Pouki "tolle jeneral" sa?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Gifrants afiche mesaj sa, jou 16 Avril 2001 a 07:56:23:

Zanmi Konpatryòt,

Men kòkennchenn diferans ki genyen antre Gifrants avèk anpil moun sou Fowòm lan.

Depi mwen antre nan CESO Kolèj Notre Dam, mwen pa te janm wè tèt mwen tankou yon solda sèlman, mwen te toujou wè tèt mwen pami moun ki k a pran desizyon pou peyi d Ayiti. Mwen pa janm imajine mwen k a oubyen Prezidan, oubyen Minis nan yon Gouvènman, mwen te toujou wè tèt mwen tankou yon stratejis pou peyi wen.

Yon pozisyon parèy mande pou m byen enbi de tout fòs ki anndan sosyete ke w ap viv la, men li mande tou, pou konnen e enpak, e entansyon, e kontwòl lot fòs ke w peyi ap “deal” tou. E yonn nan pi gwo fòs ke peyi d Ayiti ap “deal” ak li,se lè Zetazini. Jiskaprezan, Ayisyen pa konnen kòman pou yo “deal” ak Ameriken. Mwen pray gen 20 an o Zetazini, mwen k a “deal” ak Ameriken. Li se zanmi, li se lènmi tou, e sa se pa pou Ayiti sèlman, se pou tout fòs ki k a vle kanpe devan nasyon Ameriken.

Men anfèt pi gwo pwoblèm peyi d Ayiti, se nou menm Ayisyen-AYISYEN PWOBLEM PWOP TET LI! Tankou yon Divalye, mwen konnen nou tou. Nou pa konnen wen. Nou pa dijere wen, mwen nou pa konnen wen. Paske si yon nonm te patryòt tout bon, fòk li wè ke Gifrants se yon NONM sa ye!

Ann pale de GASON Ayisyen: Nan ki peyi o mond, e a plis fòs rezon, nan yon peyi ki genyen ENDEPANDANS de pi tout tan sa, pou yon gason genyen omwen 25 an, li pi alèz pou li, malgre li pase lekòl, pou l ap TCHEKE moun adwat agòch, mete tèt li nan pozisyon pou moun rann li favè, pi enkline pou fè tout vye bagay olye pou nèg sa di ke sa pa dwe fèt, M AP GOUMEN POU DIYITE WE! 90% Ayisyen nan vil peyi d Ayiti ACHTAB! Se pa yon pwoblèm sosyal sèlman, se yon pwoblèm politik ke li ye. Aristide pa te gen lajan pou achte moun, men TOUT MOUN te mize sou Aristide pa pou CHANJMAN REYEL peyi d Ayiti, men pou TOU pa YO. Se yon pwoblèm politik. E langaj Aristide te pwouve sa lè li di L AP RETIRE WòCH dlo dous, pou mete li nan solèy. Pawòl sa, se pawòl revolisyonè! Si yon moun ap fè yon Revolisyon, lyin politik w se dwa w, men si w pa gen Revolisyon nan tèt w: CHANJMAN DWE FET PWOGRESIVMAN! KONPWOMI SE LA REG DI JE. Kraze Lame d Ayiti, se kochma peyi d Ayiti, paske w kraze Lame san pa genyen fòs ki te pare pou ranplase lame, òr w ap sèvi ak menm nèg sa yo toujou, oubyen anpil nan yo, se KRETINAJ. Se yon pwoblèm politik li ye.

Mande nèg yo, kote avni peyi d Ayiti? Mande nèg yo kote lyin politik nan peyi d Ayiti diran 20, 25 an? Ki pwojèksyon yo? Lavalas ap pwal sou pouvwa pandan konbyen tan? Si Lavalas sou pouvwa apre 5 an, kòman l ap pray fèt? Si Lavalas la pa sou pouvwa apre 5 an, ki sa k a pray pase nan peyi d Ayiti ankò? Eske peyi d Ayiti k a kontinye pran chòk enstabilite sa yo toujou? Si Lavalas la sou pouvwa apre 5 an, ki diferans genyen ak Divalye ki te vle kenbe pouvwa li pou tout tan? Ki sa Lavalas la vle di pa demokrasi? Kòman fòs yo anndan peyi a ap reyaji vizavi obstinasyon Arisitide ak Lavalas pou pouvwa a? LI PA SEN (SAIN) pou peyi d Ayiti! Ki sa pou ki dwe fèt?

Yo fè pèp Ayisyen repete yo pa vle bouyon rechofe, men Aristide tou jodya se yon bouyon rechofe. Li pa te gen chans li? Men si w gade, kou d eta Aristide la, se yonn nan kou d eta ki pa fèt pou pouvwa kont yon nèg, se yon kou d eta ki fèt kont yon pèp akoz de jan lidè sa kanpe! Pa blye ke ANPIL NEG NAN LAME te sipote Aristide, e se pa de ti jenn ofisye ki mouri apre kou d eta a. Gen yon gwo Jeneral ke yo deplase pou li rankontre ak Aristide pou Mennen li tounen, M’sye refize li di “Pè a gen tèt di twòp”! Se yon pwoblèm politik.

