M ap tann esplikasyon Placide sou "sentaks" pa li a


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Fòm “ An / ann Ayiti ” a, se erè nan sentaks kreyòl. Jan Wobè Plasid te ekri a,

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 20 Avril 2001 a 13:51:52:

M ap di Jean-Robert Placide me`si pou remak li yo.

Men mwen sispe`k Placide pa te li tout detay
lengwis sou Fowo`m Kreyo`l te deja bay sou SENTAKS
ak sou mo`fo-fonoloji prepozisyon _an/ann_. Selon
agiman mwen-menm ak Nikola Andre ak Alen Deni te
deja bay yo, agiman Placide yo pa kenbe ditou.

Kite m bay Placide adre`s kote li ka al li yon
voum ak yon pake`t agiman pou li ka rafrechi memwa
li sou mo`fo-sentaks ak mo`fo-fonoloji prepozisyon
_an/_ann_:

/bbs/messages/1278.html
/bbs/messages/1279.html
/bbs/messages/1294.html
/bbs/messages/1296.html
/bbs/messages/1323.html
/bbs/messages/1330.html
/bbs/messages/1363.html
/bbs/messages/1378.html
/bbs/messages/1405.html
/bbs/messages/1424.html
/bbs/messages/1453.html
/bbs/messages/1471.html
/bbs/messages/1482.html
/bbs/messages/1492.html
/bbs/messages/1501.html
/bbs/messages/1508.html

Mwen pa bezwen repete tout agiman sa yo, men mwen
ka di ke agiman Placide baze sou yon seri ere`
grav.

An patan, _ann Ayiti_ ak _late`_ pa menm inite
sentaksik:

_ann Ayiti_ (ansanm ak _an Dominikani_, _ann
Angle_, an Kreyo`l_, etsetera) se 2 inite leksikal
yo genyen ladan yo: yon prepozisyon (_an(n)_) ak
yon non komen (Ayiti, Dominikani, Angle, Kreyo`l,
etsetera).

_late`_ se yon grenn inite leksikal li ye: yon non
komen.

Diferans sa a, se yon diferans fondamantal.
Agiman Placide la pa konsidere diferans sa a
ditou. E poutan, se yon diferans ki chita nan
nannan leksik ak mo`fo-sentaks kreyo`l.

Apre sa, gen anpil lo`t bagay Plasid ekri sou
"sentaks" nan de`nye mesaj li a mwen pa konp rann
ditou malgre mwen se lengwis ki travay sou
sentaks.

M ap se`lman chita sou 2 pawo`l Placide te ekri ke
mwen ta renmen li klariye pou nou:

> Miche`l Degraf se`vi ak youn fo`mil `Prepozisyon
> + Non ', (se`tadi, konpleman ak prepozisyon yo),
> pou li fo`malize pawo`l tankou `ann Ayiti ; ann
> atandan ; peyi d Ayiti'. Msye apiye li sou Dejan
> (1980) epi li devlope lo`t agiman swa
> mo`folojik, swa fonetik pou li fe` aksepte youn
> mo`d o`tograf pou mo sa yo. Men, tankou Dejan,
> li bliye sentaks la.

Mwen pa konprann pawo`l "[DeGraff] bliye sentaks
la". Analiz mwen te bay la te montre ke
prepozisyon _an(n)_ plis yon non (_Ayiti_,
_angle_, etsetera) fo`me yon gwoup nominal. Gwoup
nominal sa a suiv chema [Prepozisyon+Non] . Nan
lengwistik k ap gide reche`ch mwen, mwen te toujou
konprann "gwoup nominal" kankou [Prepozisyon+Non]
se yon nosyon ki chita nan teyori SENTAKS.

Men se posib Placide konn yon lo`t teyori
lengwistik mwen pa konnen. Nan teyori lengwistik
Plasid la, ki kalite nosyon "gwoup nominal" ye?
Si se pa sentaks, e`ske se mo`foloji? E`ske se
fonetik?

Epi analiz sentaksik mwen te bay sou Fowo`m
Ayisyen an (ansanm ak lo`t agiman sentaksik mwen
yo) pa te baze sou Dejean (1980) menm si mwen te
dako` ak obse`vasyon Dejean te deja fe` sou
_an(n)_. Si mwen nan ere` se ka paske Placide gen
yon ve`syon liv Dejean an ke mwen poko we`. Mwen
ta renmen pou Plasid di nou ki edisyon liv Dejean
an li genyen epi nan ki paj li te we` agiman mwen
yo nan liv Dejean an.

> Rezilta : Nan sentaks kreyo`l , an/ann pa janm
> se`vi ko`m prepozisyon lokatif pou derape youn
> konpleman lokatif.

Si nan sentaks kreyo`l Placide la, _an/ann_ pa
janm se`vi ko`m prepozisyon, mwen ta renmen pou
Plasid bann nou yon analiz _sentaksik_ ki kle` e
ki sistematik pou 5 fraz sa yo.

1. Ann Ayiti, tout moun pale kreyo`l.
2. An Dominikani, tout moun pale panyo`l.
3. Liv sa ekri ann angle
4. Le`t sa ekri an franse
5. Fo`k yo ekri dokiman sa yo an kreyo`l

Donk mwen ta renmen we` ki jan Placide ko`m
lengwis-sentaktisyen ta trase dyagram sentaksik
pou fraz sa yo.

Me`si davans,

-michel.

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________



Repons sou sijè sa: