Gwo zafè AN-N-AYITI a sou Fowòm Ayisyen


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 21 Avril 2001 a 09:46:21:

Mwen te kontan wè Jean-Robert Placide kontinye diskisyon an tou sou fowòm lan, paske depi premye fraz li te ekri nan mesaj li a, li te fè referans a Fowòm Ayisyen an, lò li mansyone "fowòm windowsonhaiti". Mwen te li agiman Placide yo sou lis e-mail REKA (rekayisyen@hotmail.com), e mwen te envite li pase mesaj la sou Fowòm Ayisyen an tou. Mwen remèsye Jean-Robert Placide anpil deske li te aksepte envitasyon mwen an.

Mwen toujou panse fò k yon moun pa janm sezi lòt pa fè yon liy agimantasyon, lò moun sa menm ki te anmezi pou li fè sa te neglije fè sa limenm. Mwen kwè li pi bon lò nou genyen yon abilite pou nou pote kontribisyon pa nou nan konbit la, pou nou fè sa san rete gade si lòt ap fè sa pou nou.

Mwen pa t kouri remèsye Jean-Robert ak Michel TOUTSUIT, paske mwen te santi de msye sa yo gen plis nan djakout yo toujou sou kesyon sa a, e mwen te vle yo degaje bagay sa yo tou natirèlman. Mwen remake Michel pa dakò ditou avèk agiman Jean-Robert yo, e poutan Michel eksprime li yon fason ki fèm men avèk anpil respè tou. Se yon bèl ekzanp Michel bay la, paske li reyalize ke se nan analize divèjans yon jou n a rive nan konvèjans (mwen p ap pale de konvèjans politik lakay nou non). Kilès ki gen rezon? Kilès ki gen tò? Tou le de nèg sa yo pa kapab gen rezon an menm tan: opwendevi sentaks oswa ekriti lang lan, mwen panse ke gen yon sistèm ki pi bon pase yon lòt. Eske fò k nou ta ekri "Annayiti" oswa "Ann Ayiti"? Eske fò k nou ta ekri "peyi Dayiti" oswa "peyi d Ayiti"? Ou selon prensip Vedrine lan, eske fò k nou ta ekri "An Ayiti" ak "peyi Ayiti"?

Avèk tout respè ke mwen gen pou Vedrine antan k Ayisyen k ap goumen tèt kale pou avansman lang Kreyòl la, deba ki te fèt sou "Windows on Haiti" a te montre klèman ke deklarasyon Vedrine yo pa te respekte yon prensip fondamantal nan ekriti lang Kreyòl la jan Biwo Nasyonal Alfabetizasyon te entèprete Òtograf Ofisyèl Lang Kreyòl la (Selon lwa 28 septanm 1979 epi piblikasyon Òtograf Ofisyèl ki parèt 31 janvye 1980 sou siyati Sekretè Deta Edikasyon Nasyonal Bèna.) Men ki prensip B.N.A. te ekri sou bagay sa:

~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon

Chak moun ap montre yon lòt moun ekri kreyòl, ak twa ti prensip:

1. Chak lèt ret nan wòl yo

2. Tout son toujou ekri menm jan

3. Nanpwen lèt ki bèbè, ki pa pale, ki pa remèt son pou yo remèt la

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )

~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~ ~

Mwen wè ke Vedrine toujou kontinye ekri "An Ayiti" epi "peyi Ayiti". Mwen pa konnen si se pa ògèy msye kontinye fè sa, tankou si li pa kapab admèt ke li menm posib pou li ta nan erè. Men bagay sa, se bagay ki regade Emmanuel Vedrine. Msye se yon otè ki pwolifik, li ekri anpil zèv deja, e li te gen amabilite voye anpil nan zèv li te ekri yo ban mwen kòm kado e sitou kòm yon jès siyifikatif pou li montre gwo apresyasyon li pou travay ke mwen t ap fè la nan Windows on Haiti. Kididonk, se pa ak Vedrine pèsonèlman ke mwen ann afè, menm si msye ta chwazi entèprete l konsa yon jou.

Mwen toujou panse ke depi yon nomm ekri yon bagay fò k li konsekan avèk tèt li. Si Vedrine toujou kontinye ekri "An Ayiti" ak "peyi Ayiti" epi li konnen klèman ke se pa konsa Ayisyen pwononse ekspresyon sa yo, SA VLE DI KLÈMAN KE MSYE REJTE PRENSIP Biwo Nasyonal Alfabetizasyon an te kouche jou 18 Me 1991 la. Sa se konsekans fason Vedrine ekri kreyòl la. Se pa mwenmenm ki te ka menm panse pou mwen ta oblije li fè otreman. Sèl bagay mwen panse se malere li chwazi chemen sa, paske nan opinyon pa mwen, sa vin entwodui plis divèjans toujou, olye pou nou fè pwogrè pou nou fini pa devlope yon EKRITI lang Kreyòl la ki KONSISTAN tout bon.

Okontrè, jodi a, lò nou wè jan Valdman ekri Kreyòl la, lò nou wè jan Woje Saven ekri Kreyòl la, lò nou wè jan Iv Dejan ekri Kreyòl la, lò nou wè jan manm Sosyete Koukouy yo ekri Kreyòl la, lò nou wè jan Vedrine ekri Kreyòl la, lò nou wè jan anpil lòt swadizan gwo Kreyolis ekri Kreyòl la tou, li fasil pou yon moun gen enpresyon ke "CHAK KOUKOUY KLERE POU JE YO" -- VOUM pou konsistans!, VOUM pou yon estandadizasyon EKRITI Kreyòl la!, VOUM pou koze alfabetizasyon an!, VOUM pou pèp Ayisyen an!, depi se sistèm PA NOU an yo mete alevidans, depi SE NOU ki resevwa AKOLAD AK GWO FON LAJAN zotobre yo, depi se TÈT NOU ki pase AN PREMYE sou tèt lòt gason. Se lendividyalite k ap prime, VOUM POU LAKOLÈKTIVITE!

Li ta FASIL ANPIL pou yon moun ta rive nan konklizyon sa pa rapò a ekspè Kreyolis yo, ke se Ayisyen yo ye, ke se Etranje yo ye. MEN MWEN, MWEN REFIZE FÈ SA!!! Mwen pa vle kwè ke gran patriyòt Ayisyen tankou Iv Dejan, tankou Michel DeGraf, tankou Woje Saven, tankou Emmanuel Vedrine, tankou manm Sosyete Koukouy yo, ta kapab angaje nan yon chire pit ki pa gen fen, pou rezon ke se sistèm pa yo a sèlman yo gen nan vizyon pa yo ak nan objektif pa yo. Mwen kwè e mwen konte sou Konsyans Nasyonal gran nèg sa yo, pou yo etidye divèjans yo, epi pou yo rive fè konpwomi tou, san FO ÒGÈY, MACHWA GONFLE, BA T LESTOMAK DI SE MWENMENM KI MÈT EKRITI KREYÒL LA. Mwenmenm, tout moun ki gen atitid sa, mwen di: VOUM POU YO!

Mwen lanse apèl ba TOUT MOUN KI GEN BÒN FWA vin pataje konesans yo avèk nou sou fowòm lan, AVÈK LOJIK TOU, se pa annik vin di nou: "Men sistèm pa m, alevouzan!"

Kounyè a, mwen VLE remèsye Jean-Robert Placide pou kontribisyon li pote nan deba a, e mwen gen yon remèsiman toutafè espesyal pou Michel DeGraff paske kòm youn nan pi gwo akademisyen ke Ayiti janm pwodwi nan zafè lengwistik la, Michel pa pran vye atitid PEDAN ENTELEKTYÈL...ENTELEKTYÈL KOMOKYÈL, epi se detanzantan li pote konkou li ban nou sou Fowòm lan. Mwen remake Michel se yon moun ki konbatif, li toujou eksprime tèt li avèk anpil chalè lò li wè yon bagay li pa dakò ak li. Men se sou lojik li rete. Se pa sou fo ògèy. Kidonk, menm si Michel konbatif, mwen bat yon gwo bravo lakontantman pou msye, paske ofi e amezi msye ap lage yon dividal prensip lengwistik lakay nou ki fè nou reflechi anpil sou zafè lang lan. Mwen envite Michel pa janm lage nou nan konbit sa a. Menm si se pa sa k ap ede li twouve "tenure" li nan M.I.T., men mwen kwè ak tout fòs mwen, msye ap rive gen "tenure" li kanmenm, epi an menm tan l ap rann kominote Ayisyen an ki enterese nan avansman lang nasyonal nou an YON GWO SÈVIS.

Pou tout nèg ki enterese patisipe nan deba sa avèk yon atitid jenerozite anvè konpatriyòt yo, mwen di AYIBOBO!

Jodi a, se TWAZYÈM ANIVÈSÈ WINDOWS ON HAITI. Se pi gwo plezi pou mwen pou mwen kontinye ofri nou yon mwayen pou deba sa yo kapab kontinye fèt pou tout moun ki enterese wè yo, ke moun sa yo sou lis REKA, ke yo pa sou lis REKA, epi pou pase nan "Achiv Fowòm Ayisyen" an tou, pou gason ka repase agiman sa yo demen. Sa fè 3 an, m ap travay CHAK JOU Bondye mete pou dyalòg nasyonal sa kapab reyalize nan tout nivo (se pa nivo lang lan sèlman). Souple vin jwenn konbit sa sou Fowòm Ayisyen an avèk Respè, avèk Onè, epi avèk yon santiman Solidarite tou.

Mèsi,
Guy S. Antoine
-->