mo etranje ak kreyol...?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: mo etranje ak kreyol...? milou te ekri a,

Serge Bellegarde afiche mesaj sa, jou 17 Avril 2001 a 10:16:43:

Mon chè Milou,
Kesyon ou pale nan dènye mesaj ou a byen enpòtan e se yon bagay ki enterese mwen anpil. Pou koumanse, mwen ta di ke se pa paske nou vle fè lang kreyòl la devlope pou nou fèmen tout pòt sou lòt lang yo. Yon u eleman ki enpòtan nan tout lang, se aspè kilti a. Vle pa vle, nou pap viv poukont nou sou latè, gen kontak kap fèt toutan yon pèp ak lòt, yon kilti ak lòt, yon lang ak lòt, sa ki vle di gen echanj kiltirèl kap fèt epi avèk pratik, gen mò ki vinn pase de yon lang a yon lòt. Se yon bagay nou paka chape. Gen plizyè egzanp nou ka jwenn konsa.

Okypasyon meriken nan peyi Dayiti vinn foure mo angle nan kreyòl nou an, tankou: bokit (bucket), shanyi (shine) pou soulye - mwen pa menm finn sèten òtograf mo sa nan kreyòl -, konbèlann (volè kouran) pou Cumberland, non blan meriken ki tap travay nan kouran nan peyi Dayiti. Nan kontak ak lang panyòl, ou gen de mo tankou: tokay (moun ki gen menm non. Mo panyòl la se: tokayo).
Nan lang angle a, ou gen yon pakèt mo franse tou sitou nan diplomasi, paske lang franse, se te lang diplomasi tout diplomat te fèt pou konnen. Nan lang toulejou tou, wap tande anpil mo franse nan angle-a: par excellence, en passant, étiquette etc. Moun kap etidye pou vinn avoka dwe konnen kouman gen mo franse, laten ki antre nan lang angle-a. Doktè yo konnen kouman gen mo grèk ki nan lang lan. Se yon kesyon ki lang ki tap domine lè lòt lang yo tap devlope. Gen plizyè lòt egzanp konsa, tankou japonè gi gen yon divida lang angle ladan. Lè wap tande panyòl nan peyi Irigwe (Amerik disid) gen plizyè mo franse ladan paske franse te tèlman popilè nan peyi sa. Pòtigè nan peyi Brezil gen anpil mo franse ladan paske franse se yon lang ki popilè anpil nan peyi sa. Kididonk, echanj sa yo, se yon bagay ki nòmal ant diferan lang.
Nan sa ki gen pou wè ak kreyòl nou an, mwen kwè nou pa fèt pou gen yon atitid emosyonèl sou koze, pou nou ta tèlman ap chache bay kreyòl nou an jarèt, pou nou fèmen tèt nou ak lespri sou lòt enfliyans. Se yon bagay kap enposib. Pou mwen, gen de aspè nan koz e sa:
1) Se pou kreyolis yo kontinye rèd chèch ap fè rechèch, ap nòmalize òtograf la, ap vinn avèk de bon jan agiman lengwistik jan Prof. Degraf, N. Andre elatrye tap fè sou fowòm lan ak nan travay yo, pou nou ka gen bon jan referans sou papye pou lang lan. Nou rive lwen anpil anpil nan domèn sa e mwen pa gen dout ke nap rive pi lwen. Se konsa yon lang enpoze tèt li e kreyòl la deja enpoze tèt li nan aspè sa. Se yon bagay syantifik.
2) Dezyèm aspè-a, se nan men nou li ye. Mwen di nou tout kap pale kreyòl, kap li, kap fè mizik, kap ekri woman ak pwezi elatrye. Aspè sa ban mwen anpil pwoblèm. Pa egzanp, lè Milou mande eske nap kenbe mo tankou "call", "girlfriend", mwen di non kareman pou yon rezon byen senp. Mo sa yo egziste deja nan lang kreyòl la, nou pa gen pou nou envante yo. Lè map tande Ayisyen kap di "mwen soti downtown" olye li di "mwen soti lavil" jan li te konn di li lè li tap pale kreyòl sèlman; lè mwen tande Ayisyen ap di "mwen pwal nan grosri estò-a la, ma rele w back, sansa map late to my appointment.." (Maurice Sixto, kote w ye?) Tradiksyon: mwen pwal nan mache, ma rele w lè-m tounen, sansa, map anreta pou randevoum nan. Lè konsa, li pran angle-a li ekri li an kreyòl epi mo ki egziste dejà nan kreyòl, li refize itilize yo. Bagay sa yo ban mwen anpil pwoblèm e sa se mwen rele laparès mantal. Pase yo itilize mo kreyòl yo leve ladan a, yo pito foure angle-a. Li pi senp, li fè moun wè yo konn pale angle tou (menm si yo gen 6 mwa nan peyi-a). Pou mwen, se pi gwo danje pou devlopman kreyòl la.
Kididonk, se nan sans sa mwen di balon-an se nan pye nou li ye. Lengwis yo deja fè yon gwo travay nan ekri gramè, règ, diksyonè elatrye. Koulye a, se nou ki pou fè jefò sèvi avèk yo. Si gen yon bagay mwen toujou fè atansyon, mwen chache pa melanje lang yo e sa mande yon jefò pèsonèl chak moun. Se pou rezon sa ki fè mwen te mande mizisyen yo pou fè jéfò pou lè yap ekri kreyòl sou po plak yo, degaje yo fè moun ki konnen ekri pou yo, paske plak sa rive toupatou e se pa kreyòl sa ou vle voye monte. Pa gen a npil ki fè sa. Gen de lè sa grav tout bon. Se byen malere ke mizisyen yo espesyalman pa ko vle konprann konbyen wòl yo enpòtan nan voye lang kreyòl la monte.
Youn nan domèn kote vle pa vle, nap gen anpil enfliyans lòt lang, se nan sa Milou pale a: tèm syantifik yo. Gen anpil travay ki fèt deja, tankou Diksyonè angle-kreyòl sou la syans ke F. Vilsaint ak M. Heurtelou te fè soti gen 4 lane
deja. Se pa ti travay.
Kididonk, pwoblèm Milou soulve a anpil sans, e apre gwo rale sa mwen sot fè a, mwen ta renmen wè ki kalite lòt reyaksyon moun ta ka genyen.

Serge Bellegarde


Repons sou sijè sa: