An repons a: Yon apèl a kanmarad Gifrants: annou delimite chan diskisyon yo! JACK te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 15 Avril 2001 a 13:14:12:
Jack,W di w pa bezwen repons paske w konnen ki sa w fè la.
Mwen li e reli sa Guy Antoine ekri mwen, e mwen li e reli sa mwen ekri Guy Antoine
1) Repons mwen pa gen atak pèsonèl kont Guy Antoine
2) Diskisyon kreyòl la parèt sou kouvèti, men gen entansyon reyèl pou fè kreyòl la yon lang de devlopman pou peyi d Ayiti. Kòm yon Ayisyen, mwen konsène. Menm lè mwen ka va natiralize, si m ap fè li, pa gen pèsonn ki ka anpeche wen fè sa mwen ka renmen fè pou peyi d Ayiti
3)Mwen konsyan de limitasyon entelèktyèl moun tou k ap ekri sou Fowòm lan. Tout moun gen opinyon men opinyon montre tou limitasyon moun tou. Sa k vle panse, mwen se yon ti enbesil, se dwa yo.
4)Sa w ap fè la, lè w reponn mwen jan w reponnen mwen an, e pi mansyone ke w pa bezwen repons nan men wen, montre wen byen sa k ap pale dan lè koulis.
5) Mwen pa genyen oken pwoblèm. W ap pale de "rèspè", fè konmsi itilizayon : c a c a, oubyen "grenn" se yon pwovokasyon tèrib--se nan lèspri ti boujwa sèlman èkspresyon sa yo sonnen "mal elve". Se nou k ap pran pòz nou konprann peyizan. Nou poko konnen peyizan. Li byen elve se vre, men pa nan sipèfisyalite parèy.
6) Lè w pa konprann, mande lèksplikasyon. Pa alèz, anpil moun pa alèz sou Fowòm lan, soti jisteman nan "atitid sipèfisyèl" ki mande pou Ayisyen entelèktyèl la "diskouri" tout tan. Mwen pa kwè gen yon pèp sou latè beni, kote aprann li ak ekri fè tò pase pèp Ayisyen. Se sa ki fè 90% pa konn ni li ak ekri. Minorite sa ki konn li ak ekri sa, gen yon atitid "santi". Si peyizan an gen pou konn li ak ekri, se pou li ekri nan yon lang kote l ap ka pale avèk 3/4 moun sou planèt la, pou anpil nan nou "entelèktyèl aristokrat" sispann tradui pou li.
7) Mwen pa yon nonm ki chèche pwovokasyon, ni renmen pwovokasyon. Ayisyen pa abitye ak nèg tankou wen. "Lavi se wòl" vle di pou nou "Fèmen bèk nou", lè nou pale, "diskouri" men pa di nèg sa nou panse. Se sa ki fè "Politisyen Ayisyen pa janm ka atann yo"-- se pa paske nèg pa nèg konfyans sèlman, nèg pa dwe di nèg sa ki nan fon kè yo. Mo "transparans" lan disparèt nan jounen jodya sou pwent lang anpil moun. Lè yon nèg apwoche Gifrants, w konnen klè sa w ap jwenn nan men wen--nan ka pa nou, mwen twò "veridik", sa manke "desans"--Ayiti ap toujou mele ak vye mantalite nou sa. Mwen pa yon nonm "desan" nan sikonstans sa yo. Se pwoblèm nou, li pa pwoblèm mwen.Epi, Jack, pran san fwa w, lè w ap pale ake wen. Mwen di li, yon moun w vle diskite ak Gifrants, n ap diskite tèt kale, men pa ranse ake wen. W vle ranse ake wen. Pa fè tèt w tò.
- Yon apèl a kanmarad Gifrants: annou delimite chan diskisyon yo! Bouli 17/4/2001
- Yon apèl a kanmarad Gifrants: annou delimite chan diskisyon yo! Sebyen 18/4/2001