Ki zòn ki pral suiv Miami?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Osijè: Osijè: David Méralus te ekri jou 01 Desanm 1999 a 23:10:36,

Nekita afiche mesaj sa, jou 06 Desanm 1999 a 13:37:41:

Chapo ba poun Miami yo! Eske se New York, Boston, Chicago?
Lan Cambridge, Massachusetts, gen on mouvman pou imigran ki gen "green card" ka vote pou "school committee". Men sa nou remake ayisyen yo pa vini lan reyinyon yo.
Se etranje ki alatèt mouvman yo. Y ap travay tou pou imigran ka vote pou "city council". Lan Cambrige, Massachusetts se manm City Council yo ki eli majistra a.
Se on gwo pwoblem li ye bò isit ayisyen pa patisipe lan anyen. On grenn oubyen de moun ki toujou lan reyinyon yo pa gen ase sipò. Lan lot kominote yo sektè relijye yo sipòte mouvman an. Men lan kominote ayisyen moun lan legliz yo pa okipe yo de anyen kap pase lan vil la.
Eske lot zonn Ozetazini rankontre fenomenn sa a tou. Si ayisyen yo pa vote,yo pa al lan reyinyon kominotè, lan reyinyon minisipal, kòman na p ka mande pou bilten yo an Kreyol?
M ta swete sijè sa a ka diskite lan e-mail REKA paske m kwè moun voye mesaj la ke yo pa ka fè 2 zan ap pale de reyinyon ki gen pou fèt lan 2000.
Patisipasyon ayisyen lan zafè minisipal, kominotè, politik Ozetazini se on sijè ki merite adrese.
Kenbe la
Nekita




Repons sou sijè sa: