoble`m pou li konpran semantik
_1 an_, ... _10 an_, ..., _1 e`_, ... _10 e`_ e
semantik sa a chita sou egzistans _2_ eleman nan
chak espresyon sa yo. E eleman sa yo, nou jwenn
yo (oubyen nou jwenn varyant/alomo`f yo) nan lo`t
kote ko`m mo endependan. Sa se pre`v ke espresyon
sa yo pa fo`m fije.

Kounyen an, sou kesyon o`togr af, nou pa oblije fe`
o`tograf la baze sou strikti mo`folojik lang lan.
Yon moun k ap erki lang lan pa oblije lengwis.
Men sonje se lengwis mwen ye: mwen eseye konprann
strikti lang lan. O`tograf se yon lo`t afe`: nou
ka pran desizyon sou ki jan pou o`tograf la _dwe_
fonksyone selon sa nou kwe` ki ka pli fasil pou
moun k ap ekri lang lan. Men nou pa ka fo`se ki
jan strikti yon lang _dwe_ fonksyone. Zafe` ki sa
yon "fo`m fije" ye, se yon zafe` _anpirik_ kote fo`k
nou al chache done ak agiman pou nou deside ki sa
sa ye.

Men an tou ka, SI nou ta vle pou o`tograf la baze
sou mo`foloji lang lan, fo`k nou ta ka ekri:

_enn an_, _dez an_, _twaz an_, _katr an_, ...
_diz an_, ... _vent an_

(E sa se yon gwo "SI" ki pral depann de plizye`
konsiderasyon pedagojik---men lamarin pa metye m!)

Nan seri sa a, nou se`vi ak yon varyant fonolojik
chif yo (1, 2, ...) epi nou kite non an (_an_
oubyen _e`_) menm jan.

Men si nou prefere ekri:

_ennan_, _dezan_, _twazan_, _katran_ ...

se pa pwoble`m menm paske nou toujou respekte prensip
"menm le`t pou menm son" (menm si o`tograf sa a
pa respekte strikti mo`folojik lang lan---nou ka
kite sa pase ko`m eksepsyon).

An tou ka, m ap repete: ti pwoble`m sa yo se pa
gwo zafe` pou o`tograf, se pli gwo zafe` pou
moun k ap eseye konprann grame` kreyo`l la jan
li fonksyone nan te`t lokite` natif.

-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________





Repons sou sijè sa: