Dahoud Andre afiche mesaj sa, jou 28 Novanm 1999 a 23:25:40:
Fanmi WOH/Fowòm REKA yo, kouman nou ye?Jodi a nan lokal St Francis nan Brooklyn, NY, soti 4 è pou rive 7 è pm, Konbit Vijilans te fè yon ti chita koze sou 4 levènman nan listwa Pèp Ayisyen ki te pase nan dat 28 ak 29 Novanm:
29 Novanm 1803-Dat yon premye Deklarasyon Lendepandans te pwoklame nan Fò Dofen ak siyati Desalin, Kristòf, Klèvo.
28 Novanm 1980-Gouvènman Jean-Claude Duvalier lage Tonton Makout tankou chen anraje pou masakre Pèp Ayisyen ki t ap mande pou dwa li respekte. Jounalis Ayisyen ki t ap sipòte Pèp la viv yon represyon san parèy nan jounen sa a epi Gouvènman san manman an te rive ekzile yon bann nan yo.
28 Novanm 1985-Nan mitan leve kanpe Pèp Ayisyen pou voye Jean-Claude Duvalier ale, militè makout touye 3 elèv nan Gonayiv: Jean-Robert Cius, Daniel Israel, ak Makenson Michel.
29 Novanm 1987-Nan premye eleksyon lib ki te dwe fèt nan peyi a apre Duvalier ale, militè ak Makout anba lòd Henri Nanmphy masakre plizyè santèn moun ki t apral vote nan jou Dimanch sila a.Sou dat 29 Novanm 1803 a, te gen bon kou diskisyon epi m te panse zanmi yo nan lakou WOH la ta renmen bay dizon yo ladan l paske sa konsène batistè Ayiti. Nou te distribiye pwoklamasyon Fò Dofen an, li l ansanm epi louvri yon deba sou si moun yo panse l se yon dokiman malatchonn oswa si yo panse zansèt nou yo te siyen l tout bon. M sispèk nan lakou WOH la gen dwa gen zotobre ki li nan pi gwo liv pase Ayisyen ki ta chita nan St. Francis la aswè a, m ta renmen jwenn kèk reyaksyon gran chimen an pou separe ak Fanmi nan NY yo sou dosye sa a nan pwochen aktivite nou. Li nan lang franse nan liv Madiou a men se noumenm ki tradui l nan lang kreyòl pou tout Ayisyen ka dijere l kòm sa dwa. Si kònòsò yo pa ta dakò nèt ak tradiksyon an, n ap ankouraje yo tradui l yo menm epi pibliye l nan lakou sa a epi nou va gaye l nan pwochen rankont nou. Me li jan n te separe l ak fanmi yo:
“Nou jwenn dokiman sila a na liv “Histoire d’Haiti” Tome 3 (1804-1807), ke Thomas Madiou ekri. Liv sa a te premye pibliye nan lane 1847.
Sa Thomas Madiou di sou pwoklamasyon an:
Pwoklamasyon sila a ke nou jwenn nan liv plizyè ekriven etranje ki ekri sou Ayiti pa kanpe sou anyen. Yo di nou li te fèt 29 Novanm 1803 nan Fò Dofen pandan ke jou sa a nou konnen Desalin te Okap. Nou pa jwenn okenn tras pwoklamasyon sa a okenn kote nan peyi a, ni ekri alamen ni enprime:
Pwoklamasyon an:
Jodi a, nou pwoklame endepandans Sen Domeng. Nou rejwenn diyite nou, nou repran tout dwa nou epi nou sèmante pou okenn fòs sou latè pa janmen pran bagay sa yo nan men nou ankò. Pou tout tan, nou efase mechanste ki rele prejije a epi n lanse yon pinga bay nenpòt moun ki ta gen malè retounen ak bagay sila nan figi nou.
N ap di tout moun ki gen tè nan Sen Domeng ki jodi a ap drive nan peyi etranje ke malgre n ap pwoklame endepandans nou, nou pa p anpeche yo vin jwi byen yo; move lide konsa pa pase bò tèt nou. Nou konnen gen anpil nan nou ki renonse tout malfezans nou te konn fè nèg nwè, nou vag sou tout foli grandèt epi nou aksepte ke batay sa a k ap fè san koule nan Sen Domeng depi 12 lannen se yon batay ki jis. Tout moun ki renmen nou, n ap boule ak yo tankou frè; yo te mèt retounen viv nan mitan nou san kè kase. Bondye n sèvi a epi k ap voye je sou nou an ekzije n ke n ouvè 2 bra n ba yo. Men fout, pou tout gwo kòlèt ki konprann ke se yon afè yo ye epi ki konprann ke se Granmèt la menm ki te ba yo pouvwa fè nèg tounen esklav, n ap tou di yo gade Sen Domeng epi koupe l kout je; depi yo pwoche seswa n mete yo anba kòd oubyen n anbake yo. Yo te mèt rete kote yo ye a ap manje mizè epi pou tout moun ki respekte moun koupe yo kout je. Nou sèmante pou n kraze nenpòt moun ki ta pèmèt li menm pale nou de lesklavaj. Nenpòt militè ki ta konprann l ap pote lanmò ak chenn lesklavaj nan peyi nou, sa l pran se pa l. Pa gen okenn pri nou pa pare pou n peye pou defann libète n. Menm si yon moun ta fè rigòl san koule, oswa ta limen dife nan 4 pwen kadino depi se pou defann libète ou, Bondye gen pou l padone ou kanmenm paske l pa t fè pyès moun pou rete ak moun.
Nou regrèt sa anpil si nan mitan leve kanpe ki te fèt pou n jwenn libète n nan gen kèk blan inosan, ki pa t chocho nan fè mechanste ki pèdi lavi yo epi nou vle fè lemonn antye konnen si nou te ka anpeche bagay sa nou t ap fè l. Devan kalite mechanste ki te gen nan Sen Domeng, li enposib pou n ta anpeche moun tire revanj. Nenpòt moun ki gen ti konesans nan listwa konnen ke nenpòt pèp, menm sa k pi byenelve yo dechennen lè genyen boulvès nan sosyete a epi chèf yo menm pa fouti pini tout koupab yo si tout sosyete a pa ba yo lebra. Men jodi a, pandan ke nou kè poze epi n ap gade yon avni san tèt chaje apre lagè brital nou sot viv la, Sen Domeng ta dwe pran yon lòt vizaj epi gouvènman li ta dwe chita sou lajistis.
Deklarasyon ki fèt nan Fò Dofen, 29 Novanm 1803,
ak siyati: Desalin, Kristòf, Klèvo.“