Aktivite Komite Jistis pou Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken nan Dominikani ap kontinye!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Dahoud Andre afiche mesaj sa, jou 07 Desanm 1999 a 08:00:37:

Komite Jistis pou Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken nan Dominikani

Nòt pou laprès - Kontak: Ernest Banatte
7 Desanm 1999 (718) 284-0889


Mobilizasyon pou Ayisyen nan Sen Domeng Jwenn Jistis

Brooklyn, Madi 7 Desanm 1999. Sou inisyativ Komite Jistis pou Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken nan Dominikani, yon senkantèn Ayisyen te rankontre Dimanch 5 Desanm, sou kanpis Kolèj Medgar Evers nan Brooklyn, pou debat sitiyasyon kritik travayè Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken gouvènman Leonel Fernandez la ap depòte nan move kondisyon. Patisipan yo te manifeste detèminasyon yo pou kole zepòl ak Komite a, e yo te kolekte 400 dola pou delege yon manm Komite a nan yon gwoup kontak ki pral fè yon vizit ankèt semèn pwochèn nan Dominikani.

Patisipan yo, ansanm ak Komite a, renouvle apèl pou yon rasanbleman, lendi 10 Desanm, Jounen Entènasyonal Dwa Moun, a 4:00 p.m., devan katye jeneral Nasyon-Zini nan New York.

Patisipan nan reyinyon Medgar Evers yo kritike endiferans ak mank karaktè gouvènman Preval la nan dènye kriz sa a. Yo rekonèt pwoblèm travayè Ayisyen nan Dominikani se yon pwoblèm ki la depi lontan. Men, ansanm ak anpil lòt Ayisyen nan New York, yo konplenn dèske gouvènman Preval la pa fè ase pou leve figi peyi a, ni nan sikonstans jodi a, ni a lon tèm. Yo lanse yon apèl pou òganizasyon popilè konsekan ann Ayiti ak nan Dominikani mete ansanm ak yo, pou drese yon kaye revandikasyon sou ki jan gouvènman Preval la, ak pwochen gouvènman 2001 an, dwe mennen bak nasyon an, pou rezoud sitiyasyon malouk sa a yon fwa pou tout.

Patisipan yo reklame pou gouvènman Ayisyen an mete sou pye yon sant akèy kòmilfo nan zòn fwontyè a, pou resanse moun ki depòte yo, e pou ba yo bon jan asistans. Dòt patisipan ankou-raje yon kanpay èd materyèl nan dyaspora a, pou edikasyon ak byennèt ti moun ki depòte yo.

Komite Jistis pou Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken nan Dominikani te fòme nan dezyèm semèn Novanm 1999, pou mobilize lopinyon piblik kont nouvo vag depòtasyon gouvènman Fernandez la te dekretre nan komansman mwa Novanm la. Nouvo vag depòtasyon sa a charye yon dividal ti moun san paran yo, manman ak papa san pitit yo, moun ki genyen papye legal, moun ki te fèt e ki viv tout vi yo sou teritwa Dominikani, epi al jete yo 2 men vid sou lòt bò fwontyè a.

Nan dat 20 Novanm, devan Konsila Dominiken an nan New York, Komite Jistis la te òganize yon manifestasyon pou rele anmwe kont politik imigrasyon rasis gouvènman Dominiken an. Nan menm jou sa a, pati Joaquin Balaguer a, ansanm ak plizyè lòt fòmasyon ekstrèm-dwat, te òganize yon manifestasyon anti-Ayisyen nan Sen Domeng.

Komite Jistis pou Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken nan Dominikani se yon koalisyon plizyè òganizasyon Ayisyen ak Dominiken nan New York. Platfòm Komite a mande pou: 1) amnisti pou tout travayè Ayisyen nan Dominikani; 2) sitwayènte pou ti moun ki leve nan Dominikani; 3) jistis ak reparasyon pou rapatriye yo.

Pou plis enfòmasyon, rele (718) 284-0889




Repons sou sijè sa: