An repons a: Enfliyans lang etranje ak Domèn teknik/syantifik sou Kreyòl la Serge Bellegarde te ekri a,
Pierre Michel Chéry afiche mesaj sa, jou 19 Avril 2001 a 17:13:10:
Mwen dakò ak tou sa ou di yo. men gen yon gwo travay pou save yo fè, lè se an kreyòl yo vle kominike. Fòk yo reflechi dirèkteman an kreyòl, chapant kreyòl la pa menm ak chapant yon lòt lang tankou franse, angle. Si mo yo pa byen chita nan plas yo, kominikasyon an difisil, moun pa konprann, olye sa itil kreyòl la, li dekouraje moun tande kisa save a osnon espè a ap di.