Etimoloji pa mo`fofonoloji / _fo`m fije_ pa ka se`vi pou aritmetik / etsetera


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: _Fo`m fije_, mo`foloji ak o`tograf... Nikola Andre te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 14 Avril 2001 a 23:15:49:

Nikola mande:

> Si pou nou ta konsidere "varyant fonolojik" enn,
> in, dez, nev, set... fò nou ta wè règ jeneral
> sèvo moun ki pale kreyòl yo suiv nan konbinezon
> "chif+X (mo ki kòmanse ak yon vwayèl)" ki pa
> aplike sèlman pou de eleman sa yo.

Jan mwen te di nan de`nye mesaj mwen an, _tout_ lang
gen ti eksepsyon pa yo. Ti eksepsyon sa yo, souvan
yo soti nan istwa lang lan, men fo`k nou sonje
etimologi pa mo`fofonoloji. Lokite` kreyo`l ki monoleng
e ki pa lengwis pa gen _okenn_ konesans sou kote
eksepsyon sa yo soti. Men li konnen chif 1, 2, 3,
etsetera, gen de varyant ki itilize se`lman devan
yon ti po`syon eleman kankou _e`_ ak _an_. Nou
konnen lokite` natif sa yo konn kalkile laj ak
le`, donk fo`k nou adme`t espresyon ki mezire laj
ak le` pa ta fouti "fo`m fije" si nou defini fo`m
fije ko`m fo`m ki idyosenkratik nan semantik yo.

(Nikola: Tanpri, si ou gen yon definisyon _fo`m
fije_ mwen pa konnen, di m sa li ye. Mwen te
deja bay definisyon pa m lan nan plizye` lo`t
mesaj. Pete`t se yon pwoble`m te`minoloji nou
ka genyen. Donk esplike te`minoloji pa ou.)

Nikola te ekri tou:

> Ki sa k rive lè yon eleman pran yon afektasyon
> (sot nan yon lang al nan yon lòt) ni sou plan
> fonolojik, ni sou plan mòfolojik, ni menm sou
> plan sentaksik ? Mwen sitou panse ak "katr(an)",
> "in(è)", "nev(an)", "set(è)".

Mwen pa konprann agiman sa a menm menm menm.

Kouman pou yon lokite` kreyo`l natif (monoleng)
ta ka "pran yon afektasyon [ki] sot nan yon
lang al nan yon lòt"? Majorite lokite` kreyo`l
pa konn _okenn_ lo`t lang apa kreyo`l.

Mwen sispe`k Nikola ap konfonn etimoloji ak
mo`fofonoloji. Varyant "in" (pou 1), "katr" (pou
4) "diz" (pou 10) se bon jan varyant ki byen chita
nan mo`fofonolji kreyo`l ayisiyen. Varyant sa yo
(ki vin kreye akoz de yon fenome`m sandi ki _restren_),
yo yon ti jan eksepsyone`l, men se varyant yo ye
kanmenm. Tout lang gen ti eksepsyon pa yo. Menm
si eksepsyon sa s a yo soti nan lo`t lang (akoz
fenome`n istorik), yo konn vin byen chita nan
konpetans lengwistik lokite` natif ki pa gen
okenn kontak ak lo`t lang. Eksepsyon sa yo pa
oblije _fo`m fije_.

E jan mwen deja ekri nan de`nye mesaj mwen an,
siste`m laj ak siste`m le` pa ta fouti "fije":
siste`m sa yo baze sou semantik aritmetik chif; se
siste`m ki _oblije_ pwodiktif otreman yo pa ta
_fouti_ fonksyone nan se`vo yon lokite` kreyo`l pou
yo mezire laj oubyen le`. E nou dejan konnen tou
ke 1, 2, 3, ... , se mo endependan yo ye ak pwo`p
semantik envididye`l pa yo, donk varyant yo se mo
endependan yo ye tou.

Men m ap di sa anko`: obse`vasyon sa yo se
obse`vasyon _lengwistik_ yo ye. O`tograf la ka
byen pe`me`t ti varyasyon ki pa _oblije_ baze sou
strikti lang lan (depi nou kenbe prensip "menm son
men le`t" la). Men fo`k nou reyalize ke eksepsyon
sa yo pa baze sou de prensip mo`folojik ki chita
sou strikti lang lan. Le` nou ekri "dizan" sa pa
vle di lokite` kreyo`l la gen yon grenn mo "dizan"
nan te`t li olye de de mo "diz an" kote "diz" se
yon alomo`f "di(s)" ki vin pare`t devan _an_ (oubyen
devan _e`_).

-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________




Repons sou sijè sa: