98% analfabèt ann Ayiti!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Pwofèt jozèf afiche mesaj sa, jou 03 Janvye 2000 a 08:16:23:

Prezantasyon kontèks Diksyonè sinonim lang kreyòl ayisyen-an

Diksyonè sinonim lang kreyòl ayisyen Pwofèt Jozèf la se premye travay ki rive fèt nan domèn sa a sou lang kreyòl la. Se youn fason ki pèmèt nou montre san manti kijan trip tout Ayisyen makònen ak lang manman yo. Kreyòl la se pi gwo zouti inite pèp nou an genyen. Majorite Ayisyen ta renmen wè lang sa a jwenn respè l merite pou l ka vanse nan zafè kominikasyon oral ak ekri nan tout enstitisyon ki viwonnen lavi ann Ayiti.

Depi plis pase kat syèk, Ayisyen ap viv nan lang kreyòl la. Se ladan n yo ka konprann, aprann, reflechi, panse e fè konnen sa k ap pase nan zantray ak lòlòj yo. Si youn mounn ta retire lang kreyòl la ann Ayiti, l ap rann 90% Ayisyen bèbè. Tout bagay sa yo fè konprann pi plis kreyòl la se sèl lang Ayisyen ka itilize pou akouche nannan panse l.

Lang se yon gwo eleman devlopman pou mounn ki pale l ak kominote ki itilize l. Si tout mounn mete ansanm pou ekri kreyòl, lang sa a ap vin gen plis enpòtans paske l ap pèmèt simaye e boukante lide ak konesans sou tout syans ak dekouvèt k ap fèt lakay ak nan kominote entènasyonal. Atravè kreyòl la ki youn gwo senbòl inite ak idantite kiltirèl, pèp ayisyen ta ka rive blayi orijinalite l devan lòt pèp sou latè.

Kèk patriyòt nan listwa peyi nou an te kòmanse wè kreyòl la fèt pou l pran plas li merite ann Ayiti, piske li se sèl ekspresyon idantite nasyonal pèp nou an. Pou patriyòt sa yo, youn pèp ki pa valorize , anseye ak pwomouvwa lang ak kilti li bay jenès k ap boujonnen, se youn pèp k ap fouye twou antere sa l ye pou l vin tounen makak zòt pou letènite.

Lang nan se youn gwo poto mitan nan fè konnen rasin kilti chak pèp. Okenn nasyon pa fèt pou jete lang ni pou ranmase pa zòt sou pretèks opòtinite bidòl ak kèk prestij ki ta genyen nan lang pa zòt. Ou ka aprann lang zòt san jete lang manman w.

Lasyans di youn moun ki rive maton nan li ak ekri lang manman n gen pi plis chans pou l aprann san traka youn dividal lòt lang. Save yo kwè lang premye youn mounn se youn kokennchenn enstriman referans pou aprann gramè ak kòd ki chapante kòtòf lestomak nenpòt lang etranje.

Anpil gwo bouskadò, fouyapòt ak lòt save nan zafè syans langay ak alfabetizasyon fè kwè ke lè yo di youn mounn li analfabèt, yo vle pale sou enkapasite sitwayen sila a nan zafè ekri ak lekti nan lang manman n, si lang manman sitwayen sa a gen mwayen pou yo ekri l, anseye l nan enstitisyon eskolè. Kidonk, nou kapab di tout estatistik sou kelte ak kantite mounn ki konn li ak ekri lang franse ann Ayiti pa kanpe sou anyen. Lang franse pa lang manman Ayisyen. Sou koze ekri ak li franse, nou dwe di anvan 1980, sètadi lè yo pa te ko pibliye òtograf ofisyèl kreyòl la, pa te gen Ayisyen analfabèt. Lang kreyòl la pa te ko gen òtograf ofisyèl pou l te ka vin lang ekri ak anseye nan lekòl. Se apati 1980, youn mounn kapab di Ayisyen ki pa konn li ak ekri kreyòl vin ofisyèlman analfabèt pou Ayiti.

Si yo ta fè youn estatik kounye a, y ap gen pou jwenn youn lavalas mounn ki pa konn li ak ekri. Petèt 98%. Pa kouri mete 2 men nan tèt mezanmi. Li poko gravman grav. Kreyòl la pa te youn lang ekri ofisyèlman anvan 1980. Kounye a fò nou touse manch chemiz ak pye kanson nou pou ansèyman kreyòl blayi sou tout peyi a e nan tout lekòl pou n sòti nan 98% je pete poun rive nan 80% alfabetize nan 10 zan. Avèk kreyòl kòm sèl lang pou fòme timoun ak gran mounn nan tout lekòl, nou ka rele chalbare dèyè lanalfabetis ak enjistis k ap toupizi majorite frè ak sè nou yo.
Diksyonè sinonim lang kreyòl ayisyen Pwofèt Jozèf la se youn ti lòsyè nan gwo konbit ki pou fèt pou rive bay kreyòl la manm ak jarèt pou l kanpe kinalaganach sou tout podyòm.


Pwofèt Jozèt



Repons sou sijè sa: