An repons a: _Fo`m fije_, mo`foloji ak o`tograf... Michel DeGraff te ekri a,
Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 14 Avril 2001 a 20:48:10:
M te konnen Michèl te gen yon bèt pou nou sou koze "fòm fije" sa a. M pa bezwen di Michèl chapo ba paske chapo m toujou rete byen ba pou li.
Pa gen anyen ki montre 1 an, 1 è, 10 an, 4 è, eksetera se fòm fije yo ye. Se sa k fè m te di "mwen pridan" pou m pa konfonn koze òtograf ak koze lang. Toutotan nou sèvi ak chif, nou klè pou n ekri yo. Men kòm Michèl tou mete m sou pis la, nou gen dwa pran tout nimewo nou jwenn nan lang lan, mete yo ak nenpòt ki lòt mo ki kòmanse ak yon vwayèl, n ap wè jan nou pwononse chif yo lè nou di yo pou kont yo pa chanje devan mo sa yo.
E se prensip sa a m te defann avèk menm sitiyasyon "san+X" kote X se yon vwayèl. Kounye a, nou kab pran yon fòmil "chif+X" ak X kòm vwayèl
toujou.
Gen nèg sou fowòm nan ki bon nan Gramè. Yo ka fè yon egzèsis ak ven, trant, karant mo kon sa, pou sitiyasyon sa a :De anana, kat Ayisyen, sèt endyen, eksetera.
Mwen pa konn ki jan nou ka dekri patikilarite sa a nan lang lan, men lè nou tonbe sou "è" ak "an", nou rankontre tout varyant fonolojik ki soti nan eritaj franse a (jan Michèl di sa). Mwenmenm, kòm Michèl pa an dezakò nèt avè m, mwen panse pi bon fason nou ka ekri yo se reprezante yo "tankou fòm fije" san nou pa blije di se "fòm fije" yo ye.
Entèvansyon m nan sans sa a, se sou reprezantasyon grafik son sa yo (ki pran yon ti distans tou piti ak estrikti mòfolojik lang lan?)
Mwen asepte tout sa Michèl di yo, lè nou antre nan analiz lengwistik ki an rapò ak gramè mantal moun ki pale lang nan.
Men lè nou konsidere detay òtografik yo, gen kout gidon si yo pa fèt, n ap tonbe nan bagay ki pi biza moun ta ka ekri epi ki ta fè nou pran tan pou n chèche konprann sa ki ekri a :Yon ti demwazèl vent an kòmanse travay a in è pou kat rè.
E si demwazèl sa a te gen diznev an, epi l te travay a katr è pou nev è ?Mwen ta mande Michèl èske l panse se yon keksyon preferans ki ta dwe fè yon moun pa ekri "katr" pa egzanp. Sistèm fonolojik lang nan pa gen son "r" final apre yon konsòn.
Èske se "fòse ki jan stikti lang _dwe_fonksyone" sa ye ? M pa kwè. Estrikti lang kreyòl la pa admèt pou n ta gen yon lis
enn an, dez an, katr an, vent an ki ta yon prensip jeneral pou fòmil : "chif+X" lè X sa a se tout mo ki kòmanse ak yon vwayèl, sof "è" ak "an".
Si pou nou ta konsidere "varyant fonolojik" enn, in, dez, nev, set... fò nou ta wè règ jeneral sèvo moun ki pale kreyòl yo suiv nan konbinezon "chif+X(mo ki kòmanse ak yon vwayèl)" ki pa aplike sèlman pou de eleman sa yo.Michèl ekri :
"Zafe` ki sa
yon "fo`m fije" ye, se yon zafe` _anpirik_ kote fo`k
nou al chache done ak agiman pou nou deside ki sa
sa ye." Epitou :
"Nan
te`t pa m, yon "fo`m fije" se yon fo`m kote
semantik fo`m la pa chita sou semantik eleman ki
antre nan konpozisyon fo`m la (sonje egzanp "bat
be`t" Hugues Saint-Fort te bay la). E sa a se
pa ka _1 an_, ... _10 an_, ... _1 e`_, ... _10 e`_."
Mwen gen yon ti keksyon pou li :
Lè nou pale de "fòm fije", èske se yon rapò semantik sèlman ki an kòz?Ki sa k rive lè yon eleman pran yon afektasyon (sot nan yon lang al nan yon lòt) ni sou plan fonolojik, ni sou plan mòfolojik, ni menm sou plan sentaksik ? Mwen sitou panse ak "katr(an)", "in(è)", "nev(an)", "set(è)".
Mèsi davans
Kenbe la.
- Etimoloji pa mo`fofonoloji / _fo`m fije_ pa ka se`vi pou aritmetik / etsetera Michel DeGraff 14/4/2001