Dapre nou, ki pozisyon Ameriken devan kraze lame? Ki pozisyon Ameriken avèk langaj sa yo pandan ke w pa kanpe sou anyen? Ki pozisyon Ameriken avèk reyenstale “èstipidman” relasyon diplomatic ak Kiba? Li fèt ase mal! Ki reyaksyon fòs ki kanpe dèyè Ameriken ak lòt gouvènman nan peyi d Ayiti? Ki reyaksyon nou menm ki pa konprann sa k ap pase? Ki reyaksyon loupenn ki tounen Chimè pou M’sye yo? E zafè Chimè sa, se yon erè katastwofik Lavalas fè, sonje mwen di nou sa!

Politik fè fas ak reyalite chak jou, lòt reyalite chak jou, men bon politik tout bon an, li fèt ak pwojeksyon, pwojeksyon a lon tèm! Yo di wen Arisitide mize sou 2004, M’sye optimis anpil, e anplis tou 2004 se demen. Mwen pa nan gwoup politik, mwen pa gen anbisyon politik, mwen konsène nan zafè peyi wen, mwen se yon mizisyen, se chwa wen. Mwen innde peyi wen ak chwa wen. Nou pa kontan anpil bagay mwen di, anpil bagay mwen ekri. Mwen pa di mwen konnen pase plis moun, mwen lè yon nonm fè 30 an ap reflechi, ap fè sèvo w travay pou konprann yon sityasyon avèk anpil otokritik, avèk entegrite paske se pa yon bagay w mete enterè w devan pou li, w sipoze jwenn rezilta. Mwen gen 30 an ap manyen gita wen. Mwen antre nan CESO a 14 an, mwen gen 30 an ap panse pou peyi d Ayiti ak pèp Ayisyen avèk yon patriotism sensè ke emosyon pa vwale ni vizyon, ni kouray, ni konviksyon, ni detèminasyon.

Pou vòt enfòmasyon, peyi d Ayiti apati de kòz mwen, pase anvan Madanm wen, anvan pitit wen. Mwen pa te neglije rèsponsabilite wen antan ke ni mari, ni papa. Men mwen te mete li klè tou devan Madanm mwen, si te genyen sityasyon ki prezante pou mwen ale goumen Ayiti, m ap fè li san ezite. De menm tou, lè kou d eta a, nou te genyen yon ti drapo Ameriken nan salon kay nou. Madanm mwen nève li retire li. Mwen remete drapo a—Mwen te di Madanm mwen, mwen gen 2 Ameriken lakay mwen, se pitit mwen yo ye. Yo pa ka defann yo. Si kèlkeswa peyi atake lè Zetazini, san Ameriken pa pwovoke yo, se devwa wen pou pitit wen, pou m goumen pwoteje peyi yo, lè Zetazini.

Tanpri souple, tout sa ki di la, se la verite. Mwen klè paske se Granmoun mwen ye. Pi bèl bagay gen nan lavi, se lè yon nonm gen yon kòz, yon kòz kote se pa tèt li sèlman li wè. “Le plus grand maître est le plus grand serviteur.” Mwen pa gen foli gran mèt, se yon prensip li ye. Mwen te anvi fè Pè. A 12 an, li te klè pou wen ke ipokrizi legliz Katolik pa pou wen. Mwen kanpe lwen. Men konsa tou, si m te antre Pè, mwen pa t ap kèsyone Katolisism an piblik. Janmen d lavi, mwen pa ta janm fè sa! Sa ki fè li ann Ayiti, mwen pa konnen pou lòt kote, fè li pou LIBIDO yo! Pa pou pèp. Zafè pouvwa Aristide la, se zafè chans. Li toujou sou chans, men pou konbyen tan? Mwen ka mande pou wen tou, pou m konbyen tan mwen la? Diferans antre mwen ak Aristide “ I can care less”, mwen pa gen anyen m ap pedi. Nan stad mwen, lè kadav mwen a tè, vi wen fenk kòmanse. Nanm mwen pa pi, men li klè. Mwen rèspèkte tèt mwen pou sa.

Mwen pa trayi san mwen tou. Pèp Ayisyen te dwe yon pèp ki te kenbe bannyè liberasyon pou tout pèp sou planèt la. Nou echwe pa paske moun fè nou echwe. Nou echwe paske nou pè goumen. Yon moun goumen tout jan, sòf nan diskou. Pawòl mwen pa diskou. E se pwoblèm nou sa!




Repons sou sijè sa: